Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 68


Seksyon 68

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 1 Novanm 1831, kòm repons pou siplikasyon pou Senyè a te fè konnen panse l konsènan Orson Hyde, Luke S. Johnson, Lyman E. Johnson, ak William E. McLellin. Malgre yon pati nan revelasyon sa a te adrese a kat mesye sa yo, yon bon valè nan revelasyon an aplikab pou tout Legliz la. Revelasyon sa a te elaji sou direksyon Joseph Smith lè l te pibliye nan edisyon 1835 Doktrin ak Alyans yo.

1–5, Lè Sentespri a anime ansyen yo, pawòl yo se ekriti; 6–12, Ansyen yo dwe preche epi batize moun, epi siy pral suiv vrè kwayan yo; 13–24, Premyene yo ki pami pitit gason Aawon yo kapab sèvi kòm Evèk Prezidan an (ki vle di, kenbe kle prezidans la kòm evèk) sou direksyon Premye Prezidans la; 25–28, Paran yo resevwa kòmandman pou yo ansenye pitit yo levanjil la; 29–35, Sen yo dwe obsève Saba a, yo dwe travay avèk dilijans epi yo dwe priye.

1 Sèvitè m nan, Orson Hyde, te resevwa apèl pa òdinasyon pou l pwoklame levanjil etènèl la, avèk aLespri Bondye vivan an, soti nan yon pèp ale nan yon lòt, soti nan yon peyi ale nan yon lòt, nan asanble mechan yo, nan sinagòg yo, pou rezone avèk yo epi pou eksplike yo tout ekriti yo.

2 Epi gade, se yon egzanp pou tout moun ki òdone nan prètriz sa a, ki resevwa misyon pou yo ale—

3 Epi se egzanp la sa pou yo, yo pral apale daprè jan Sentespri a anime yo.

4 Epi nenpòt bagay yo pral pale lè aSentespri a anime yo se pral ekriti, se pral volonte Senyè a, se pral panse Senyè a, se pral pawòl Senyè a, se pral vwa Senyè a, ak bpouvwa Bondye pou sali a.

5 Gade, se pwomès Senyè a fè nou, noumenm sèvitè m yo.

6 Se poutèt sa, fè kè nou kontan, epi pa akrenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou; epi nou dwe rann temwayaj konsènan mwen, Jezikri menm, pou fè konnen m se Pitit Gason Bondye vivan an, m te egziste, m egziste epi m gen pou m vini.

7 Se pawòl Senyè a pou nou, sèvitè m nan aOrson Hyde, ak sèvitè m nan Luke Johnson, ak sèvitè m nan Lyman Johnson, ak sèvitè m nan William E. McLellin, ak tout lòt ansyen ki fidèl nan legliz mwen an—

8 aAle nan tout mond lan, bpreche chak ckreyati levanjil la, aji avèk dotorite m te ba nou an, ebatize moun nan non Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a.

9 Epi yon amoun ki kwè epi ki batize ap bsove, epi yon moun ki pa kwè, l ap cdane.

10 Epi yon moun ki kwè ap beni avèk asiy k ap suiv li, jan sa ekri a.

11 Epi m ap fè nou konnen siy tan yo, ak asiy aparisyon Pitit Lòm nan yo;

12 Epi konsènan tout moun Papa a rann nou temwayaj, n ap resevwa pouvwa pou nou asele yo nan lavi etènèl. Amèn.

13 Epi kounyeya, konsènan lòt bagay ki gen rapò avèk alyans ak kòmandman yo, men sa yo ye—

14 Apre sa, nan tan pa Senyè a, pral genyen lòt aevèk yo ki òdone pou legliz la, pou administre menm jan avèk premye a;

15 Se poutèt sa y ap agran prèt ki di, e se bPremye Prezidans Prètriz Mèlkisedèk la ki ap lonmen yo, eksepte si yo se desandan literal cAawon.

16 Epi si yo se desandan literal aAawon, yo gen yon dwa legal pou yo episkopa, si yo se premye ne pami pitit gason Aawon yo.

17 Paske, premye ne a gen dwa prezidans sou prètriz sa a, ak akle oubyen otorite prètriz sa a.

18 Pèsonn pa gen dwa legal nan ofis sa a, pou l gen kle prètriz sa a, eksepte si l se yon adesandan literal ak yon premye ne Aawon.

19 Men, menm jan yon agran prèt nan Prètriz Mèlkisedèk la gen otorite pou l ofisye nan tout ofis ki pi piti yo, li kapab ofisye nan ofis bevèk la lè okenn desandan literal Aawon pa la, depi yo mete l apa epi yo òdone l nan pouvwa sa a, anba men Premye Prezidans Prètriz Mèlkisedèk la.

20 Epi Prezidan sa a dwe deziye yon desandan literal Aawon, li dwe diy, yo dwe akonsakre l, epi li dwe bòdone anba men Prezidan sa a, san sa li pa otorize legalman pou l ofisye nan prètriz li a.

21 Men, akoz dekrè konsènan dwa li genyen nan prètriz la, ki soti nan papa a ale nan pitit gason an, li kapab reklame konsekrasyon li a nenpòt lè li kapab pwouve desandans li a, oubyen verifye l pa mwayen revelasyon Senyè a anba men Prezidan la.

22 Epi ankò, pa gen okenn evèk oubyen gran prèt yo mete apa pou ministè sa a k ap pase anba jijman oubyen k ap kondane pou okenn krim, eksepte devan aPremye Prezidans legliz la.

23 Toutotan yo rekonèt li koupab devan Prezidan sa a, avèk yon temwayaj ki pa kapab demanti, yo dwe kondane l;

24 Epi si l repanti, y ap apadone l, daprè alyans ak kòmandman legliz la.

25 Epi ankò, toutotan aparan yo gen pitit nan Siyon, oubyen nan nenpòt lòt bpye ki òganize nan Siyon, ki pa canseye yo pou yo konprann doktrin repantans la, lafwa nan Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm, ak don Sentespri a pa enpozisyon men lè yo gen duitan, san sa, epeche a ap sou tèt paran yo.

26 Paske, se ap yon lalwa pou abitan aSiyon yo, oubyen nan nenpòt lòt pye Siyon yo ki òganize.

27 Epi pitit yo ap abatize pou bpadon peche yo lè yo gen cuitan, epi y ap resevwa pa enpozisyon men.

28 Epi yo dwe ansenye pitit yo apriye, pou yo mache dwat devan Senyè a.

29 Epi abitan Siyon yo dwe obsève jou aSaba a pou yo kenbe l sen.

30 Epi abitan Siyon yo dwe sonje travay yo tou, toutotan yo anplwaye pou yo travay, nan tout fidelite; paske Senyè a ap kenbe moun ki parese yo nan memwa l.

31 Kounyeya, mwen menm Senyè a, m pa kontan avèk abitan Siyon yo, paske gen aparese pami yo; epi tou pitit yo ap grandi nan bmechanste; yo p ap cchèche richès letènite yo avèk senserite, men, je yo chaje avèk avaris.

32 Bagay sa yo pa dwe fèt, epi yo dwe efase pami yo; se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, Oliver Cowdery pote pawòl sa yo nan peyi Siyon an.

33 Epi m ba yo yon kòmandman—yon moun ki pa respekte apriyè l devan Senyè a nan sezon sa a, fè l bsonje l nan jijman devan jij pèp mwen an.

34 aPawòl sa yo vrè epi yo fidèl; se poutèt sa, pa transgrese yo, ni tou pa bwete ladan yo.

35 Gade, m se aAlfa ak Omega, epi m ap bvini rapid rapid. Amèn.