Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 83


Seksyon 83

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Independence, Missouri, 30 Avril 1832. Pwofèt la te resevwa revelasyon sa a pandan l te chita nan konsèy avèk frè l yo.

1–4, Fi ak timoun gen dwa pou mari yo ak papa yo sipòte yo; 5–6, Vèv ak òfelen gen dwa pou Legliz la sipòte yo.

1 Anverite, Senyè a di, kòm diplis sou lalwa legliz la konsènan fi yo ak timoun yo, sa yo ki manm legliz la, ki te apèdi mari yo oubyen papa yo:

2 Fi gen adwa pou mari yo pran swen yo, jistan mari yo mouri; epi si yo pa tonbe nan transgresyon, y ap jwenn fratènite nan legliz la.

3 Epi si yo pa fidèl, yo p ap jwenn fratènite nan legliz la; malgre sa, yo kapab rete sou eritaj yo daprè lalwa peyi a.

4 Tout atimoun gen dwa pou paran yo pran swen yo jistan yo gen laj majè.

5 Epi apre sa, yo gen dwa nan legliz la, ki vle di nan amagazen Senyè a, si paran yo pa genyen pou ba yo eritaj.

6 Epi se konsekrasyon legliz la yo ki dwe kenbe magazen an; epi yo dwe pran swen avèv yo ak òfelen yo, menm jan avèk bpòv yo tou. Amèn.