Pou Fòs Jèn yo
Mwen se yon Disip Jezikri
Janvye 2024


“Mwen se yon Disip Jezikri,” Pou fòs jèn yo, Jan. 2024.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Janvye 2024

Mwen se yon Disip Jezikri

Ou kapab suiv Sovè a ak simaye pawòl Li bay lòt moun.

Imaj
Logo Tèm 2024 pou Jèn yo

Èske w pa janm mande tèt ou poukisa, apre L te fin geri moun yo, Jezi te di kèk nan yo pa t di pèsòn sa (gade Mak 7:36)? Youn nan rezon pou sa ta ka gen rapò avèk kalite disip Li te bezwen yo. Ou petèt ka panse ke si moun yo te pale sou gerizon yo a, sa t ap yon bon fason pou Jezi te atire disip. Sepandan, Jezi pa t jis bezwen moun pou suiv li. Li te bezwen disip.

Jezi te di Pyè ak Andre: “Suiv mwen” (Matye 4:19). Men sa nou li nan Tradiksyon Joseph Smith sou vèsè a: “Mwen se sila a pwofèt yo ekri sou li a; suiv mwen” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:18 [nan Matye 4:19, referans a]). Envitasyon an se pa t pou pwomennen avèk Li pou yon tan. Li te vle pou yo te vin disip Li pou tout tan.

Li pa t vle pou yo te jis gade L k ap anseye moun, renmen moun ak akonpli mirak. Li te vle yo fè menm bagay la tou. Li te vle pou travay Li vin travay pa yo. Chwazi Kris la te vle di ke yo t ap aprann sèvi menm jan Li te sèvi epi panse menm jan Li te panse. Yo ta dwe pratike viv menm jan Li te viv la, epi li t ap gide yo ak ba yo èd yo te bezwen pou vin plis tankou Li.

Imaj
Jezikri

Mo grèk pou disip la se mathetes. Sa vle di plis pase disip oswa elèv. Yo souvan tradui li kòm apranti. Nan epòk Kris la, disip te konn chwazi mèt yo pami moun yo te vle aprann nan men yo nan objektif pou yo vin mèt tou. Kris pa t suiv pratik tipik la. Li te chanje li epi li te chèche jwenn disip Li yo pito. Jounen jodi a, Kris aple nou pou vin jwenn Li. Li aple nou pou n vin disip Li ak deklare pawòl Li pami moun Li yo pou yo ta ka gen lavi etènèl (gade 3 Nefi 5:13).

Yon jènfi ki soti Ayiti nan Karayib la te montre dezi li pou l te vin yon disip Kris la nan envite zanmi li ki pa t yon manm Legliz la vini avèk li nan yon konferans PFJ (Pou Fòs Jèn) yo. Toudabò, papa zanmi l lan pa t vle bay pitit fi l la pèmisyon pou l te ale. Dirijan Legliz yo te bay eksplikasyon sou eksperyans pozitif ki t ap tann limenm ak konseye bèl jèn adilt la ki t ap gen pou veye sou li a. Papa a te bay pitit fi a pèmisyon pou li te ale, epi apre li te fin wè diferans sa te fè sou lavi li, li te ba li pèmisyon pou l te ale nan reyinyon Legliz yo epi—sis mwa apre—pou l te batize.

Yon jèn gason ki soti Ajantin ann Amerik Disid te montre dezi li pou l te vin yon disip Kris la nan pataje kèk nan sirèt li yo avèk yon zanmi pandan yo yo te nan bis pou yo t ale lekòl. Lè li te rive sou yon sirèt ki te gen savè kafe, li te eksplike zanmi l lan ke li pa t janm devlope okenn gou pou savè sa a paske okenn moun nan fanmi li pa t bwè kafe. Sa te mennen yon konvèsasyon sou Legliz la, ki te mennen nan yon envitasyon pou vin fè rankont, ki te finalman mennen zanmi l lan vin antre Legliz la epi sèvi yon misyon nan Chili.

Se pa tout moun ou pale avèk yo sou Legliz la oubyen ou envite nan yon aktivite Legliz ki ap anvi rantre ladan l. Sa OK. Se pa tout moun Kris la te pale pandan ministè Li sou tè a ki te vin jwenn li nonplis. Men, si nou chwazi vin disip Jezikri epi deklare pawòl Li, L ap ban nou kouraj ak èd diven. N ap aprann fason pou nou vin plis tankou Li, epi se sa disip fè.