Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 76


Seksyon 76

Yon vizyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa nan Hiram, Ohio, 16 Fevriye 1832. Pou fè prefas anrejistreman vizyon sa a, istwa Joseph Smith la deklare: “Lè m te retounen soti nan konferans Amherst la, m te rekòmanse tradiksyon Ekriti yo. Atravè anpil revelasyon ki te gen tan resevwa deja, sa te aparan ke moun te retire nan Bib la anpil pwen enpòtan ki touche sali lòm, oubyen yo te pèdi anvan Bib la te konpile. Li te evidan, daprè rès verite ki te rete nan Bib la, si Bondye rekonpanse chak moun daprè zèv yo fè nan kò fizik la, mo ‘Syèl’ la, jan l te parèt kòm kay etènèl Sen yo, dwe genyen plis pase yon sèl wayòm. Konsa, … pandan nou t ap tradui Levanjil Sen Jan an, mwen menm ak Èldè Rigdon te fè vizyon sa a.” Se pandan Pwofèt la t ap tradui Jan 5:29 la, li te resevwa vizyon sa a.

1–4, Senyè a se Bondye; 5–10, Mistè wayòm yo pral revele pou tout fidèl yo; 11–17, Tout moun pral leve nan rezirèksyon moun ki jis yo oubyen moun ki pa jis yo; 18–24, Abitan ki nan anpil mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye atravè Ekspyasyon Jezikri a; 25–29, Yon zanj Bondye te tonbe epi l te vin tounen dyab la; 30–49, Pitit gason pèdisyon yo soufri danasyon etènèl; tout lòt moun pral gen yon degre sali; 50–70, Laglwa ak rekonpans èt egzalte yo nan wayòm selès la dekri; 71–80, Moun ki pral eritye wayòm terès yo dekri; 81–113, Pozisyon moun ki nan laglwa telès, terès ak selès yo eksplike; 114–119, Moun ki fidèl yo kapab wè epi yo kapab konprann mistè yo ki nan wayòm Bondye a avèk pouvwa Lespri Sen an.

1 aTande, O, noumenm syèl yo, epi louvri zòrèy, O, ou menm tè a, epi noumenm abitan ki nan kote sa yo, rejwi, paske Senyè a se bBondye, epi apre l cpa gen okenn dSovè.

2 Lasajès li agwo, chemen li yo bmèveye, epi pèsonn pa kapab konnen dimansyon aksyon li yo.

3 aObjektif li yo pa echwe, ni tou pa gen okenn moun ki kapab bloke men li.

4 Depi nan letènite jouk nan letènite, li se amenm nan, epi ane l yo pa janm bfini.

5 Paske Senyè a di—mwenmenm Senyè a m gen amizèrikòd epi m fè lagras pou moun ki bkrenn mwen epi m pran plèzi pou onore moun ki csèvi m nan lajistis ak verite jiska lafen.

6 Rekonpans yo pral gran epi alaglwa yo pral etènèl.

7 Epi m ap arevele yo tout bmistè, wi tout mistè kache yo ki nan wayòm mwen an depi nan tan lontan, ak nan tan k ap vini yo, m ap fè yo konnen bon plezi m ak volonte m konsènan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm mwen an.

8 Wi, y ap konnen menm mèvèy letènite yo, epi m ap montre yo bagay ki pral vini, menm bagay anpil jenerasyon.

9 Epi alasajès yo pral gwo, epi bkonpreyansyon yo pral touche syèl la; epi lasajès moun ki saj yo pral cperi devan yo, epi konpreyansyon moun ki pridan yo p ap anyen.

10 Paske aLespri m pral bklere yo, epi avèk cpouvwa m, m ap fè yo konnen sekrè volonte m—wi, bagay sa yo menm je moun pa d, ni zòrèy pa tande, ni tou ki pa t ko antre nan kè lòm.

11 Noumenm, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon, pandan nou te anan Lespri a nan sèzyèm jou mwa Fevriye ki nan ane Senyè nou an, mil ywisan trannde—

12 Avèk pouvwa aLespri a, bje nou yo te louvri epi konpreyansyon nou te klere pou nou te kapab wè epi konprann bagay Bondye yo.

13 Bagay ki te menm la depi anvan mond lan te egziste, bagay Papa a te òdone pa mwayen Sèl Pitit Gason Literal li a, ki te nan lestomak Papa a, menm depi nan akòmansman;

14 Nou rann temwayaj konsènan li; epi temwayaj nou rann nan se plenitid levanjil Jezikri a, ki se Pitit Gason an nou te wè a, epi nou te apale avèk li nan bvizyon selès la.

15 Paske, pandan nou t ap fè travay atradiksyon an Senyè a te ba nou an, nou te rive nan vent-nevyèm vèsè ki nan senkyèm chapit liv Jan an, epi nou te resevwa l konsa—

16 Pou pale konsènan rezirèksyon mò yo, konsènan moun yo ki pral atande vwa bPitit Gason Lòm nan:

17 Epi ki pral leve; moun ki te fè abyen yo, nan brezirèksyon moun ki te cjis yo; epi moun ki te fè mal yo, nan rezirèksyon moun ki te enjis yo.

18 Bagay sa a te fè nou emèveye, paske se Lespri a ki te ba nou l.

19 Epi pandan nou t ap amedite sou bagay sa yo, Senyè a te touche je konpreyansyon nou epi yo te louvri, epi laglwa Senyè a te briye toutotou nou.

20 Epi nou te wè alaglwa Pitit Gason an bò kote bdwat cPapa a, epi nou te resevwa tout limenm;

21 Epi nou te wè azanj ki sen yo ak moun ki te bsanktifye yo devan twòn li a, ki t ap cadore Bondye ak Ti Mouton an, ki adore l pou tout tan.

22 Epi kounyeya, apre tout kantite atemwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, denye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li bvivan!

23 Paske nou te a l, bò kote dwat bBondye menm; epi nou te tande vwa a ki t ap rann temwayaj pou fè konnen li se cSèl Pitit Literal Papa a—

24 Epi avèk ali, epi pa mwayen li, epi nan li bmond yo te egziste epi yo te kreye, epi abitan ki nan mond yo se cpitit gason ak pitit fi Bondye.

25 Epi nou te wè bagay sa a tou, epi nou rann temwayaj pou fè konnen, yon azanj Bondye ki te gen otorite nan prezans Bondye, ki te revòlte kont Sèl Pitit Gason Literal la ke Papa a te renmen an epi ki te andedan Papa a, yo te pouse l desann soti nan prezans Bondye ak Pitit Gason an,

26 Epi yo te rele li Pèdisyon, paske syèl yo te kriye poutèt li—se te aLisifè, yon pitit gason maten an.

27 Nou te gade, epi gade, li te atonbe! tonbe, pitit gason maten an menm!

28 Epi pandan nou te toujou nan Lespri a, Senyè a te kòmande nou pou nou ekri vizyon an; paske nou te wè Satan, ansyen asèpan an, bdyab la menm, ki te crevòlte kont Bondye a, epi ki te chèche pran wayòm Bondye nou an ak Kris li a—

29 Se poutèt sa, li fè alagè kont sen Bondye yo, epi li antoure yo tout kote.

30 Epi nou te fè vizyon soufrans moun li te fè lagè avèk yo a epi li te gen viktwa sou yo a, paske, men jan vwa Senyè a te vin jwenn nou:

31 Senyè a di, konsènan tout moun ki konnen pouvwa m yo, epi ki te patisipe ladan l, epi ki kite pouvwa dyab la gen aviktwa sou yo, epi ki nye verite a, epi ki defye pouvwa m—

32 Se moun sa yo ki se apitit bpèdisyon yo, konsènan yo, m di li t ap pi bon pou yo pa t janm fèt la;

33 Paske yo se vèsèl kòlè, ki kondane pou yo soufri kòlè Bondye, avèk dyab la epi avèk zanj li yo nan letènite;

34 Konsènan yo m te di konsa pa gen apadon nan mond sa a ni nan mond k ap vini an—

35 Paske yo te anye Sentespri a apre yo te fin resevwa l, epi yo te nye Sèl Pitit Gason Literal Papa a, yo te bkrisifye l pou tèt pa yo epi yo te fè l wont an piblik.

36 Se moun sa yo ki prale nan alak dife ak souf la, avèk dyab la epi avèk zanj li yo—

37 Epi se sèl moun dezyèm alanmò a pral gen pouvwa sou yo;

38 Wi, an verite, se asèl moun ki p ap rachte lè tan Senyè a rive, apre yo fin soufri kòlè l.

39 Paske tout rès yo pral aleve nan brezirèksyon mò yo, pa mwayen triyonf laglwa cTi Mouton an, yo te touye a, ki te andedan Papa a anvan mond yo te kreye.

40 Epi sa se alevanjil la, bon nouvèl vwa ki te soti nan syèl la te rann nou temwayaj—

41 Pou fè konnen, li te vini nan mond la, Jezi menm, pou mond lan te kapab akrisifye l, epi pou l bpote peche cmond lan, epi pou l dsanktifye mond lan, epi pou l enetwaye l anba tout enjistis.

42 Pou tout moun kapab asove pa mwayen li, tout moun Papa a te mete anba pouvwa l yo, epi ki te kreye pa mwayen limenm;

43 Ki glorifye Papa a epi ki sove tout zèv men li yo; eksepte pitit pèdisyon yo ki nye Pitit Gason an apre Papa a te fin revele l.

44 Se poutèt sa, li sove tout moun eksepte yo—yo prale nan apinisyon betènèl, ki se pinisyon san fen, ki se pinisyon etènèl, pou yo renye avèk cdyab la epi avèk zanj li yo nan letènite, kote d kò yo p ap mouri epi dife a ki se touman yo p ap etenn—

45 Epi pèsonn pa konnen afinisman l, ni kote l ap ye, ni touman yo;

46 Ni tou li pa t revele, ni tou li pa revele, ni tou li p ap revele devan pèsonn eksepte moun ki prale ladan l yo;

47 Sepandan, mwen menm Senyè a, m montre anpil moun li nan vizyon, men, m fèmen l imedyatman ankò;

48 Se poutèt sa, yo pa konprann, bout li dimansyon l, lajè l, wotè l, apwofondè l, ak mizè ki ladan l, ni okenn moun, eksepte moun yo ki btonbe anba ckondanasyon sa a.

49 Epi nou te tande vwa a ki te di: Ekri vizyon an, paske gade, se finisman vizyon soufrans moun ki san Bondye yo.

50 Epi ankò nou rann temwayaj—paske nou te wè epi nou te tande, epi se atemwayaj levanjil Kris la konsènan moun yo ki pral leve nan brezirèksyon moun ki jis yo—

51 Se moun sa yo ki te resevwa temwayaj Jezi a, epi ki te akwè nan non li, epi ki te bbatize daprè cfason li te antere a, yo te dantere nan dlo nan non li, epi se daprè kòmandman li te ba yo a—

52 Epi lè yo respekte kòmandman yo pou yo kapab alave epi pou yo kapab bpwòp anba tout peche yo, epi pou yo resevwa Sentespri a pa enpozisyon cmen yon moun ki dòdone epi ki sele pou epouvwa sa a;

53 Epi ki gen viktwa avèk lafwa, epi Sentespri pwomès la te asele yo, bSentespri Papa a vide sou tout moun ki jis epi ki vrè yo.

54 Se moun sa yo ki se legliz aPremyene a.

55 Se nan men moun sa yo Papa a te mete atout bagay yo a—

56 Se moun sa yo ki aprèt ak wa, ki te resevwa nan plenitid li l ak laglwa li;

57 Epi yo se aprèt Bondye Ki Pi Wo a, daprè lòd Mèlkisedèk la, ki te daprè lòd bEnòk la, ki te daprè clòd Sèl Pitit Gason Literal la.

58 Se poutèt sa, jan sa te ekri a, yo se abondye, yo se pitit bgason cBondye a yo menm—

59 Se poutèt sa, atout bagay pou yo, kit se lavi kit se lanmò, oubyen bagay kounyeya, oubyen bagay ki pral vini, tout bagay pou yo epi yo pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

60 Epi yo pral gen aviktwa sou tout bagay.

61 Se poutèt sa, pèsonn pa dwe chèche alaglwa nan moun, men okontrè, se pou l chèche blaglwa nan Bondye ki pral csoumèt tout ènmi yo anba pye l.

62 Moun sa yo pral arete nan bprezans Bondye ak Kris li a pou tout tan.

63 Se moun sa ayo li pral mennen avèk li, lè l bvini soti nan nyaj syèl la pou l creye sou tè a sou tèt pèp li a.

64 Se moun sa yo ki pral patisipe nan apremyè rezirèksyon an.

65 Se moun sa yo ki pral leve nan arezirèksyon moun ki jis yo.

66 Se moun sa yo ki vini sou aMòn bSiyon, ak nan vil Bondye vivan an, plas selès la, ki pi sen pase tout lòt yo.

67 Se moun sa yo ki te vini ansanm ak yon kantite zanj moun pa ka konte, nan asanble jeneral legliz aEnòk la, ak legliz bPremye ne a.

68 Se moun sa yo ki gen non yo aekri nan syèl la, kote Bondye ak Kris la se bjij tout moun.

69 Se moun ki ajis sa yo ki te vin bpafè pa lantremiz Jezi, ki se mediyatè cnouvo alyans lan, ki te reyalize dekspyasyon pafè sa a atravè pwòp esan pa li ki te koule.

70 Se moun sa yo ki gen kò aselès, ki gen blaglwa yo tankou csolèy la, laglwa Bondye a menm, ki pi wo pase tout lòt, laglwa sa kote yo ekri solèy ki anlè a tankou l la.

71 Epi ankò, nou te wè mond aterès la, epi gade, se moun sa yo ki nan laglwa terès la, ki gen laglwa yo diferan pase laglwa legliz Premyene a, ki te resevwa tout bagay Papa a, menm jan laglwa blalin nan diferan avèk solèy la ki anlè a.

72 Gade, se moun sa yo ki mouri asan blalwa;

73 Epi moun sa yo se alespri lèzòm ki te rete nan bprizon yo, moun Pitit Gason an te vizite yo, epi li te cpreche yo dlevanjil la, pou yo kapab jije daprè moun ki nan lachè;

74 Ki pa t resevwa atemwayaj Jezi nan kò fizik la, men, ki te resevwa l apre sa.

75 Se moun sa yo ki gwo chabrak sou tè a, moun sa yo riz lèzòm te avegle yo.

76 Se moun sa yo ki te rantre nan laglwa li, men, ki pa t resevwa l toutantye.

77 Se moun sa yo ki te rantre nan prezans Pitit Gason an, men, pa nan totalite Papa a.

78 Se poutèt sa, yo se akò terès, epi yo pa kò selès, epi yo diferan nan laglwa, menm jan lalin nan diferan avèk solèy la.

79 Se moun sa yo ki pa avanyan nan temwayaj Jezi yo; se poutèt sa, yo pa jwenn kouwòn nan wayòm Bondye nou an.

80 Epi kounyeya, se finisman vizyon wayòm terès la nou te fè a, epi Senyè a te kòmande nou pou nou ekri l pandan nou te toujou nan Lespri a.

81 Epi ankò, nou te wè laglwa wayòm atelès la ki gen pi piti laglwa a, menm jan laglwa zetwal yo diferan avèk laglwa lalin nan ki anlè a.

82 Se moun sa yo ki pa t resevwa levanjil Kris la, ni atemwayaj Jezi a.

83 Se moun sa yo ki pat nye Sentespri a.

84 Se moun sa yo Bondye pouse desann nan alanfè a.

85 Se moun ki p ap rachte anba men adyab la jistan bdènye rezirèksyon an, jistan Senyè a, Kris la, cTi Mouton an menm, fini travay li a.

86 Se moun sa yo ki pa resevwa li toutantye nan mond etènèl la, men, ki resevwa li nan Lespri a pa mwayen ministè wayòm terès la;

87 Epi wayòm terès la, pa mwayen aministè wayòm selès la.

88 Epi tou wayòm telès la resevwa l nan administrasyon zanj yo ki lonmen pou administre pou yo, oubyen ki lonmen kòm lespri administratè pou yo; paske y ap eritye sali a.

89 Epi konsa, nou te wè, nan vizyon selès la, laglwa telès la, ki depase tout konpreyansyon;

90 Epi pèsonn pa konnen l, eksepte moun Bondye revele.

91 Epi konsa nou te wè laglwa wayòm terès la ki depase laglwa telès la nan tout bagay, menm nan glwa ak nan pouvwa, ak nan fòs, ak nan dominasyon.

92 Epi konsa nou te wè laglwa wayòm selès la, ki depase nan tout bagay—kote Bondye, Papa a menm renye sou twòn li pou tout tan;

93 Tout bagay bese avèk areverans nan imilite devan l, epi yo ba l laglwa pou tout tan.

94 Moun ki arete nan prezans li yo se Legliz bPremye ne a; epi yo wè menm jan moun wè yo a, epi yo ckonnen menm jan moun konnen yo a, paske yo te resevwa li ak dlagras li toutantye;

95 Epi li fè yo aegal nan pouvwa, nan pisans, ak nan dominasyon.

96 Epi laglwa wayòm selès la se youn, menm jan laglwa asolèy la se youn nan.

97 Epi laglwa wayòm terès la se youn, menm jan laglwa lalin nan se youn nan.

98 Epi laglwa wayòm telès la se youn, menm jan laglwa zetwal yo se youn nan, menm jan yon zetwal diferan nan laglwa avèk yon lòt zetwal, se konsa yonn diferan avèk lòt nan mond telès la;

99 Paske se moun sa yo ki pou aPòl, ki pou Apolòs, ak pou Sefas yo.

100 Se moun sa yo ki di kèk ladan yo pou yon moun epi lòt yo pou yon lòt moun—kèk pou Kris la epi kèk pou Jan, kèk pou Moyiz epi kèk pou Elyas, kèk pou Ezayas, kèk pou Ezayi epi kèk pou Enòk;

101 Men, yo pa t resevwa levanjil la, ni temwayaj Jezi a, ni pwofèt yo, ni aalyans etènèl la.

102 An dènye, se moun sa yo ki p ap rasanble avèk sen yo, pou yo amonte avèk blegliz Premye ne a, pou yo resevwa yo nan nyaj yo.

103 Moun sa yo se amoun ki bmantè yo, ak sòsye yo, ak cadiltè yo, ak fònikatè yo, ak nenpòt moun ki renmen manti epi ki fabrike manti.

104 Se moun sa yo ki soufri akòlè Bondye sou tè a.

105 Se moun sa yo ki soufri avanjans dife etènèl la.

106 Se moun sa yo Bondye chase al nan alanfè epi ki bsoufri kòlè cBondye Toupisan an, jouknan dtotalite tout tan yo, lè Kris la pral esoumèt tout ènmi yo anba pye l, epi li fin fpèfeksyone travay li;

107 Lè l livre wayòm nan, epi l prezante l bay Papa a, san tach, epi l di: m gen viktwa epi m te apilonnen près—bdiven an pou kont mwen, près—diven move kòlè Bondye Toupisan an menm.

108 Lè sa li pral kouwone avèk kouwòn laglwa li a, pou l chita sou atwòn pouvwa li a pou l renye pou tout tan.

109 Men gade, nou te wè laglwa abitan mond telès yo, nou pa t ka konte yo menm jan avèk zetwal yo ki anlè nan syèl la, oubyen sab yo ki sou rivaj lanmè a;

110 Epi nou te tande vwa Senyè a ki t ap di: Tout moun sa yo pral pliye jenou yo, epi chak lang pral akonfese devan moun ki chita sou twòn nan pou tout tan;

111 Paske yo pral jije daprè zèv yo, epi chak moun pral resevwa daprè azèv pa l yo, dominasyon pa l, nan bkay ki te prepare yo;

112 Epi yo pral sèvitè Bondye Ki Pi Wo a; men, yo pa kapab vini akote Bondye ak Kris la brete a, nan mond ki san finisman yo.

113 Se finisman vizyon nou te wè a, Senyè a te kòmande nou pou nou ekri pandan nou te toujou nan Lespri a.

114 Men, zèv Senyè a yo agwo epi yo mèveye anpil, ak bmistè yo ki nan wayòm li a li te montre nou yo, ki depase tout konpreyansyon nan laglwa, nan pouvwa ak nan dominasyon;

115 Li te kòmande nou pou nou pa ekri sa yo pandan nou te toujou nan Lespri a, epi yo pa alegal pou lòm repete;

116 Ni tou lòm pa akapab fè moun konnen yo, paske moun kapab wè yo epi moun kapab bkonprann yo sèlman avèk pouvwa Lespri Sen an, Lespri Sen Bondye mete sou moun ki renmen l yo, epi ki pirifye tèt yo devan l;

117 Moun li bay privilèj sa a pou yo wè epi pou yo konnen pou tèt pa yo;

118 Pou, pa mwayen pouvwa ak manifestasyon Lespri a, pandan yo nan kò fizik la, pou yo kapab sipòte prezans li nan mond laglwa a.

119 Epi laglwa, ak onè, ak dominasyon pou Bondye ak Ti Mouton an pou tout tan. Amèn.