Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 70


Seksyon 70

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 12 Novanm 1831. Istwa Pwofèt la te ekri a fè konnen te gen kat konferans espesyal ki te fèt soti premye rive 12 Novanm. Nan dènye asanble sa yo, yo te konsidere gran enpòtans revelasyon ki t ap vin pibliye apre kòm Book of Commandments yo, epi yo te rele l Doktrin ak Alyans nan apre. Revelasyon sa a te resevwa apre konferans lan te fin vote ke revelasyon yo “te gen valè richès tout Tè a pou Legliz la.” Istwa Joseph Smith la fè referans ak revelasyon yo kòm “fondasyon Legliz la nan dènye jou yo, epi yon benefis pou mond lan, pou montre Bondye te konfye lòm kle mistè wayòm Sovè nou an ankò.”

1–5, Responsablite bay pou pibliye revelasyon yo; 6–13, Moun k ap travay nan bagay espirityèl yo diy pou pozisyon an; 14–18, Sen yo dwe egal nan bagay tanporèl.

1 Gade epi koute, O, noumenm abitan Siyon yo, epi tout moun nan legliz mwen an ki rasanble lwen, epi tande pawòl Senyè a m te bay sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, ak sèvitè m nan Martin Harris, ak sèvitè m nan Oliver Cowdery, ak sèvitè m nan John Whitmer, ak sèvitè m nan Sidney Rigdon, epi tou ak sèvitè m nan William Phelps, daprè kòmandman m te ba yo.

2 Paske m ba yo yon kòmandman; se poutèt sa, koute epi tande, paske men sa Senyè a di yo—

3 Mwen menm Senyè a m te lonmen yo, epi m te òdone yo pou yo aresponsab pou revelasyon ak kòmandman m te ba yo, epi m pral ba yo apre sa;

4 Epi m pral mande yo rapò sou responsablite sa a nan jou jijman an.

5 Se poutèt sa, m te lonmen yo, epi se travay yo nan legliz Bondye a, pou yo anchaje responsablite sa yo ak sousi ki gen ladan yo, wi, ak benefis yo.

6 Se poutèt sa, m ba yo kòmandman pou yo pa bay legliz la ni mond lan bagay sa yo;

7 Men, toutotan yo resevwa plis pase sa ki nesesè pou bezwen yo ak sa yo vle, se pou yo bay amagazen m nan li.

8 Epi benefis yo pral konsakre pou abitan Siyon yo, ak jenerasyon yo, toutotan yo vin tounen aeritye daprè lalwa wayòm nan.

9 Gade, se sa Senyè a mande nan men chak moun nan aresponsablite l, jan mwen menm Senyè a m te lonmen oubyen m pral lonmen nenpòt moun apre sa.

10 Epi gade, pa gen okenn eksepsyon nan lalwa sa a pou moun ki nan legliz Bondye vivan an;

11 Wi, ni evèk la, ni aajan ki anchaje magazen Senyè a, ni yon moun ki te lonmen nan responsablite tanporèl.

12 Yon moun ki lonmen pou l administre bagay espirityèl, moun sa a adiy pou pozisyon an, menm jan avèk moun ki lonmen pou administre nan bagay tanporèl yo;

13 Wi, plis an kantite, yon kantite ki miltipliye pou yo pa mwayen manifestasyon Lespri a.

14 Men, ou dwe aegal nan bagay tanporèl ou yo, san bougonnen, san sa, m ap wete abondans manifestasyon Lespri a.

15 Kounyeya, m bay sèvitè m yo akòmandman sa a pou benefis yo pandan yo la, pou manifestasyon benediksyon m yo sou tèt yo, epi pou rekonpans, bdilijans yo epi pou sekirite yo;

16 Pou manje epi pou arad; pou yon eritaj; pou kay epi pou tè yo, nan nenpòt sikonstans mwen menm Senyè a, m plase yo, epi nenpòt kote mwen menm Senyè a, m voye yo.

17 Paske yo te fidèl nan aanpil bagay, epi yo te fè byen toutotan yo pat peche.

18 Gade, mwen menm Senyè a, m gen amizèrikòd epi m ap beni yo, epi yo pral antre nan jwa bagay sa yo. Se konsa sa ye. Amèn.