Ekriti yo
Deklarasyon Ofisyèl 2


Deklarasyon Ofisyèl 2

Liv Mòmon an anseye ke “tout moun se menm pou Bondye,” enkli “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi” (2 Nefi 26:33). Atravè istwa Legliz la, moun tout ras ak tout kilti nan anpil peyi te batize epi yo te viv kòm manm fidèl Legliz la. Pandan epòk Joseph Smith la, gen kèk manm gason nwa nan Legliz la ki te òdone nan prètriz la. Nan kòmansman istwa legliz la, dirijan legliz yo te sispann bay gason nwa ki te desandan Afriken yo prètriz la. Rejis yo nan Legliz la pa bay okenn eksplikasyon klè sou orijin pratik sa a. Dirijan Legliz yo te kwè ke yo te bezwen yon revelasyon nan men Bondye pou sispann pratik sa a epi yo te chèche direksyon Li nan lapriyè. Spencer W. Kimball, Prezidan Legliz la, te resevwa revelasyon an epi lòt dirijan Legliz yo te resevwa konfimasyon sou li nan Tanp Salt Lake la jou 1 Jen 1978 la. Revelasyon an te anile tout entèdiksyon konsènan ras yo te aplike nan prètriz la anvan.

Pou moun sa konsène:

Nan 30 Septanm 1978, nan 148èm Konferans Semi Anyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, Prezidan N. Eldon Tanner, Premye Konseye nan Premye Prezidans Legliz la te prezante bagay sa a:

Nan kòmansman Mwa Jen ane sa a, Premye Prezidans la te anonse Prezidan Spencer W. Kimball te resevwa yon revelasyon ki lonje prètriz la ak benediksyon tanp yo bay tout gason ki diy nan Legliz la. Prezidan Kimball te mande pou m avize konferans la, apre l te fin resevwa revelasyon an, ki te vin jwenn li apre anpil meditasyon ak priyè nan sal sakre yo ki nan Tanp sen an, li te prezante l devan konseye l yo, ki te aksepte l epi apwouve l. Li te prezante devan Kowòm Douz Apot yo, ki te apwouve l jeneralman, epi konsa li te prezante devan lòt Otorite Jeneral yo, ki te apwouve l jeneralman tou.

Prezidan Kimball te mande pou m li lèt sa a kounyeya:

8 Jen 1978

Pou tout ofisye prètriz jeneral ak lokal nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan mond lan:

Frè m yo:

Pandan nou temwen devlopman travay Senyè a sou tè a, nou rekonesan poutèt moun ki nan anpil nasyon yo aksepte mesaj levanjil retabli a, epi yo vin manm legliz la an gran kantite. Bagay sa a te enspire nou avèk yon volonte pou nou lonje tout privilèj ak benediksyon levanjil la kapab pote bay chak gason diy ki manm Legliz la.

Paske nou te konnen pwomès pwofèt ak prezidan Legliz yo ki vini anvan nou yo te fè, ki te di konsa, yon lè, nan plan etènèl Bondye, tout frè nou yo ki diy kapab resevwa prètriz la, epi paske nou te temwen fidelite moun sa yo—nou te priye lontan epi avèk senserite an favè moun sa yo, frè fidèl nou yo, nou te pase anpil tan nan Chanmòt tanp la ap sipliye Senyè a pou direksyon diven.

Li te tande priyè nou yo, epi pa mwayen revelasyon, li te konfime pou fè konnen, jou li te pwomèt depi lontan pou chak òm fidèl ki se yon manm diy Legliz la resevwa prètriz sen an, avèk pouvwa pou egzèse otorite diven ki ladan l nan, epi pou jwi avèk moun li renmen yo chak benediksyon ki koule soti ladan l, ansanm avèk benediksyon tanp yo. Daprè sa, tout gason diy ki manm Legliz la, yo kapab òdone l nan prètriz la san konsiderasyon ras ak koulè. Dirijan prètriz yo resevwa enstriksyon pou yo suiv direksyon pou entèvyouve kandida yo avèk swen pou òdinasyon oubyen nan prètriz Aawon an oubyen Prètriz Mèlkisedèk la pou konnen si yo kalifye pou yo diy.

Nou deklare avèk tèt nou klè, pou fè konnen, Senyè a fè konnen volonte l kounyeya pou benediksyon tout pitit li yo sou tè a ki vle koute vwa sèvitè l yo ki otorize, epi pou yo prepare tèt yo pou yo resevwa chak benediksyon levanjil la.

Sensèman zanmi ou,

Spencer W. Kimball

N. Eldon Tanner

Marion G. Romney

Premye Prezidans la

Kòm nou rekonèt Spencer W. Kimball kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè, ak prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou pwopoze pou noumenm kòm yon asanble reprezantatif aksepte revelasyon sa a kòm pawòl ak volonte Senyè a. Tout moun ki dakò leve men dwat ou pou ou montre sa. Nenpòt moun ki opoze, fè menm siy nan.

Vòt pou soutni mosyon sa a te inanim ak pozitif.

Salt Lake City, Utah, 30 Septanm 1978.