Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 65


Seksyon 65

Revelasyon sou lapriyè Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 30 Oktòb 1831.

1–2, Bondye bay lòm sou tè a kle wayòm li a, epi kòz levanjil la pral triyonfe; 3–6, Wayòm milenyòm syèl la pral vini pou l mete ansanm avèk wayòm Bondye a sou tè a.

1 Koute, epi gade, yon vwa tankou vwa yon moun yo te voye desann soti anlè a, ki pisan epi ki gen pouvwa, ki prale nan tout kwen tè a, wi, epi vwa l pral di lèzòm—aPrepare chemen Senyè a a, plati chemen li a.

2 Bondye bay lòm sou tè a akle bwayòm li a, epi se la levanjil la pral dewoule pou ale nan tout kwen tè a, tankou cwòch ki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa pouse l woule desann, jistan l dranpli tout tè a.

3 Wi, yon vwa k ap rele—Prepare chemen Senyè a, prepare asoupe Ti Mouton an, fè preparasyon pou bLemarye a.

4 Priye Senyè a, rele non sen li a, fè konnen bèl travay li yo pami pèp la.

5 Rele Senyè a, pou wayòm li a kapab ale sou tè a, pou abitan yo ki sou tè a kapab resevwa l, epi pou yo pare pou jou ki pral vini yo, lè aPitit Gason Lòm nan pral desann soti nan syèl la, babiye nan klète claglwa li a, pou l rankontre dwayòm Bondye a ki etabli sou tè a.

6 Se poutèt sa, se pou awayòm Bondye a mache, pou bwayòm syèl la kapab vini, pou noumenm, Bondye, kapab glorifye nan syèl la menm jan avèk sou tè a, pou ènmi nou yo kapab soumèt; paske se pou cou onè a, pouvwa a ak laglwa a ye pou tout tan. Amèn.