Pou Fòs Jèn yo
Kwè nan Kris Anvan Li Vini Ankò
Avril 2024


“Kwè nan Kris anvan Li Vini Ankò,”Pou Fòs Jèn yo, Avril 2024.

Mesaj mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Avril 2024

Jawòm

Kwè nan Kris anvan Li Vini Ankò

Nefit yo te gen lafwa anvan Sovè te vini, epi nou kapab gen lafwa anvan Li vini ankò.

Imaj
Jezikri k ap vizite Nefit yo

Èske w pa t janm panse a kisa sa t ap sanble pou w te kwè nan Sovè a anvan Li te vini sou tè a? Ansyen Nefit yo te gen pou fè sa sèlman—“tann Mesi a, epi kwè nan li k ap vini tankou li te deja vini” (Jawòm 1:11).

Jounen jodi a, nou gen rejis espirityèl ak istorik ki temwaye ke Jezikri te viv, Li te mouri epi resisite ankò. Nou kwè nan yon Sovè ki te vini deja. Men tou nou kwè nan yon Sovè k ap vini ankò.

Avan Jezikri Te Vini, Nefit yo Te Gen Lafwa pou:

Imaj
Wa Benjamen ak madanm li k ap priye

Te jwenn padon pou peche yo.

“Nenpòt moun ki kwè Kris dwe vini, menm moun sa ka resevwa remisyon peche l yo, epi rejwi ak anpil lajwa, kòm si li te deja vini nan mitan yo” (Mozya 3:13; italik ajoute).

Imaj
Enòs

Padone yo.

“Epi yon vwa te pale avèk mwen, li di: Enòs, peche w yo padone. … Se poutèt sa, kilpabilite m nan te efase. Epi m te di: Senyè, kòman sa fè fèt? Epi li te di m: Se gras ak lafwa w nan Kris la, ke w pa t janm tande ni wè anvan sa. Epi anpil ane ap pase anvan li prezante tèt li nan kò fizik la; … lafwa w geri w” (Enòs 1:5–8; emphasis added).

Imaj
Jakòb k ap preche

Fè mirak.

“Nou te konnen Kris, epi nou te gen yon espwa glwa li plizyè santèn ane avan li vini. … Nan tout sa nou ka vrèman kòmande nan non Jezi epi menm pye bwa obeyi nou, oswa montay yo, oswa vag lanmè” (Jakòb 4:4, 6; italik ajoute).

Imaj
Mowoni ap ekri sou plak

Resevwa revelasyon.

“Te genyen plizyè mou ki te gen lafwa tèlman fò, menm anvan Kris te vini, yo pa t ka rete lwen vwal la, men yo te vrèman wè ak je yo menm” (Etè 12:19; italik ajoute).

Anvan Jezikri Vini Ankò, Nou Ka Gen Lafwa Pou n:

Jwenn padon, padone tèt nou, fè mirak ak fè revelasyon (tankou Nefit yo).

Imaj
yon jèn gason k ap chante nan legliz

Prepare tèt nou pou retou Li.

Pandan n ap batay pou n konsève alyans nou yo, n ap prepare pou n viv nan wayòm selès la. “Paske, reyèlman, lavi sa a se lè pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye; wi, reyèlman jou lavi sa a se jou pou lèzòm fè travay yo.” (Alma 34:32).

Imaj
yon jèn ki devan tanp lan

Prepare mond lan pou retou Li.

Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou n patisipe nan “pi gwo travay la sou latè”—ransanbleman an Izrayèl. “Papa nou ki nan Syèl la te rezève anpil espri nòb—petèt, m ta kapab di, pi bon ekip li a—pou faz final sa a. Espri nòb sa yo—pi bon jwè sa yo, ewo sa yo—se nou!”1

Imaj
jènfi k ap bay akolad

Gen espwa nan moman difisil yo.

Lè Sovè a vini ankò, moun ki dwat yo ap viv nan lapè. Sovè a ap gouvène epi l ap repare enjistis. “‘Paske Senyè a pral nan mitan yo, epi laglwa li pral sou yo, epi se li k ap wa yo epi k ap ba yo lalwa” (Doktrin ak Alyans 45:59).

Imaj
jèn fi

Kwè nan Rezirèksyon an.

Tout limanite ap resisite. Nou tout genyen kò ki pafè, imòtèl. Nou kapab wè ankò moun nou renmen ki te mouri yo. “Espri a ak kò ap reyini ankò nan fòm pafè li an; manm yo ak jwenti yo pral jwenn ansanm avèk kò a, menm jan nou ye kounyeya” (Alma 11:43).

Imaj
Jezikri ki parèt devan Nefit yo

Ansyen Nefit yo te gen lafwa nan Sovè a anvan Li te vini. Nou kapab gen lafwa ke Sovè a ap viniankò—lè “[n] ap gen pou n wè [Li] nan nyaj nan syèl la, abiye ak pouvwa epi ak anpli glwa” (Doktrin ak Alyans 45:44; gade tou Travay/Ak 1:11). Kijan konnen L ap vini ankò chanje sa w ap gen pou fè jodi a?

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Hope of Israel” (worldwide youth devotional, June 3, 2018), Gospel Library.