Ekriti yo
Abraram 3


Chapit 3

Abraram aprann konsènan solèy la, lalin nan, ak zetwal yo pa mwayen Ourim ak Toumim nan—Senyè a revele l nati etènèl lespri yo—Li aprann konsènan lavi anvan tè a, preòdinasyon, Kreyasyon an, Chwa yon Redanmtè, ak dezyèm eta lòm nan.

1 Epi mwen menm Abraram, m te gen aOurim ak Toumim Senyè Bondye a m nan te ban mwen lè m te nan Our nan Kalde a;

2 Epi m te wè azetwal yo te gwo anpil, epi youn ladan yo te pi pre twòn Bondye a; epi te gen anpil ki te gwo ki te pre l;

3 Epi Senyè a te di m: Sa yo se sa k ap gouvène yo; epi non sa a ki gwo a se aKolòb, paske li pi pre m, paske m se Senyè Bondye w la: M te tabli sa pou gouvène tout sa yo ki fè pati nan menm lòd la tankou sa w kanpe sou li a.

4 Epi Senyè a te di m pa mwayen Ourim ak Toumim nan, Kolòb te tabli daprè modèl pa Senyè a, daprè tan l ak sezon l yo, nan revolisyon l yo; yon revolisyon se yon ajou pou Senyè a, daprè jan Senyè a konte, epi l se mil bane daprè lè ki te tabli pou sa kote w kanpe a. Se jan Senyè a konte tan, daprè jan Kolòb mezire.

5 Epi Senyè a te di m: Planèt ki gen pi piti limyè a, pi piti pase sa ki dwe gouvène jou a, sa vle di sa a pou aswè a menm, li sipiryè oubyen pi gwo pase sa w kanpe sou li a nan mezire tan, paske li mache pi dousman; li nan lòd paske li plase anwo tè a kote w kanpe a, se poutèt sa, jan l mezire tan pa anpil menm jan tankou kantite jou, ak mwa, ak ane.

6 Epi Senyè a te di m: Kounyeya, Abraram, ade reyalite sa yo egziste, gade, ou wè l avèk je pa w; m ba w dwa pou w konnen kòman pou w idantifye tan, wi, tan ki tabli pou tè a kote w kanpe a, ak tan pi gwo limyè ki tabli pou gouvène jou a, ak tan pi piti limyè ki tabli pou dirije nuit la.

7 Kounyeya, tan ki tabli pou pi piti limyè a pi long pase tan ki tabli pou tè a kote w kanpe a.

8 Epi kote de reyalite sa yo egziste, pral gen yon lòt reyalite sou tèt yo, ki vle di, pral gen yon lòt planèt ki mezire tan pi long ankò;

9 Epi se konsa pral gen planèt ki mezire tan plis pase lòt, jistan ou vini pre Kolòb, Kolòb sa a ki mezire tan daprè kalkil Senyè a; Kolòb sa a ki tabli pre twòn Bondye a, pou gouvène tout planèt ki fè pati nan menm alòd avèk sa w kanpe sou li a.

10 Epi m kite w konnen tan ki tabli pou tout zetwal yo ki plase pou bay limyè, jistan ou vini pre twòn Bondye a.

11 Se konsa, mwen menm Abraram, m te apale avèk Senyè a fasafas, menm jan yon nonm pale avèk yon lòt; epi l te pale m konsènan travay li te fè ak men l yo;

12 Epi l te di m: Pitit gason m nan, pitit gason m nan (epi ponyèt li yo te lonje), gade, m pral montre w tout bagay sa yo. Epi l te mete men l sou je m, epi m te wè bagay sa yo men l te fè yo, ki te anpil; epi yo te miltipliye devan je m, epi m pa t kapab wè finisman yo.

13 Epi l te di m: Sa se Chinea, ki se solèy la. Epi l te di m: Kòkòb, ki se zetwal. Epi l te di m: Olea, ki se lalin nan. Epi l te di m: Kokabim, ki vle di zetwal yo, oubyen tout gwo limyè yo ki nan fimaman syèl la.

14 Epi l te aswè lè Senyè a te pale m pawòl sa yo: m pral amiltipliye w, ak bdesandan ou yo apre w, tankou sa yo; epi si w kapab konte sab, se konsa ckantite desandan ou yo pral ye.

15 Epi Senyè a te di m: Abraram, m montre w bagay sa yo anvan ou ale nan peyi Ejip, pou w kapab deklare tout pawòl sa yo.

16 Si de bagay egziste epi gen youn ki sou tèt lòt la, pral gen bagay ki pi gwo sou tèt yo; se poutèt sa, aKolòb pi gwo pase tout lòt Kokabim ou te wè yo, paske li pi pre m.

17 Kounyeya, si gen de bagay, yonn anlè lòt, epi lalin nan anlè tè a, konsa, yon planèt oubyen yon zetwal kapab egziste anlè l; epi pa gen anyen Senyè bondye w la gen nan kè l pou l fè, pou l pa ta a l.

18 Tankou jan l fè pi gwo zetwal la; menm jan sa a tou, si gen de lespri, epi youn pi entèlijan pase lòt la, epi malgre gen yon nan de lespri sa yo ki pi entèlijan pase lòt la, yo pa gen kòmansman; yo te egziste anvan, yo p ap etènèl, yo pral egziste apre, paske yo aOlam, oubyen etènèl.

19 Epi Senyè a te di: De reyalite sa yo egziste, ki fè konnen gen de lespri, epi youn pi entèlijan pase lòt la; pral gen yon lòt ki pi entèlijan pase yo; m se Senyè Bondye w la, m api entèlijan pase yo tout.

20 Senyè Bondye w la te voye zanj li pou adelivre w anba men prèt Èlkena a.

21 M rete nan mitan yo tout; se poutèt sa, kounyeya m desann kote w pou m deklare w atravay yo mwen te fè ak menm yo, kote blasajès mwen depase yo tout, paske m gouvène anwo nan syèl la, ak anba sou tè a avèk anpil pridans ak lasajès, sou tout entèlijans je w te wè depi nan kòmansman yo; m te desann nan kòmansman pami tout entèlijans ou te wè yo.

22 Kounyeya, Senyè a te montre mwen menm, Abraram, aentèlijans ki te òganize yo banvan mond lan te egziste; epi pami yo te gen anpil moun ki te cnòb ak moun ki te gran;

23 Epi Bondye te wè nanm sa yo te bon, epi l te kanpe nan mitan yo, epi l te di: Se moun sa yo m ap fè dirijan m yo; paske, li te kanpe nan pami sa ki te lespri yo, epi l te wè yo bon; epi l te di m: Abraram, ou se youn nan pami yo; ou te achwazi anvan ou te fèt.

24 Epi te gen ayoun nan pami yo ki te tankou Bondye, epi l te di sa ki te avèk li yo: n ap desann, paske gen espas anba a, epi nou pral pran nan materyo sa yo, epi nou bpral fè yon c pou sila yo abite;

25 Epi nou pral pase anba aeprèv yo sou li, pou nou wè si yo pral b tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo:

26 Epi sa ki kenbe apremye eta yo a, m ap ajoute sou yo; epi sa ki pa kenbe premye eta yo a, yo p ap gen laglwa nan menm wayòm avèk sa ki kenbe premye eta yo a; epi sa ki kenbe bdezyèm eta yo a, yo pral gen claglwa ki ajoute sou tèt yo pou tout tan gen tan.

27 Epi aSenyè a te di: Kiyès m ap voye? Epi youn, bPitit Gason Lòm nan te reponn: Men mwen, voye m. Epi yon clòt te reponn epi l te di: Men mwen, voye m. Epi Senyè a te di: M ap voye premye a.

28 Epi adezyèm nan te fache, epi l pa t kenbe premye eta li a; epi jou sa a, banpil te suiv li.