Ekriti yo
Faksimile 3


Yon Faksimile ki soti nan Liv Abraram nan

No. 3

Imaj
Faksimile 3

Esplikasyon

Tablo 1. Abraram ki chita sou twòn Farawon an, avèk jantiyès wa a, avèk yon kouwòn sou tèt li, ki reprezante la Prètriz la, kòm yon anblèm gwo Prezidans Syèl la; avèk baton lajistis la ak jijman nan men l.

Tablo 2. Wa Farawon, ki gen non l nan karaktè yo ki anlè tèt li a.

Tablo 3. Siyifi Abraram an Ejip tou, menm jan li nan tablo 10 ki nan Faksimile No. 1 an.

Tablo 4. Prens Farawon an, Wa Ejip la, jan sa ekri anlè men l an.

Tablo 5. Choulem, youn nan sèvitè prensipal wa a, jan karaktè ki anlè men l lan reprezante a.

Tablo 6. Olimla, yon esklav prens la.

Abraram ap rezone sou prensip astwonomi yo, nan lakou wa a.