Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 82


Seksyon 82

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Independence, Konte Jackson, Missouri, 26 Avril 1832. Sete okazyon yon konsèy gran prèt ak ansyen nan Legliz la. Nan konsèy la, yo te soutni Joseph Smith kòm Prezidan Gran Prètriz la, nan ofis sa a yo te deja lonmen l, pandan yon konferans gran prèt, ansyen, ak manm, nan Amherst, Ohio, 25 Janvye 1832 (gade nan antèt seksyon 75 la). Revelasyon sa a repete enstriksyon yo te bay nan yon premye revelasyon (seksyon 78) pou etabli yon antrepriz—koni kòm Antrepriz Ini (sou direksyon Joseph Smith, tèm “lòd” la te vin ranplase “antrepriz” la nan apre)—pou gouvène zafè komèsyal ak zafè piblikasyon Legliz la.

1–4, Kote moun resevwa anpil, y ap mande l anpil; 5–7, Tenèb kouvri mond lan; 8–13, Senyè a anba obligasyon lè nou fè sa Li di; 14–18, Siyon dwe grandi nan bèlte ak sentete; 19–24, Chak moun ta dwe chèche enterè pwochen l.

1 An verite, an verite, m di nou, sèvitè m yo, toutotan nou apadone youn lòt peche nou yo, se konsa, mwen menm Senyè a, m ap padone nou.

2 Sepandan gen moun pami nou ki peche anpil; wi, menm nou atout fè peche; men, an verite m di nou, pran prekosyon depi kounyeya, pa fè peche pou jijman kriyèl pa tonbe sou tèt nou.

3 Paske yon moun ki resevwa aanpil, y ap bmande l anpil; epi yon moun ki cpeche kont pi gwo dlimyè a, l ap resevwa pi gwo kondanasyon an.

4 Nou rele non mwen pou arevelasyon, epi m ba nou yo; epi toutotan nou pa kenbe pawòl mwen ba nou yo, n ap vin tounen transgresè; epi blajistis ak jijman se sanksyon ki atache avèk lalwa mwen.

5 Se poutèt sa, sa m di yon moun m di tout moun ni: aVeye, paske badvèsè a ap gaye dominasyon l, epi ctenèb ap reye;

6 Epi kòlè Bondye limen kont abitan yo ki sou tè a; epi yo youn p ap fè sa ki byen, paske yo tout soti sou achemen an.

7 Epi kounyeya, an verite m di nou, mwen menm, Senyè a, m p ap mete okenn apeche sou nou; ale fè wout nou epi pa peche ankò; men, nanm ki ta peche a, bansyen peche yo ap retounen sou li ankò. Se sa Senyè Bondye nou an di.

8 Epi ankò, m di nou konsa, m ba nou yon anouvo kòmandman, pou nou kapab konprann volonte m konsènan nou;

9 Oubyen, m vle di, m ba nou direksyon kòman nou kapab aaji devan mwen, pou sa kapab tounen pou sali nou.

10 Mwen menm Senyè a m anba aobligasyon lè nou fè sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen pwomès.

11 Se poutèt sa, an verite m di nou, li nesesè pou sèvitè m yo Edward Partridge ak Newel K. Whitney, A. Sidney Gilbert ak Sidney Rigdon, ak sèvitè m nan Joseph Smith, ak John Whitmer, ak Oliver Cowdery, ak Parley P. Pratt ak Martin Harris mete tèt yo aansanm nan yon kontra epi avèk yon alyans ki pa kapab defèt poutèt transgresyon, san jijman pa vini imedyatman, nan diferan responsablite nou yo—

12 Pou administre zafè moun pòv yo, ak tout bagay ki gen rapò avèk episkopa a nan peyi Siyon an ak nan peyi Kirtland nan;

13 Paske m konsakre peyi Kirtland nan tan pa mwen pou benefis sen Bondye Ki Pi Wo a, epi kòm yon apye pou Siyon.

14 Paske Siyon dwe grandi nan bèlte ak nan sentete; fwontyè l yo dwe laji; pye l yo dwe ranfòse; wi, an verite m di nou, aSiyon dwe leve pou l mete bèl brad li yo sou li.

15 Se poutèt sa, m ba nou kòmandman sa a, pou nou angaje tèt nou nan alyans sa a, epi sa pral fèt daprè lalwa Senyè a yo.

16 Gade, sa se lasajès pa mwen tou pou byen pa nou.

17 Epi nou dwe aegal, ki vle di, nou dwe gen menm dwa sou pwopriyete yo, pou nou kapab gen benefis pou administre bagay nou genyen sou responsablite nou yo, chak moun daprè bezwen yo ak nesesite yo, toutotan bezwen yo jis—

18 Epi tout bagay sa yo pou benefis legliz Bondye vivan an, pou chak moun kapab devlope atalan yo, pou chak moun kapab jwenn lòt talan, wi, menm san fwa plis, pou mete nan bmagazen Senyè a, pou vin tounen pwopriyete ki piblik pou tout legliz la—

19 Pou chak moun chèche enterè pwochen yo, epi pou yo fè tout bagay avèk aje yo fikse sou laglwa Bondye.

20 aLòd sa a, m te lonmen l kòm l yon lòd etènèl pou nou, ak pou siksesè nou yo, toutotan nou pa peche.

21 Epi nanm ki peche kont alyans sa a epi ki fè kè l di kont li, y ap trete l daprè lalwa legliz mwen an, epi l ap livre anba atouman Satan jouk nan jou redanmsyon an.

22 Epi kounyeya, an verite, m di nou, epi se lasajès, fè zanmi avèk mamon enjistis la, epi yo p ap detwi nou.

23 Kite tout jijman nan men m, paske se pa m li ye epi m ap aegzekite l. Lapè avèk nou; benediksyon m yo ap kontinye avèk nou.

24 Paske awayòm nan deja pou nou, epi l ap pou nou pou tout tan, si nou pa kite chemen dwat nou an. Se sa menm. Amèn.