Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 94


Seksyon 94

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 2 Out 1833. Hyrum Smith, Reynolds Cahoon, ak Jared Carter lonmen kòm komite pou konstriksyon nan Legliz la.

1–9, Senyè a bay yon kòmandman ki gen relasyon avèk konstriksyon yon kay pou travay Prezidans la; 10–12, Yon kay pou enprime dwe bati; 13–17, Kèk eritaj deziye.

1 Epi ankò, an verite m di nou, azanmi m yo, m ba nou yon kòmandman, pou nou kòmanse travay pou nou fè plan an yo epi pou nou prepare kòmansman ak fondasyon vil bpye Siyon an, isit la nan peyi Kirtland nan, pou kòmanse avèk kay mwen an.

2 Epi gade li dwe fèt daprè amodèl m te ba nou an.

3 Epi se pou premye anplasman nan sid la konsakre pou mwen pou konstriksyon yon kay pou Premye Prezidans la, pou travay prezidans la, pou yo jwenn revelasyon; epi pou travay ministè aprezidans la, nan tout bagay ki gen rapò avèk legliz la ak wayòm nan.

4 An verite m di nou, li dwe konstwi senkannsenk pye sou swasann-senk nan lajè ak longè, nan chanm andedan an.

5 Epi pral gen yon chanm anba ak yon chanm anwo, daprè modèl m pral ba nou an pita a.

6 Epi li pral dedye pou Senyè a depi nan fondasyon an, daprè lòd prètriz la, daprè modèl m pral ba nou pita a.

7 Epi li pral dedye totalman pou Senyè a pou travay prezidans la.

8 Epi nou pa dwe kite okenn bagay ki apapwòp vini ladan l; epi blaglwa mwen pral ladan l, epi prezans mwen pral ladan l.

9 Men, si nenpòt bagay ki apapwòp vini ladan l, laglwa mwen p ap ladan l; epi prezans mwen p ap vini ladan l.

10 Epi ankò, an verite m di nou, dezyèm anplasman nan sid la dwe dedye pou mwen, pou konstriksyon yon kay pou mwen, pou travay aenprime btradiksyon ekriti m yo, ak tout lòt bagay m pral kòmande nou.

11 Epi li dwe mezire senkannsenk sou swasann-senk pye nan lajè l ak nan longè l, nan chanm andedan an; epi dwe genyen yon chanm anba ak yon chanm anwo.

12 Epi kay sa a dwe dedye totalman pou Senyè a depi nan fondasyon an, pou travay enprime, nan tout bagay m pral kòmande nou, pou l sen, san salte, daprè modèl nan tout bagay jan m pral ba nou an.

13 Epi sou twazyèm anplasman an sèvitè m nan Hyrum Smith pral resevwa eritaj li.

14 Epi sou premye ak dezyèm anplasman ki nan nò a, sèvitè m yo Reynolds Cahoon ak Jared Carter pral resevwa eritaj yo—

15 Pou yo kapab fè travay m te ba yo a, kòm komite pou yo bati kay mwen yo, daprè kòmandman mwen menm, Senyè Bondye a, m te ba nou.

16 De kay sa yo pa dwe bati jistan m ba nou yon kòmandman konsènan yo.

17 Epi kounyeya m pa ba nou plis pou kounyeya. Amèn.