Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 85


Seksyon 85

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 27 Novanm 1832. Seksyon sa a se yon ekstrè nan yon lèt Pwofèt la te voye bay William W. Phelps, ki te abite nan Independence, Missouri. Se te yon repons pou kesyon konsènan Sen ki te demenaje ale nan Siyon yo, men ki pa t suiv kòmandman pou konsakre pwopriyete yo epi akozdesa yo pa t resevwa eritaj yo selon lòd yo te etabli nan Legliz la.

1–5, Konsekrasyon se kondisyon pou nou resevwa eritaj nan Siyon; 6–12, Yon moun puisan ak djanm pral bay sen yo eritaj yo nan Siyon.

1 Se devwa grefye Senyè a, li te lonmen an, pou kenbe istwa ak arejis jeneral legliz la konsènan tout bagay ki pase nan Siyon, epi konsènan tout moun ki bkonsakre pwopriyete, epi ki resevwa eritaj legalman nan men evèk la;

2 Ak fason yo viv, lafwa yo ak zèv yo; epi tou konsènan aposta yo ki apostazye apre yo fin resevwa eritaj yo.

3 Se yon bagay ki kontrè ak volonte epi ak kòmandman Bondye pou moun ki pa resevwa eritaj yo nan akonsekrasyon, daprè lalwa li te bay la, pou l kapab fè pèp li a bpeye ladim nan, pou prepare yo pou jou cvanjans ak dife a, ta gen non yo sou lis ansanm avèk pèp bondye a.

4 Ni tou pou kenbe jeneyaloji yo, oubyen kite l kote moun kapab jwenn li sou nenpòt nan rejis oubyen nan istwa legliz la.

5 Senyè tout Lame yo di, moun p ap jwenn non yo, ni non Papa yo, ni non pitit yo nan aliv lalwa Bondye a.

6 Wi, ti vwa adous ki pale nan moun epi ki bpèse tout bagay la, epi ki souvan fè zo m tranble pandan l ap manifeste a di:

7 Epi se pral konsa, mwen menm Senyè Bondye a, m pral voye yon moun ki pisan epi ki djanm, ki gen baton pouvwa a nan men li a, ki abiye avèk limyè kòm kouvèti a, epi bouch li pral pale pawòl, pawòl etènèl; pandan zantray li pral yon fontèn verite, pou mete kay Bondye a nan lòd, epi pou ranje ak tiraj osò eritaj sen yo ki gen non yo ekri, ak non Papa yo ak non pitit yo, nan liv lalwa Bondye a;

8 Alòske moun sa a Bondye te aple epi l te lonmen an, ki lonje men l pou l ranfòse alach Bondye a pral tonbe anba frap lanmò tankou yon pyebwa ki tonbe anba flanm vivan zeklè.

9 Epi tout sa ki pa gen non yo ekri nan aliv souveni an yo p ap jwenn eritaj nan jou sa a, men, y ap koupe fè de bout, epi y ap jwenn pozosyon pami enkredil yo kote ki gen bkriye ak manje dan.

10 M pa di bagay sa yo poutèt pa m; se poutèt sa jan Senyè a pale a se konsa l ap akonpli tou.

11 Epi moun ki fè pati Gran Prètriz la, epi ki pa gen non yo ekri nan aliv lalwa a, oubyen ki te bapostazye yo, oubyen yo te csoti nan legliz la, menm jan ak moun ki gen pi piti prètriz la, oubyen manm yo, nan jou sa a yo p ap jwenn eritaj pami sen Bondye Ki Pi Wo a;

12 Se poutèt sa, y ap trete yo tankou pitit prèt la, jan nou wè nan rejis dezyèm chapit ki nan swasanteyinyèm ak dezyèm vèsè liv Esdras.