Ekriti yo
Faksimile 2


Yon Faksimile ki soti nan Liv Abraram nan

No. 2

Imaj
Faksimile 2

Esplikasyon

Tablo 1. Kolòb, ki vle di premye kreyasyon an, pi pre wayòm selès la, oubyen rezidans Bondye a. Premye nan gouvènman, dènye nan zafè mezire tan. Mezi daprè tan selès la, tan selès sa a ki siyifi yon jou pou yon kibit. Yon jou nan Kolòb egal avèk mil ane daprè mezi sou tè sa a, tè sa a Ejipsyen yo rele Ja-oh-eh a.

Tablo 2. Ki kanpe bò kote Kolòb, Ejipsyen yo rele l Oliblich, ki se dezyèm gran kreyasyon k ap gouvène apre wayòm selès la oubyen plas kote Bondye rezide a; li gen kle pouvwa a tou konsènan lòt planèt yo; jan Bondye te ofri Abraram li a, pandan l t ap ofri sakrifis sou yon lotèl li te bati pou Senyè a.

Tablo 3. Te fèt pou reprezante Bondye, ki chita sou twòn li, ki abiye avèk pouvwa epi avèk otorite; avèk yon kouwòn limyè etènèl sou tèt li; ki reprezante gwo mo kle Prètriz Sen an tou, jan yo te revele l bay Adan nan Jaden Edenn an, menm jan avèk Sèt ak Noye, Mèlkisedèk, Abraram, ak tout lòt moun yo te revele la Prètriz la.

Tablo 4. Tradiksyon pou mo Ebre Rakia, ki siyifi imansite oubyen fimaman syèl la; li se yon chif pou konte tou, ki siyifi mil an Ejipsyen, ki esplike tan nan Oliblich, ki egal avèk Kolòb nan revolisyon l ak nan mezi tan li.

Tablo 5. An Ejipsyen, li rele Enich-go-on-dòch; se youn nan planèt k ap gouvène yo tou, epi Ejipsyen yo di li se solèy la, epi ki prete limyè l nan men Kolòb pa mwayen Kae-e-vanrash, ki se gwo Kle a, oubyen, otreman di, pouvwa k ap gouvène a, ki gouvène kenz lòt planèt fiks oubyen zetwal, menm jan l gouvène Floyis oubyen Lalin nan, tè a ak Solèy la nan mouvman anyèl yo. Planèt sa a resevwa pouvwa l palantremiz Kli-flos-is-es, oubyen Akokabim, se chif 22 ak 23 ki reprezante zetwal yo, ki resevwa limyè nan mouvman Kolòb.

Tablo 6. Reprezante tè sa a nan kat kwen li yo.

Tablo 7. Reprezante Bondye ki chita sou twòn li, k ap revele nan syèl la, gwo mo Kle la Prètriz la; ak siy Sentespri a bay Abraram sou fòm yon toutrèl.

Tablo 8. Gen ekriti ki pa kapab revele devan mond lan, men ki dwe revele nan Tanp Sen Bondye a.

Tablo 9. Pa dwe revele pou kounyeya.

Tablo 10. Menm jan an tou.

Tablo 11. Menm jan an tou. Si mond lan kapab dekouvri chif sa yo, ya fè sa. Amèn.

Tablo 12, 13, 14, 15, 16, 17, 18, 19, 20, ak 21 pral devwale nan pwòp tan pa Senyè a.

Nou bay tradiksyon sa a otan nou gen dwa pou nou bay li pou kounyeya.