Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 86


Seksyon 86

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 6 Desanm 1832. Pwofèt la te resevwa revelasyon sa a pandan l t ap revize epi korije maniskri tradiksyon Bib la.

1–7, Senyè a bay siyifikasyon parabòl ble ak move zèb la; 8–11, Li eksplike benediksyon prètriz la pou moun ki eritye legal yo daprè fizik la.

1 An verite mwen, Senyè a m di sèvitè m yo, konsènan aparabòl ble ak move zèb la:

2 Gade, an verite m di, jaden an se te mond lan, epi apot yo se te moun ki t ap simen semans yo;

3 Epi apre yo te tonbe nan somèy, gran pèsekitè legliz la, aposta a, postitye a, sa vle di aBabilòn, ki fè tout nasyon yo bwè nan tas li a, ki bay plas nan kè yo ou ènmi an, sa vle di Satan, chita pou l reye—gade, l ap simen move zèb yo; se poutèt sa move zèb yo toufe ble a epi li mennen blegliz la ale nan dezè a.

4 Men gade, nan adènye jou yo, kounyeya menm pandan Senyè a kòmanse pote pawòl la, epi tij la monte anlè epi li toujou wòwòt—

5 Gade an verite, m di nou, azanj yo ap kriye nan pye Senyè a lajounen tankou nan nuit, yo pare epi y ap rete tann pou voye yo brekòlte jaden an;

6 Men, Senyè a di yo, pa rache move zèb sa yo pandan tij yo wòwòt la (paske gade lafwa nou fèb), pou nou pa detwi ble a tou.

7 Se poutèt sa, kite ble a ak move zèb la grandi ansanm jistan rekòt la mi nèt; apre sa n ap rasanble ble a pami move zèb yo dabò, epi apre nou fin rasanble ble a, gade mare move zèb yo la pral mare fè pakèt, epi jaden an pral rete pou l boule.

8 Se poutèt sa, Senyè a di nou, noumenm aprètriz la te kontinye avèk nou an, nan liyaj Papa nou yo—

9 Paske nou se aeritye legal daprè kò fizik la, epi nou te bkache lwen mond lan avèk Kris la nan Bondye—

10 Se poutèt sa vi nou ak prètriz la rete, epi li dwe rete nan noumenm ak liyaj nou jouk nan nou aretablisman tout bagay bouch pwofèt sen yo te pale depi mond lan te kòmanse a.

11 Se poutèt sa, nou beni si nou kontinye nan bonte m, yon alimyè pou Janti yo epi pa mwayen prètriz sa a, yon sovè pou pèp bIzrayèl mwen an. Senyè a te di sa. Amèn.