Ekriti yo
Deklarasyon Ofisyèl 1


Deklarasyon Ofisyèl 1

Bib la ak Liv Mòmon an anseye ke monogami se prensip Bondye tabli pou maryaj sof si Li deklare otreman (gade 2 Samyèl 12:7–8 ak Jakòb 2:27, 30). Apre yon revelasyon Joseph Smith te resevwa, li te aplike pratik maryaj pliral la nan pami manm Legliz yo nan kòmansman ane 1840 yo (gade seksyon 132). Soti nan ane 1860 yo rive nan ane 1880 yo, gouvènman Etazini an te pase lwa pou te fè pratik relijye sa a ilegal. Lakou Siprèm Etazini an te finalman soutni lwa sa yo. Apre l te fin resevwa revelasyon an, Prezidan Wilford Woodruff te pibliye Deklarasyon sa a, ke Legliz la te aksepte kòm yon bagay ofisyèl e obligatwa nan 6 Oktòb 1890. Sa te mete fen nan pratik maryaj pliral la nan Legliz la.

Pou moun sa konsènen:

Nouvèl te ekspedye soti nan laprès Salt Lake City, nan objektif politik, ki te pibliye tout kote, pou deklare, Komisyon Utah a, nan dènye rapò yo te voye bay sekretè d Eta enteryè a, yo te di maryaj pliral toujou selebre epi te gen karant oubyen plis maryaj konsa ki te fèt nan Utah depi mwa Jen pase oubyen pandan ane pase a, epi nan diskou piblik, dirijan Legliz yo te anseye, ankouraje epi yo te menm pouse moun pou kontinye pratik poligami an—

Se poutèt sa, kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, m deklare, nan fason ki pi solanèl la, akizasyon sa a fo. Nou p ap ansenye poligami oubyen maryaj pliral, ni pèmèt pèsonn kontrakte pratik sa a, epi m nye pawòl ki di te gen karant oubyen nenpòt lòt kantite maryaj pliral pandan peryòd sa a ki te selebre nan Tanp nou yo oubyen nan nenpòt lòt kote nan teritwa a.

Te gen yon ka ki te rapòte, nan ka sa a, yo te fè konnen maryaj la te selebre nan Kay Dotasyon an, nan Salt Lake City, nan Prentan 1889 la, men, m pa t janm kapab aprann kiyès ki te selebre seremoni an; kèlkeswa sa ki te pase sou sijè a, sa te fèt san m pa t konnen. Kòm konsekans pou akizasyon sa a, m te bay enstriksyon pou yo demoli Kay Dotasyon an san delè.

Depi Kongrè a te vote lalwa pou entèdi maryaj pliral, lalwa tribinal lajistis te deklare konstitisyonèl, m deklare entansyon m pou m soumèt mwen anba lalwa sa yo, epi pou m itilize enfliyans mwen sou manm yo ki nan Legliz la m ap prezide yo, pou m fè yo fè menm jan an.

Pa gen anyen nan ansèyman m bay Legliz la oubyen nan ansèyman asosye m yo, pandan epòk ki presize a, ki kapab konsidere kòm ankourajman pou maryaj pliral epi lè nenpòt ansyen ki nan Legliz la itilize langaj ki bay enpresyon li mansyone ansèyman konsa, li korije imedyatman. Epi kounyeya, m deklare an piblik, konsèy m bay Sen Dènye Jou yo, se pou yo evite selebre nenpòt maryaj lalwa peyi a defann.

Wilford Woodruff

Prezidan Legliz Jezikri pou
Sen Dènye Jou yo.

Prezidan Lorenzo Snow te di bagay sa a:

“M konsidere, paske m rekonèt Wilford Woodruff kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi kòm sèl moun sou tè a pou kounyeya ki gen kle òdonans pou sele moun ansanm, nou konsidere l totalman otorize akoz pozisyon l, pou l fè deklarasyon yo te li nan asanble nou an, ki date 24 Septanm 1890 la, epi kòm Legliz la te rasanble nan Konferans Jeneral, nou aksepte deklarasyon li a konsènan maryaj pliral kòm otorize epi final.”

Salt Lake City, Utah, 6 Oktòb 1890.

Pati ki soti nan twa diskou Prezidan
Wilford Woodruff te fè konsènan
Deklarasyon Ofisyèl la

Senyè a p ap janm pèmèt mwen oubyen nenpòt lòt moun ki Prezidan Legliz sa a egare nou. Se pa plan an sa. Sa pa nan panse Bondye. Si m ta eseye fè sa, Senyè a t ap wete m nan plas mwen an, epi se konsa l ap fè nenpòt lòt moun ki eseye egare pitit lèzòm yo nan revelasyon Legliz la epi nan devwa yo. (Swasanteyinyèm Konferans Jeneral Legliz la, Lendi 6 Oktòb 1890, Salt Lake City, Utah. Rapòte nan Deseret Evening News, 11 Oktòb 1890, p. 2.)

Pa gen diferans sou kiyès ki vivan oubyen ki mouri, oubyen kiyès ki aple pou dirije Legliz la, yo dwe dirije l avèk enspirasyon Bondye Toupisan an. Si yo pa kapab fè l nan fason sa a, yo pa kapab fè l ditou. …

M te gen kèk revelasyon dènyèman, kèk ki enpòtan anpil pou mwen, epi m pral di ou sa Senyè a te di m. Kite m mete panse ou sou sa deklarasyon ofisyèl la vle di. …

Senyè a te di m konsa pou m mande Sen Dènye Jou yo yon kesyon, epi li te di m konsa si yo vle koute sa m gen pou m di yo a, epi yo reponn kesyon m poze yo a, avèk Lespri epi avèk pouvwa Bondye, tout repons yo ap menm jan, epi yo tout ap kwè menm bagay sou sijè sa a.

Men kesyon an: Ki fason ki pi saj pou Sen Dènye Jou yo suiv—Kontinye eseye pratike maryaj pliral, avèk lalwa nasyon an kont sa ak opozisyon sis milyon moun, epi nan yon pri pou gouvènman an konfiske epi pou nou pèdi Tanp nou yo, pou yo sispann tout òdonans ki nan Tanp yo, pou ni vivan yo ak mò yo, epi anprizonman Premye Prezidans la ak Douz Apot yo ak tèt fanmi yo ki nan Legliz la, ak konfiskasyon pwopriyete pèsonèl pèp la (pou yo tout ta sispann pratik la pou tèt pa yo); oubyen, obeyi ak soufri sa nou dwe nan obeyisans prensip sa a, pou nou sispann pratik la epi pou nou soumèt nou anba lalwa a, epi lè nou fè sa, pou Pwofèt yo, Apot yo, ak papa yo ki nan kay yo kapab viv, pou yo kapab enstwi pèp la pou akonpli devwa yo nan Legliz la, epi pou kite Tanp yo nan men Sen yo, pou yo kapab patisipe nan òdonans levanjil yo, Ni pou vivan yo ak mò yo?

Senyè a te montre m nan vizyon ak revelasyon egzakteman sa ki t ap pase si nou pa t sispann pratik sa a. Si nou pa t sispann li, nou pa t ap gen okenn rezon pou … okenn òm nan Tanp Logan nan; paske tout òdonans t ap sispann nan peyi Siyon an. Konfizyon t ap renye nan Izrayèl, epi anpil òm t ap vin tounen prizonye. Pwoblèm sa a t ap tonbe sou tout Legliz la, epi yo t ap oblije nou sispann pratik la. Kounyeya kesyon an se si nou dwe sispann nan fason sa a, oubyen nan fason Senyè a te manifeste nou an, kite Pwofèt ak Apot nou yo, ak papa yo kòm dèzòm lib, ak Tanp yo nan men pèp la, pou mò yo kapab rachte. Pèp sa a te deja delivre yon gwo kantite ladan yo anba men prizon ki nan mond dèzespri a, epi èske travay la dwe kontinye oubyen sispann? Se kesyon sa m mete devan Sen Dènye Jou yo. Nou dwe jije pou tèt pa nou. M vle nou reponn kesyon an pou tèt pa nou. M p ap reponn li; men, m di nou, se egzakteman nan kondisyon sa a nou t ap ye, kòm yon pèp, si nou pa t fè chwa nou fè a.

… M te wè egzakteman sa ki t ap pase si nou pa t fè anyen. M te gen lespri sa a sou mwen lontan. Men, m vle di: M t ap kite tout Tanp yo soti nan men nou; m ta pral nan prizon pou tèt pa m, epi m t ap kite chak òm ale tou, si Bondye nan syèl la pa t kòmande m fè sa m te fè a; epi lè Senyè a te kòmande m fè sa te rive, sa te konplètman klè pou mwen. M t ale devan Senyè a, epi m te ekri sa Senyè a te di m ekri a. …

M mete sa devan nou pou nou kontanple epi pou nou konsidere. Senyè a ap travay avèk nou. (Cache Konferans Pye, Logan, Utah, Dimanch, 1 Novanm 1891. Rapòte nan Deseret Weekly, 14 Novanm 1891.)

M pral di ou ki sa m te wè ak kisa Pitit Gason Bondye a te akonpli nan bagay sa a. … Tout bagay sa yo ta pral pase, jan Bondye Toupisan an vivan an, si nou pa t resevwa deklarasyon ofisyèl la. Se poutèt sa, Pitit Gason Bondye a te santi l dispoze pou l fè prezante bagay sa a devan Legliz la ak devan mond lan pou objektif ki nan pwòp panse pa li. Senyè a te dekrete tablisman Siyon. Li te dekrete finisman tanp sa a. Li te dekrete pou sali vivan yo ak mò yo fèt nan vale mòn sa yo. Epi Bondye Toupisan an te dekrete pou Dyab la pa deranje l. Si ou kapab konprann sa, se kle a sa. (Nan yon diskou nan sizyèm sesyon konsekrasyon Tanp Salt Lake la, an Avril 1893. Dokiman daktilografye Sèvis konsekrasyon, Achiv, Depatman Istorik Legliz la, Salt Lake City, Utah.)