Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 9


Seksyon 9

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Oliver Cowdery, nan Harmony, Pennsylvania, an Avril 1829. Oliver resevwa egzòtasyon pou l pasyan ak envitasyon pou l kontan pou l ekri, pou moman sa a, sou dikte tradiktè a, tan pou l ta chèche tradui.

1–6, Gen lòt ansyen rejis ki pou tradui; 7–14, Liv Mòmon an tradui pa mwayen etid epi pa mwayen konfimasyon espirityèl.

1 Gade, m di ou, pitit gason m nan, paske ou pa t atradui jan ou te mande m nan, epi ou te kòmanse bekri ankò pou Joseph Smith, pitit la, sèvitè m nan, konsa menm, m ta vle ou kontinye jistan ou fini avèk rejis sa a, m te konfye l la.

2 Epi apre sa, gade, m gen alòt brejis, m pral ba ou pouvwa pou ou kapab ede l tradui.

3 Pran pasyans, pitit gason m nan, paske se daprè lasajès pa m, epi se pa nesesè pou ou tradui kounyeya.

4 Gade, travay ou resevwa apèl pou ou fè a se pou ou ekri pou Joseph, sèvitè m nan.

5 Epi, gade, se poutèt ou pa t kontinye jan ou te kòmanse a, lè ou te kòmanse tradui a, m te wete privilèj sa a nan men ou.

6 Pa aplenyen, pitit gason m, paske se daprè lasajès mwen m te sèvi avèk ou nan fason sa a.

7 Gade, ou pa t konprann; ou te panse m t ap ba ou l, alòske ou pa t fè anyen, eksepte ou te mande m.

8 Men, gade, m di ou, ou dwe aetidye l nan panse ou; apre sa ou dwe bmande m si se jis, epi si se jis, m ap fè cpwatrin ou dchofe andedan w; se konsa, ou ap ekonnen li byen.

9 Men si se pa jis ou p ap gen okenn santiman konsa, men w ap gen yon akonfizyon nan panse ou k ap fè ou bliye bagay ki mal la; se poutèt sa, ou pa kapab ekri bagay ki sakre san ou pa resevwa l nan men m.

10 Kounyeya, si ou te konnen bagay sa ou t ap kapab atradui; men, se pa nesesè pou ou tradui kounyeya.

11 Gade, sa te nesesè lè ou te kòmanse; men ou te a, epi lè a pase, epi se pa nesesè kounyeya;

12 Paske, èske ou pa wè m te bay aJoseph, sèvitè m nan ase fòs pou kore l? Epi m pa t kondane ni ou ni li.

13 Fè bagay sa m te kòmande ou fè a, epi w ap pwospere. Gen fidelite, epi pa lage bay atantasyon ankò.

14 Kenbe fèm nan atravay m te ba ou bapèl la, epi yon cheve nan tèt ou p ap pèdi, epi m ap cleve ou nan dènye jou a. Amèn.