Zanmi
Jakòb ak Nefi Te Wè Jezi
Mas 2024


“Jakòb ak Nefi Te Wè Jezi,” Zanmi, Mas 2024, 26–27.

Mesaj Mansyèl Zanmi , Mas 2024

Jakòb ak Nefi Te Wè Jezi

Imaj
alt text

Iistrasyon Andrew Bosley

Jakòb sete tifrè Nefi. Li te fèt apre fanmi an te fin kite Jerizalèm. Jakòb te rive nan tè pwomiz la pandan l te yon timoun piti.

Imaj
alt text

Jakòb ak Nefi, yo toulède te wè Jezikri. Yo te pataje temwayaj yo avèk fanmi yo pou te ede yo aprann konsènan Jezi.

Imaj
alt text

Yo te pataje pawòl pwofèt Ezayi yo tou. Ezayi te wè Jezi tou epi li te ekri apwopo Li nan ekriti yo. Jakòb ak Nefi te itilize pawòl Ezayi yo nan ekriti yo pou yo te anseye fanmi yo apwopo Jezi.

Imaj
alt text

Yo te anseye ke Jezi t ap vini sou latè a. Li t ap gen pou L mouri epi viv ankò. Yo te pataje temwayaj yo konsènan Jezikri pou fanmi yo te ka tann lè L t ap vini an.

Paj pou Kolorye

Jezi se Sovè nou

Imaj
alt text here

Ilistrasyon Adam Koford

Kilè w santi lanmou Jezi?