Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 73


Seksyon 73

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan Hiram, Ohio, 10 Janvye 1832. Depi nan premye pati mwa Desanm ki te pase a, Pwofèt la ak Sidney te angaje nan preche, epi nan fason sa a, anpil bagay te akonpli pou diminye move santiman ki t ap leve kont legliz la (gade nan antèt seksyon 71 la).

1–2, Ansyen yo dwe kontinye preche; 3–6, Joseph Smith ak Sidney Rigdon dwe kontinye tradui Bib la jiskaske l fini.

1 Paske an verite, Senyè a di, se nesesè pou mwen pou ayo kontinye preche levanjil la, epi pou egzòte legliz yo nan rejyon alantou yo jistan konferans la fèt;

2 Epi apre sa, gade, avwa konferans la pral fè yo konnen, diferan misyon yo.

3 Senyè a di, kounyeya, an verite m di nou, sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon, se anesesè pou nou btradui ankò;

4 Epi toutotan sa posib, pou nou preche rejyon alantou yo jistan konferans la; epi apre sa li enpòtan pou nou kontinye travay tradiksyon an jistan l fini.

5 Epi se pou sa sèvi kòm modèl pou ansyen yo jistan m pale ankò, jan sa ekri a.

6 Kounyeya, m pa ba nou plis pou kounyeya. aMare senti nou epi fè tèt nou klè. Se konsa sa ye. Amèn.