Devosyon Nwèl
Kat kado Jezikri ofri nou


Kat kado Jezikri ofri nou

Frè ak sè byeneme m yo, ala yon bèl epòk sa ye! Nou renmen chante “Venez, tous, fidèles”1 la epi nou kontan vini pou n adore: Jezi, Kris la—tibebe Betleyèm sa a—“Gran Jehovah Ansyen Testaman an [ak] Mesi Nouvo Testaman an.”2

Aswè a annou reflechi ansanm sou benediksyon nou resevwa lè nou konsantre nou sou lavi, misyon, doktrin, ak Ekspyasyon Senyè Jezikri a. Mwen envite nou pou, jan Wa Benjamen te di Sen yo nan epòk li a, nou ”reflechi sou eta beni moun ki kenbe kòmandman Bondye yo.” Benediksyon sa a se pou nou la a e kounyeya, men nou gen pwomès final “bonè san fen”3 an ki ajoute sou li. Pou nou di senpleman, vrè disip Jezikri yo gen privilèj pou yo jwi lajwa ineksprimab pou tout tan.

M te raple m sa lotrejou lè m te rankontre yon zanj ki rele Lydia. Zanj sa a pa t abiye an blan, epi li te rann ni fasil pou nou te vizite l paske l te vin nan biwo mwen. Lydia gen 12 zan. Yo te di m ke l t ap soufri anba yon fòm kansè nan sèvo ra e trè agresif.4 Li gen yon vizaj zanj ak yon gras ki depase laj li. Pandan l t ap pale k de lavi li ak sa k ap tann ni, li te kalm epi l te anpè. Lè m te mande l si l te gen kesyon, li te reponn byen vit: “A kisa syèl la sanble?“ Sa te mennen yon bèl chita pale sou bi lavi a ak sou benediksyon Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme l la ofri moun ki onore yo epi ki suiv yo.

Imaj
Lydia avèk Prezidan Nelson

Mwen te pwofondeman touche pa lafwa Lydia ak fanmi li! Malgre l t ap travèse yon kokennchenn difikilte nan sa k konsène lavi terès sa a, Lydia plen lafwa. Li gen yon pèspektiv etènèl. Li konnen Senyè a renmen li epi l ap pran swen li. Fanmi devwe l la gen menm lapè ak kalm sa a ke sèlman lafwa nan Senyè a ka pote a.

Souwè Lydia sete pou l te rankontre Prezidan Legliz Senyè a, men dezi li pi pwofon pase nenpòte eksperyans yonfwa nan mòtalite a. Pwofon dezi li se pou l avèk fanmi l pou tout tan nan wayòm selès la. Sa enkli ke dezi li se toujou pou l avèk Pè Selès la ak Jezi tou.

Anfèt, dezi nou enfliyanse nou chak nan fason ki pwofon, non pa sèlman isit la men odela tou. Panse sou siyifikasyon deklarasyon sa a nan Alma a: “Senyè [a] bay lèzòm selon dezi yo.”5

Dezi enpòtan nan sezon bay kado sa a, kote nou patikilyèman sousye pou dezi moun nou renmen yo. Pandan sezon sa a, mwen envite w pou w panse ak pwòp dezi pa w tou. Ki dezi ki pi pwofon nou genyen? Kisa w vrèman vle fè ak akonpli nan lavi sa a? Èske w reyèlman vle vin plis anplis tankou Jezikri? Èske w reyèlman vle viv avèk Pè Selès la epi avèk fanmi w poutout tan epi viv jan l ap viv la?

Si wi, w ap anvi aksepte pil kado Senyè a ofri pou ede oumenm avèk mwen pandan tan nou nan mòtalite a. Annou konsantre sou katnan kado Jezikri te bay pou tout moun ki dispoze pou resevwal yo.6

Premyèman, li te bay oumenm avèk mwen yon kapasite ilimite pou nou renmen. Sa enkli kapasite pou nou renmen moun ki pa merite lanmou yo ak moun ki non sèlman parenmen nou men ki aktyèlman ap pèsekite nou ak maltrete nou tou.7

Avèk èd Sovè a, nou ka aprann renmen jan l renmen an. Sa ka mande yon chanjman kè—pi sètènman yon adousisman kè nou—pandan n ap gide pa Sovè a sou fason pou nou vrèman pran swen youn lòt la. Frè m ak sè m yo, nou ka vrèman sèvi nan fason Senyè a si nou aksepte kado lanmou l lan.

Mande èd li pou n ka renmen moun li bezwen nou renmen yo, enkli moun ki pa toujou rann fasil pou nou bayo afeksyon yo. Nou gen dwa menm vle mande Bondye pou zanj li yo mache avèk nou kote nou aktyèlman pa vle mache. 8

Yon dezyèm kado Sovè a ofri nou se kapasite pou n padone. Atravè Sakrifis Ekspyatwa enfini l lan, nou ka padone moun ki blese nou ak moun ki gen dwa pa janm aksepte responsablite pou kriyote yo fè nou.

Sa abityèlman fasil pou n padone yon moun ki sensèman ak enbleman chèche padon nou. Men Sovè a ap ba nou kapasite pou nou padone nenpòt moun ki maltrete nou nan nenpòt fason. Lè sa a, bagay blesan yo fè nou yo pa ka chaje nanm nou ankò.

Yon twazyèm kado Sovè a se repantans. Kado sa a nou pa toujou byen konprann ni. Jan nou konnen, Nouvo Testaman an te toudabò ekri nan lang Grèk. Nan pasaj kote Sovè a mande moun yo pou yo “repantia, mo yo tradui kòm “repanti“ a se mo Grèk metanoeoa.9 Se yon vèb Grèk trè puisan. Prefiks meta a vledi “chanjman.” Nou itilize prefiks sa a an Anglè tou. Paregzanp, mo metamorphosis la vledi “chanjman nan fòm.” Sifiks noeoa gen rapò avèk yon mo Grèk ki vledi “lespri.”10 Li gen rapò avèk lòt mo Grèk ki vledi “konesans,”11 ”espri,”12 ak “souf”tou. 13

Èske nou ka kòmanse wè lajè ak pwofondè sa Senyè a ba nou an lè l ofri kado pou n repanti a? Li envite nou pou n chanje lespri nou, konesans nou, menm souf nou. Paregzanp, lè nou repanti, nou respire rekonesans pou Bondye, ki ba nou souf chak jou.14 Epi nou gen dezi pou n itilize souf sa a pou sèvi limenm ak pitit li yo. Repantans se yon kado mayifik. Se yon pwosesis nou pa janm dwe pè. Se yon kado pou nou resevwa ak lajwa epi pou n itilize-menm anbrase---jou apre jou pandan n ap chèche pou n vin plis tankou Sovè nou an.

Papa Wa Lamoni te kapte yon apèsi sou sa k ap tann moun ki kwè nan Kris yo ak ki suiv li yo. Li te deklare ke l t ap abandone toutpeche l pou l te ka gen privilèj pou l konn Senyè a.15 Vrè repantans se pa yon evenman. Se yon privilèj ki pa janm fini. Li fondamantal pou pwogresyon nou ak pou n gen lapè nan lespri, rekonfò, ak lajwa.

Yon katriyèm kado Sovè nou an se yon pwomès—yon pwomès lavi etènèl. Sa pa vledi senpleman viv pandan yon tan vrèman, vrèman long Tout moun pral viv pou tout tan apre lanmò, kèlkeswa wayòm oubyen laflwa yo ka kalifye a. Tout moun ap resisite epi y ap fè eksperyans imòtalite. Men lavi etènèl plis pase yon tan ki deziyen. Lavi etènèl se kalite lavi Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme l la ap viv la. Lè Papa a ofri nou lavi etènèl la, l ap pratikman di nou: “Si nou chwazi pou n suiv pitit Gason m nan—si dezi nou se pou n reyèlman vin plis tankou li—enben, alafen, nou ka viv jan nou viv la epi prezide sou mond ak wayòm si nou fè sa.“

Kat kado unique sa yo ap pote plis an plis lajwa pou nou si nou aksepte yo. Yo te rann posib paske Jewova te konsanti pou l te vin sou tè a kòm tibebe Jezi. Li te fèt nan yon Papa imòtèl ak yon manman mòtèl. Li te fèt nan Betleyèm nan sikonstans ki te pi enb yo. Pwofèt yo te predi nesans sakre l la depi nan epòk Adan yo. Jezikri se kado siprèm Bondye—kado Papa a pou tout pitit li yo.16 Nou jwayezman selebre nesans sa a chak epòk Nwèl.

Avèk panse nou ak santiman nou si konsantre sou Sovè mond lan, kisa nou bezwen fè pou n ka resevwa kado sa yo Jezikri si dispoze pou ofri nou yo? Kisa k kle pou n renmen jan l renmen an, padone jan l padone a, repanti pou n ka vin plis tankou l la, ak finalman viv avèk li ak Papa nou ki nan Syèl la?

Kle a se fè ak kenbe alyans sakre. Nou chwazi pou n viv nan chemen alyans Senyè a ak pou n rete ladan l. Li payon chanjman non. Se chemen ki mennen nan vrè lajwa nan lavi sa a ak lavi etènèl nan apre a.

Chè frè m ak sè m yo, dezi ki pi pwofon mwen se pou tout pitit Pè Selès yo jwenn opòtinite pou yo tande levanjil Jezikri a ak koute ansèyman l yo epi pou Izrayèl rasanble jan yo te pwomèt nan dènye jou sa yo. Mwen priye pou nou kwè epi resevwa lanmou Sovè a pou nou chak. Lanmou pafè ak enfini li te fè l ekspye pou noumenm avèk mwen. Kado sa a—Ekspyasyon an—pèmèt nou jwenn tout lòt kado l yo.

Nan yon jou k ap vini—nan Milenyòm sa a n ap prepare kounyeya—”tout jenou pral flechi, epi tout lang pral konfese”17ke Jezi se Kris la. Epi, se p ap jis bèl Kè Tabènak nan Temple Square la k ap chante “Alelouya.”18 Tout moun ki chwazi pou yo suiv Jezikri pral chante ak rele: “Alelouya: paske Senyè Bondye omnipotan an ap renye.”19 “Wayòm yo nan mond sa a vin wayòm Senyè ou an, ak wayòm Kris li a; epi li va reye pou tout tan gen tan,”20 kòm ”Wa tout wa, ak Senyè tout senyè.”20

Mwen temwaye ke Bondye vivan! Jezi se Kris la—Mesi a. Sa se Legliz li, ke l ap dirije palentèmedyè pwofèt li. Enbleman, nou envoke benediksyon l yo sou nou chak, enkli dezi ak kapasite pou n aksepte tout kado Sovè a ofri nou yo, nan non Jezikri, amèn.