Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 78


Seksyon 78

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 1 Mas 1832. Jou sa a, Pwofèt la ak lòt dirijan yo te reyini pou yo te pale sou zafè Legliz la. Revelasyon sa a te toudabò enstwi Pwofèt la, Sidney Rigdon, ak Newel K. Whitney pou yo vwayaje al Missouri pou òganize yon tantativ pou komès ak piblikasyon kote yo t ap kreye yon “antrepriz” ki t ap siveye efò sa yo, pou pwodui fon pou etablisman Siyon an ak pou benefis pòv yo. Antrepriz sa a, ki rekonèt sou non Antrepriz Ini, te òganize an Avril 1832 epi li te kraze an 1834 (gade seksyon 82). Yon ti tan apre l te fin kraze a, sou direksyon Joseph Smith, fraz “zafè magazen pou pòv yo” te vin ranplase “etablisman komèsyal ak piblikasyon” yo nan revelasyon an, epi mo “lòd” la te vin ranplase mo “antrepriz” la.

1–4, Sen yo dwe òganize epi yo dwe tabli yon magazen; 5–12, Si yo itilize pwopriyete yo avèk lasajès, sa ap mennen nan sali; 13–14, Legliz la dwe endepandan anba pouvwa terès yo; 15–16, Michèl (Adan) sèvi sou direksyon Sen an (Kris la); 17–22, Moun ki fidèl yo beni, paske y ap eritye tout bagay.

1 Senyè a te pale avèk Joseph Smith, pitit la, li di: Senyè Bondye nou an di, koute m, noumenm ki òdone nan agran prètriz legliz mwen an, ki rasanble nou ansanm;

2 Epi Senyè Bondye a di, tande akonsèy moun sa a ki te bòdone nou anlè a, ki pral pale pawòl sajès nan zòrèy nou yo, pou nou kapab gen sali nan bagay nou te prezante devan m nan.

3 Paske an verite, m di nou, tan an rive, epi li pre; epi gade, se nesesè pou pèp mwen an gen yon aòganizasyon pou yo regilarize epi pou yo tabli zafè bmagazen moun cpòv yo ki pami pèp mwen an, ni nan kote sa a ak nan peyi dSiyon an—

4 Pou yon etablisman pèmanan ki etènèl ak lòd nan legliz mwen an, pou avanse kòz nou te anbrase a, pou sali lòm, epi pou laglwa Papa nou ki nan Syèl la;

5 Pou nou kapab aegal nan lyen bagay selès yo, wi, ak bagay terès yo tou, pou nou kapab jwenn bagay selès yo.

6 Paske, si nou pa egal nan bagay terès yo, nou pa kapab egal pou nou jwenn bagay selès yo;

7 Paske, si nou vle m ba nou yon plas nan mond aselès la, nou dwe b bagay m kòmande nou yo ak bagay m mande nou yo pou nou kapab cpare nou.

8 Epi kounyeya, an verite, Senyè a di, se nesesè pou nou menm ki mete ansanm nan alòd sa a fè tout bagay pou blaglwa mwen;

9 Oubyen, otreman, se pou sèvitè m nan Newel K. Whitney ak sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, ak sèvitè m nan, Sidney Rigdon chita nan konsèy avèk sen ki nan Siyon yo;

10 Otreman, aSatan ap chèche detounen kè yo kont verite a, pou yo kapab vin avèg epi pou yo kapab pa konprann bagay ki te pare pou yo.

11 Se poutèt sa, m ba nou kòmandman pou nou prepare epi pou nou òganize tèt nou avèk yon angajman epi avèk yon aalyans etènèl ki pa kapab brize.

12 Epi yon moun ki vyole l l ap pèdi ofis li ak pozisyon l nan legliz la, epi l ap abandone anba atouman Satan jouk nan jou redanmsyon an.

13 Gade, se preparasyon an m ap fè pou nou, ak yon fondasyon, ak egzanp m ba nou an, pou nou kapab akonpli kòmandman m ba nou yo;

14 Pou legliz la kapab kanpe endepandan sou tèt tout lòt kreyati ki anba mond selès la, pa mwayen pwovidans mwen, malgre atribilasyon ki pral desann sou nou.

15 Senyè Bondye a, Sen Siyon an, ki te tabli fondasyon aAdan-ondi-Aman an di, pou nou kapab monte nan bkouwòn ki te pare pou nou an, epi pou m fè nou cdirijan alatèt anpil wayòm.

16 Senyè a ki te lonmen aMichèl prens nou an, epi ki te tabli pye l, epi ki te mete l anlè, epi ki te ba li kle sali yo sou konsèy ak direksyon Sen an, ki san kòmansman jou oubyen ki san finisman nan lavi l.

17 An verite, an verite, m di nou, nou se timoun piti, epi nou pa t ko konprann ki kalite gwo benediksyon Papa a gen nan men pa l epi li te prepare pou nou;

18 Epi nou pa kapab asipòte tout bagay kounyeya; sepandan, fè kè nou kontan, paske m ap bdirije nou. Wayòm nan pou nou epi benediksyon ki ladan l yo pou nou, epi richès cletènite yo pou nou.

19 Epi yon moun ki resevwa tout bagay avèk aremèsiman, l ap glorifye; epi bagay ki sou tè sa a ap ajoute sou sa li genyen, menm yon bsantèn fwa, wi, menm plis.

20 Se poutèt sa, Redanmtè nou an, Pitit Gason aAman an menm k ap ranje tout bagay anvan l monte bavèk nou an di, fè bagay m te kòmande nou yo.

21 Paske, nou se alegliz Premyene a, epi li pral monte bavèk nou nan nyaj yo, pou l bay chak moun pòsyon pa l.

22 Epi yon moun afidèl ki se yon bresponsab ki saj, ap eritye ctout bagay. Amèn.