Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 81


Seksyon 81

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, 15 Mas 1832. Frederick G. Williams resevwa apèl kòm gran prèt ak konseye nan Prezidans Gran Prètriz la. Rejis istorik yo montre, lè yo te resevwa revelasyon sa a, nan Mas 1832, revelasyon an te aple Jesse Gause nan ofis konseye pou Joseph Smith nan Prezidans la. Sepandan lè l pa t kontinye nan yon fason konsistan nan ofis sa a, apèl la te vin transfere sou Frederick G. Williams. Revelasyon an (ki date Mas 1832) ta dwe konsidere kòm yon pa nan direksyon òganizasyon ofisyèl Premye Prezidans lan, presizeman apèl pou ofis kòm konseye nan òganizasyon sa a epi l eksplike diyite chaj sa a. Frè Gause te sèvi pou yon tan, men, li te ekskominye nan Legliz la an Desanm 1832. Frè Williams te òdone nan ofis presize a 18 Mas 1833.

1–2, Se Premye Prezidans lan ki toujou kenbe kle wayòm nan; 3–7, Si Frederick G. Williams fidèl nan ministè li a, l ap gen lavi etènèl.

1 An verite, an verite, m di nou, sèvitè m nan, Frederick G. Williams: Koute vwa moun k ap pale a, pawòl Senyè Bondye nou an, epi koute apèl nou te resevwa a, menm pou nou vin yon agran prèt nan legliz mwen an, epi yon konseye pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la;

2 Limenm m te bay akle wayòm nan yo, ki toujou pou bPrezidans Gran Prètriz la:

3 Se poutèt sa, an verite, m rekonèt li epi m ap beni l, epi ou menm tou, toutotan ou fidèl nan konsèy nan ofis m te lonmen wou nan, nan priye tout tan, byenfò epi nan kè ou, an piblik ak an prive, epi tou nan ministè w la nan pwoklamasyon levanjil la nan peyi moun vivan yo, epi pami frè w yo.

4 Epi lè ou fè bagay sa yo, ou pral fè pi gwo byen pou pwochen ou yo, epi ou pral devlope alaglwa moun ki se Senyè ou la.

5 Se poutèt sa, ou dwe fidèl; kanpe nan ofis m te lonmen ou la; pote moun ki fèb yo asekou, leve men ki pandye yo, epi branfòse jenou ki cfèb yo.

6 Epi si ou fidèl jiska lafen, w ap gen yon kouwòn aimòtalite, ak blavi etènèl nan wayòm m te pare nan ckay Papa m nan.

7 Gade, epi vrèman, sa yo se pawòl Alfa ak Omega, Jezikri a menm. Amèn.