Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 72


Seksyon 72

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 4 Desanm 1831. Plizyè ansyen ak manm legliz la te rasanble pou yo aprann devwa yo epi pou yo edifye plis nan ansèyman Legliz la. Seksyon sa a se yon konpilasyon twa revelasyon yo te resevwa nan menm jou a. Vèsè 1 jiska 8 la fè konnen apèl Newel K. Whitney kòm evèk. Apre sa yo te aple l epi òdone li, epi apre sa yo te resevwa vèsè 9 jiska vèsè 23 yo, ki te bay enfòmasyon adisyonèl konsènan devwa yon evèk. Epi apre sa, yo te bay vèsè 24 rive 26 yo, ki te bay enstriksyon konsènan rasanbleman nan Siyon an.

1–8, Ansyen yo dwe rann evèk la rapò sou responsablite yo; 9–15, Evèk la jere magazen an epi l pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo; 16–26, Evèk yo dwe sètifye diyite ansyen yo.

1 Koute epi tande vwa Senyè a, O, noumenm ki rasanble ansanm, agran prèt yo ki nan legliz mwen an, m te bay bwayòm nan ak pouvwa a.

2 Paske, Senyè a di, an verite, se nesesè pou mwen pou nou gen yon aevèk, oubyen lonmen yon evèk, pou legliz la nan zòn sa a nan jaden Senyè a.

3 Epi an verite, nan bagay sa a nou te aji avèk lasajès, paske Senyè a mande pou chak moun ki aresponsab bay brapò sou cresponsablite l, ni kounyeya ni nan letènite.

4 Paske yon moun ki fidèl epi ki asaj kounyeya ap konsidere kòm diy pou l eritye bkay yo Papa m te pare pou li yo.

5 An verite, m di nou, ansyen yo ki nan legliz la, ki nan pati sa a nan ajaden m nan dwe bay evèk la yon rapò sou responsablite yo, evèk m pral lonmen nan pati sa a ki nan jaden m nan.

6 Bagay sa yo dwe ale sou rejis, pou ale nan men evèk ki nan Siyon an.

7 Epi kòmandman m te bay yo ak vwa konferans la pral fè nou konnen devwa aevèk la.

8 Epi kounyeya, an verite, m di nou, sèvitè m nan aNewel K. Whitney se moun ki dwe lonmen epi ki dwe òdone nan pouvwa sa. Se volonte Senyè Bondye w la, Redanmtè w la. Se konsa sa ye. Amèn.

9 Men pawòl Senyè a, ajoute sou lalwa li te bay, lè l te fè konnen devwa evèk li te lonmen pou legliz la nan pati jaden sa a—

10 Kenbe amagazen Senyè a; resevwa kòb legliz la nan pati jaden sa a;

11 Pran rapò nan men ansyen yo jan Senyè a te kòmande anvan an; epi aadministre bezwen moun ki pral peye pou sa yo te resevwa yo, toutotan yo gen mwayen pou yo peye;

12 Pou sa kapab konsakre pou byen legliz la tou, pou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo.

13 Epi yon moun ki pa agen mwayen pou l peye, yon rapò dwe fèt, pou yo pote bay evèk Siyon an, ki dwe peye dèt la avèk sa Senyè a mete nan men l.

14 Epi travay moun fidèl yo ki travay nan bagay espirityèl yo, ki administre levanjil la ak bagay ki nan wayòm yo pou legliz la, epi pou mond lan, dwe peye dèt evèk ki nan Siyon an.

15 Konsa, pèman soti nan legliz la, paske daprè alwa a, tout moun ki monte vin nan Siyon dwe mete tout bagay devan evèk ki nan Siyon an.

16 Epi kounyeya, an verite m di nou, kòm chak ansyen ki nan pati jaden sa a dwe bay evèk ki nan pati jaden sa a yon rapò sou responsablite l—

17 Yon asètifika nan men jij oubyen evèk la nan pati jaden sa a pou pote bay evèk nan Siyon an, pou yon eritaj, epi pou yo aksepte kòm yon bresponsab ki saj epi yon travayè fidèl;

18 San sa, evèk ki nan Siyon an p ap aksepte l.

19 Epi kounyeya, an verite, m di nou, se pou chak ansyen k ap bay evèk ki nan pati jaden sa a yon rapò resevwa rekòmandasyon nan men legliz la oubyen legliz yo kote l ap travay la, pou l kapab apwouve nan tout bagay.

20 Epi ankò, se pou sèvitè m yo ki gen responsablite sou zafè aedikasyon legliz la reklame asistans nan men evèk la oubyen evèk yo nan tout bagay—

21 Pou arevelasyon yo kapab pibliye, epi pou y ale nan tout kwen tè a; pou yo kapab jwenn kòb pou avantaj legliz la nan tout bagay;

22 Pou yo kapab apwouve tèt yo nan tout bagay, epi pou yo konsidere kòm responsab ki saj.

23 Epi kounyeya, gade, sa dwe sèvi egzanp pou tout branch legliz mwen an, kèlkeswa kote yo etabli. Epi kounyeya, m fin pale pawòl mwen yo. Amèn.

24 Kèk mo pou ajoute sou lalwa wayòm nan, konsènan manm yo ki nan legliz la—moun Lespri a alonmen pou monte nan Siyon an, ak moun ki gen privilèj pou monte nan Siyon—

25 Se pou yo pote yon sètifika ki soti nan men twa ansyen nan legliz la, oubyen yon sètifika ki soti nan men evèk la bay evèk Siyon an;

26 San sa, moun ki monte nan peyi Siyon an p ap konsidere kòm yon responsab ki saj. Sa se yon egzanp tou. Amèn.