Pou Fòs Jèn yo
Èske M ap Viv “Nan Bonè”?
Fevriye 2024


“Èske M ap Viv ‘Nan Bonè’?,” Pou Fòs Jèn yo, Fev. 2024.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Fevriye 2024

2 Nefi 5

Èske M ap Viv “Nan Bonè”?

Men kèk ide pou ou viv nan fason Nefi te di pèp li a te viv la.

Imaj
jèn

Ilistrasyon Alyssa Gonzalez

Tousuit apre separasyon l avèk Lamanit yo, Nefi te di pèp li a te “viv nan bonè” (2 Nefi 5:27). Lè nou reflechi ke te gen yon lòt gwoup moun ki te vle touye yo (gade 2 Nefi 5:1–6, 14), sa ka fè nou etone. Kijan yon moun ka fè viv nan bonè nan sikonstans konsa?

Premyèman, sonje ke “nou te viv nan bonè” a pa vle di ke “chak Nefit te kontan 24 sou 24, 7 jou sou 7.” Sa vle di ke yo te viv nan yon kalite fason, epi yo te fè kalite bagay, ki jeneralman mennen nan bonè yo. Anjeneral, malgre difikilte yo, se te yon moman jwaye.

Alòs, kisa “viv nan bonè” a ye? Kijan nou ka imite l nan pwòp lavi pa nou, ki gen difikilte tou? Ann gade!

  • Nou dwe obeyisan. “Nou te eseye respekte … kòmandman Senyè a yo” (2 Nefi 5:10).

    Viv levanjil la se Etap1 an. Sa ka rive ke w tanporèman kontan nan peche, men li p ap dire. Dezobeyi Bondye delibereman se pa “viv nan bonè” (gade Alma 41:10).

  • Sonde ekriti yo. “Mwen menm, Nefi, mwen te … pote rejis ki te ekri sou plakderen yo” (2 Nefi 5:12). “Nou … te fouye yo e nou te wè yo te enteresan; wi yo te tèlman gen gran valè pou nou” (1 Nefi 5:21) .

    Pèp Nefi a te gen ekriti yo. E yo pa t jis genyen yo—yo te sonde yo tou.

  • Koute dirijan enspire yo. “Mwen menm, Nefi, mw te konsakre Jakòb ak Jozèf, prèt ak enstriktè nan peyi … pèp mwen an” (2 Nefi 5:26).

    Enstriktè sa yo itilize ekriti yo kòm gid yo (gade 2 Nefi 4:15; 6:4).

  • Ale nan tanp (ak nan lòt lye sen yo). “Mwen menm, Nefi, m te bati yon tanp” (2 Nefi 5:16).

    Li enpòtan pou nou gen lye sakre tankou chapèl ak tanp pou disip yo ka reyini ak adore. (Nou ka asime ke Nefit yo pa t jis genyen yon tanp—yo te anfèt itilize li.) Si w pa ka ale nan yon tanp an pèsòn, ou ka toujou fè travay istwa familyal.

  • Ou dwe pwodiktif. “Mwen te aprann pèp mwen an fè konstriksyon, ak tout kalite travay. … [M] te fè pèp mwen an vin travayè, e pou yo travay avèk men yo” (2 Nefi 5:15, 17).

    Yon pati nan “viv nan bonè” a se pou gen yon bagay pou nou fè! Yon tach, yon travay, yon responsablite—yon bagay ki ba w yon vizyon, yon objektif (avèk tan poz byen apwopriye pou relaks, natirèlman). Li difisil pou w gen bonè si w annuiye tout tan.

Èske w ta ka di ke aktyèlman w ap viv nan bonè? Si se non, egzanp Nefi a ka ba ou kèk ide sou fason pou w amelyore.