Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 89


Seksyon 89

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 27 Fevriye 1833. Kòm konsekans pou frè yo ki t ap itilize tabak nan reyinyon yo, pwofèt la te rete ap medite sou sitiyasyon an; apre, li te mande Senyè a sou sa. Revelasyon sa a nou konnen kòm Pawòl Sajès la, te vini kòm rezilta.

1–9, Itilizasyon diven, bwason fò, tabak, ak bwason cho, aboli; 10–17, Fèy, fwi, vyann, ak grenn se bagay ki fèt pou sèvi lòm ak animal yo; 18–21, Obeyisans nan lalwa levanjil la, ansanm avèk Pawòl Sajès la, pote benediksyon tanporèl ak espirityèl.

1 Yon aPawòl Sajès, pou benefis konsèy gran prèt yo, ki rasanble nan Kirtland, ak nan legliz la, epi tou sen yo ki nan Siyon yo—

2 Pou voye salitasyon; non pa kòm kòmandman oubyen kontrent, men, kòm revelasyon ak pawòl sajès, pou montre lòd ak avolonte Bondye nan sali tanporèl tout sen yo nan dènye jou yo—

3 Li te bay kòm yon prensip avèk yon apwomès, ki adapte avèk kapasite fèb yo ak sa ki pi fèb yo pami bsen yo, ki oubyen ki kapab pote non sen.

4 Gade, an verite, Senyè a di nou: kòm konsekans amechanste ak plan ki egziste epi ki pral egziste nan kè moun k ap bkonspire nan dènye jou yo, m ba nou cpawòl sajès sa a pa mwayen revelasyon, pou m kapab avèti nou epi m avèti ou alavans—

5 Toutotan moun bwè adiven oubyen bwason fò pami nou, gade sa pa bon, ni tou sa pa konvenab devan Papa nou, sèlman pou nou rasanble ansanm pou nou ofri sakreman nou devan l.

6 Epi, gade, se ta dwe diven, wi, diven api ki soti nan pye rezen an, nou fè pou tèt pa nou.

7 Epi ankò, bwason a pa pou vant moun, men, se pou lave kò moun.

8 Epi ankò, tabak pa pou a moun, ni pou vant moun, men, se yon fèy pou blese ak tout bèt ki malad, ki dwe itilize avèk jijman epi avèk konesans.

9 Epi ankò, bwason cho yo pa bon pou kò moun oubyen vant moun.

10 Epi ankò, an verite, m di nou, se Bondye ki te prepare an verite afèy pou konstitisyon, nati, ak itilite lòm—

11 Chak fèy nan sezon pa li epi chak fwi nan sezon pa li; tout sa dwe itilize avèk pridans epi avèk aremèsiman.

12 Wi, mwen menm Senyè a, m prepare avyann bbèt ak zwazo ki anlè a, pou itilite lòm avèk remèsiman; sepandan yo dwe itilize avèk clasajès;

13 Epi sa fè m plezi pou moun pa itilize yo, eksepte pandan livè, lè l fè frèt oubyen famin.

14 Tout agrenn konsakre pou itilite lòm ak bèt, kòm soutyen pou lavi, non sèlman pou lòm, men pou bèt yo ki nan jaden yo, ak zwazo yo ki anlè a, ak tout sovaj k ap kouri epi k ap rale sou vant yo atè a.

15 Epi Bondye te kreye bagay sa yo pou itilite lòm sèlman nan tan famin ak anpil grangou.

16 Tout grenn bon pou nouri lòm; menm jan avèk fwi pye rezen; ki bay fwi, menm si se anba tè a oubyen sou tè a—

17 Sepandan, ble pou lòm, mayi pou bèf, avwàn pou cheval, pay ble pou volay ak kochon, ak tout bèt ki nan jaden yo, lòj pou tout animal ki itil, ak bwason ki dou, ak lòt grenn.

18 Epi tout sen ki sonje pou kenbe epi pou obsève pawòl sa yo, ki mache nan obeyisans nan kòmandman yo, ap resevwa asante nan lonbrit yo ak mwèl nan zo yo;

19 Epi y ap jwenn alasajès ak gwo trezò bkonesans, trezò ki kache menm;

20 Y ap akouri epi yo p ap fatige, y ap mache epi yo p ap fayi.

21 Epi mwen menm Senyè a, m bay yon apwomès ki fè konnen, zanj destriktè a pral bpase bò kote yo, menm jan avèk pitit Izrayèl yo epi l p ap touye yo. Amèn.