Ekriti yo
Entwodiksyon


Entwodiksyon

Pèl Gran Pri a se yon seleksyon materyèl espesyal ki touche anpil aspè siyifikatif sou lafwa ak doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Se Pwofèt Joseph Smith ki te tradui epi pwodui dokiman sa yo epi pifò ladan yo te pibliye nan revi Legliz yo nan epòk li a.

Premye koleksyon materyèl ki te pote tit Pèl Gran Pri a, se Èldè Franklin D. Richards ki te fè l an 1851, lè sa a li te yon manm nan Konsèy Douz yo, epi l te prezidan Misyon Angletè a. Objektif Pèl Gran Pri a se pou l te rann pi aksesib kèk atik enpòtan ki te sikile avèk limitasyon nan epòk Joseph Smith la. Pandan Legliz la t ap vin gen plis manm nan Ewòp ak nan Etazini, te gen yon nesesite pou rann bagay sa yo disponib. Yo te itilize Pèl Gran Pri a anpil epi poutèt sa, li te vin tounen yon liv kanonik pou Legliz la sou direksyon Premye Prezidans Legliz la ak konferans jeneral nan Salt Lake City, 10 Oktòb 1880.

Plizyè revizyon te fèt ladan l selon bezwen Legliz la. An 1878, yo te ajoute kèk pòsyon nan liv Moyiz la ki pa t nan premye edisyon an. An 1902, yo te vin elimine kèk pati nan Doktrin ak Alyans yo ki te sòti nan Pèl Gran Pri a pou evite repetisyon. Aranjman sou fòm chapit ak vèsè, avèk referans te fèt an 1902. Premye piblikasyon an te fèt an 1921, avèk paj ki separe an de, avèk endèks. Pa gen okenn lòt chanjman ki te fèt jouk Avril 1976, lè yo te ajoute de lòt revelasyon. An 1979, yo te wete de revelasyon sa yo nan Pèl Gran Pri a, epi yo te mete yo nan Doktrin ak Alyans yo, kote yo parèt kounyeya kòm seksyon 137 ak 138. Nan edisyon sa a, yo te fè kèk chanjman pou yo te ka mete liv la an konfòmite avèk dokiman ki te la anvan yo.

Men yon entwodiksyon brèf sou sa:

  1. Seleksyon ki soti nan Liv Moyiz la. Yon ekstrè ki soti nan liv Jenèz la Joseph Smith te tradui nan Bib la, ki te kòmanse an Jen 1830.

  2. Liv Abraram nan. Yon tradiksyon enspire ki soti nan ekri Abraram yo. Joseph Smith te kòmanse tradiksyon an an 1835 apre papiris Ejipsyen yo te tonbe nan men li. Tradiksyon an te pibliye pòsyon apre pòsyon nan Times and Seasons, ki te kòmanse 1e Mas 1842, nan Nauvoo, Illinois.

  3. Matye—Joseph Smith. Yon ekstrè ki sòti nan temwayaj Matye nan tradiksyon Joseph te fè nan Bib la (gade nan Doktrin ak Alyans 45:60–61 pou rapò diven pou l te kòmanse tradiksyon Nouvo Testaman an).

  4. Istwa—Joseph Smith. Pati ki soti nan temwayaj ofisyèl ak istwa Joseph Smith, istwa li menm ak grefye l yo te prepare an 1838–1839, ki te pibliye pòsyon apre pòsyon nan Times and Seasons nan Nauvoo, Illinois, kòmanse 15 Mas 1842.

  5. Atik Lafwa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yon deklarasyon Joseph Smith ki te pibliye nan Times and Seasons, 1e Mas 1842, ansanm avèk yon ti istwa kout Legliz la ki te popilè anpil sou non Lèt Wentworth la.