Manyèl ak Apèl
Lèt Premye Prezidans, 2 Avril 2018: Sèvi avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse


Sèvi avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse

Frequently Asked Questions

Frequently Asked Questions

Sèvi avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse

Lèt Premye Prezidans, 2 Avril 2018: Sèvi avèk Kowòm Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou ranfòse

Sèvis pastoral avèk Kowòm Prètriz Mèlchizedèk ak Sosyete Sekou ranfòse: Kesyon adisyonèl yo souvan poze

Lavi ak ministè Sovè a ba nou egzanp sou de gwo kòmandman yo: “Se pou w renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lide w” epi “Se pou w renmen pwochen w tankou ou renmen pwòp tèt pa w” (Matye 22:37, 39). Antanke manm Legliz Sovè a ki vrèman gen dezi pou nou se disip li, nou dwe suiv egzòtasyon l lan pou n renmen ak sèvi Papa nou ki nan Syèl la ak pitit li yo. Sovè a te di: “Si nou renmen m nou dwe sèvi m” (D&A 42:29). “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye” (Mozya 2:17). Alma te rezime devwa nou kote l te di: “Yo te voye je sou pèp yo a, e yo te nouri yo avèk nouriti lajistis” (Mozya 23:18).

Pou ede nou chak reponn a tach diven nou genyen pou nou pran swen ak sèvi lòt moun yo, Premye Prezidans lan anonse ajisteman sa yo, ki prepare pou konsantre efò kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo ak Sosyete Sekou sou sèvi nan Sovè a te fè. Ajisteman sa yo enkli bagay sa yo:

  • Nan nivo pawas, yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk.

  • Nan nivo pieu, yon sèl kowòm granprèt.

  • Sèvis atansyone ranplase ansèyman ofwaye ak vizit ofwaye.

  • Se pou nou fè jèn yo patisipe nan sèvis atansyone a.

Pou apiye ajisteman sa yo, pieu yo ak pawas yo p ap gen reyinyon komite egzekitif prètriz ankò. Si gen yon pwoblèm ki leve nan pawas la, tankou yon pwoblèm familyal delika oubyen yon pwoblèm antrèd inabityèl, yo ka adrese pwoblèm sa a nan yon reyinyon episkopa elaji. Lòt pwoblèm ki mwens delika yo ka adrese nan konsèy pawas la. Sa nou te rele “reyinyon komite egzektif prètriz pieu” a vin rele “reyinyon granpèt” kounyea (gade kesyon 8 ak 19, anba a).

Nan nivo pawas, yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk

Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke “revelasyon pa oblije vini tout yon sèl kou. Li ka vini moso pa moso.”1 Deplwaman evenman konsènan kowòm prètriz yo ak yon konpreyansyon grandisan konsènan kle prètriz yo ba nou yon modèl revelasyon moso pa moso. Atravè istwa Legliz la, Senyè a te souvan revele volonte li liy apre liy, pandan l t ap pwogresivman beni pitit li yo pou fè yo vin gen yon pi gwo konpreyansyon sou fason pou yo te aplike prensip levanjil yo nan kondisyon yo t ap viv yo (gade D&A 46:15–16).

Pandan plizyè ane, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo t ap konsidere ajisteman sa yo nou dekri anba la a. Se avèk anpil lapriyè, apre bon jan etid sou fondasyon biblik kowòm prètriz yo, avèk akò inanim tout dirijan prètriz k ap prezide yo, ak konfimasyon ke sa se volonte Senyè a, dirijan yo deside avanse avèk reyòganizasyon kowòm yo nan nivo pawas ak pieu yo, sa k fè sa vin yon etap anplis nan dewoulman Retablisman an.

1. Kisa ajisteman pou gwoup gran prèt pawas yo ak kowòm ansyen yo ye?

Nan pawas yo, manm kowòm ansyen yo ak gwoup granprèt yo pral konbine ansanm kounyeya pou vin fè yon sèl kowòm avèk yon sèl prezidans. Kowòm sa a, ki vin ogmante nan kantite ak nan inite, pral rele “kowòm ansyen,” epi p ap gen gwoup granprèt nan pawas yo ankò.

Kowòm ansyen yo pral enkli tout ansyen ak tout fiti ansyen yo nan pawas la ak tout granprèt ki p ap sèvi aktyèlman nan episkopa yo, nan prezidans pieu a, nan gran konsèy, oubyen kòm patriyach an fonksyon.

2. Kijan prezidans kowòm ansyen yo ap òganize?

Prezidan pieu a, asiste pa konseye l yo, pral relve dirijan gwoup granprèt aktyèl yo ak prezidans kowòm ansyen aktyèl yo. Apresa, prezidan pieu a pral aple yon nouvo prezidan kowòm ansyen nan chak pawas, epi, prezidan pieu a, yon konseye nan prezidans pieu a li bay tach la, oubyen yon manm gran konsèy li bay tach la, pral aple konseye yo rekòmande pou sèvi nan prezidans kowòm ansyen an. Nouvo prezidans kowòm ansyen an ka gen ladan ansyen ak granprèt, nan tout laj ak tout eksperyans, k ap sèvi ansanm nan yon sèl prezidans kowòm. Yon ansyen oubyen yon granprèt kapab sèvi kòm prezidan kowòm nan oubyen kòm yon konseye.2

3. Kiyès ki dirije travay prezidan kowòm ansyen an?

Prezidan kowòm ansyen an dirèkteman sou responsablite prezidan pieu a, k ap ba l fòmasyon ak gidans prezidans pieu a palentèmedyè manm gran konsèy yo. Evèk la, antanke granprèt prezidan nan pawas la, ap rankontre regilyèman avèk prezidan kowòm ansyen an tou. Evèk la ap rankontre avèk li an konsèy epi l ap ba l direksyon apwopriye sou fason pou l pi byen sèvi ak beni manm pawas yo, pandan l ap travay an amoni avèk tout lòt òganizasyon yo nan pawas la. (Gade Manyèl Enstriksyon 2, 7.3.1.)

4. Èske ajisteman sa a nan òganizasyon kowòm nan chanje ofis manm kowòm yo detni an?

Non. Ansyen yo ap toujou rete ansyen epi granprèt yo ap toujou rete granprèt nan tèm ofis yo nan prètriz la. Sepandan, y ap kontinye òdone ansyen kòm granprèt lè yo aple yo nan yon prezidans pieu, nan gran konsèy, oswa nan episkopa—oubyen nan lòt ka prezidan pieu a detèmine atravè konsiderasyon nan lapriyè ak enspirasyon.

5. Èske yon pawas ka gen plis pase yon kowòm ansyen?

Wi. Nan espri Doktrin ak Alyans 107:89 la, lè yon pawas gen yon gwo kantite detantè prètriz Mèlkisedèk ki aktif, dirijan yo ka òganize plis pase yon grenn kowòm ansyen. Nan ka sa yo, chak kowòm yo dwe gen yon kantite manm ki balanse selon laj, eksperyans, ak ofis yo nan prètriz la ak fòs yo.

6. Nan ki kowòm manm prezidans tanp, prezidans misyon, ak prezidans sant fòmasyon misyonè yo apatni?

Frè sa yo se manm kowòm ansyen ki nan pawas yo a.

Nan nivo pieu, yon kowòm granprèt

7. Ki ajisteman ki genyen pou yon kowòm granprèt nan pieu yo?

Prezdians pieu a ap kontinye sèvi kòm prezidans kowòm granprèt pieu a. Manm ki fè pati kowòm sa a se ap sèlman granprèt k ap sèvi aktyèlman nan prezidan pieu yo, nan episkopa yo, nan gran konsèy yo, ak kòm patriach an fonkson yo. Grefye ak sekretè egzekitif pawas ak pieu yo pa manm kowòm granprèt la.

Manm kowòm granprèt pieu yo dwe reyini jeneralman avèk kowòm ansyen pa yo si yo pa gen tach lòt kote.

8. Ki wòl yon kowòm granprèt pieu?

Nan wòl yo pou prezide a, prezidans pieu a rankontre, si nesesè, avèk manm kowòm granprèt pieu yo pou fè fòmasyon ak pou ede manm kowòm sa yo nan apèl yo. Reyinyon pieu ki egziste a, ke yo eksplike nan Manyèl Enstriksyon 2, seksyon 18.3 a, ap kontinye avèk ajisteman sa yo:

  • Reyinyon komite egzekitif prètriz pieu yo rele ”reyinyon gran konsèy” kounyeya.

  • Yo p ap fè reyinyon anyèl pou tout moun ki òdone kòm granprèt yo nan pieu a ankò. Men, prezidans pieu a ap fè yon reyinyon anyèl pou kowòm granprèt pieu a.

9. Ki bi ajisteman nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo?

Lè gen yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk nan yon pawas, sa ini detantè prètriz yo pou yo akonpli tout aspè travay sali a, enkli travay tanp ak istwa familyal ki te kowòdone anvan sa pa dirijan gwoup granprèt la. Sa pèmèt manm kowòm nan tout laj ak tout klas benefisye nan pèspektiv ak eksperyans moun ki nan diferan etap nan lavi yo. Sa founi opòtinite adisyonèl pou detantè prètriz ki gen plis eksperyans yo ede lòt tou, enkli fiti ansyen yo, nouvo manm yo, jèn adilt yo, ak moun ki vin retounen aktif nan Legliz la.

Ajisteman sa yo ap ede kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo kowòdone travay yo. Y ap senplifye kowòdinasyon kowòm nan avèk episkopa a ak konsèy pawas la tou. Epi y ap pèmèt evèk la delege plis responsablite bay prezidan kowòm ansyen yo ak prezidant Sosyete Sekou yo pou ke, limenm ak konseye l yo, ka konsantre sou tach prensipal yo genyen yo—patikilyèman pou prezide sou Prètriz Aawon an ak sou Jènfi.

10. Nan yon pieu, èske gran prèt k ap sèvi nan prezidans branch yo se manm kowòm gran prèt la?

Non. Gran prèt k ap sèvi nan prezidans branch ki fè pati pieu yo a, yo pa manm kowòm gran prèt la. Manm kowòm gran prèt yo se sèlman moun ki gen apèl nan prezidans pieu, nan episkopa, nan gran konsèy, ak kòm patriyach an fonksyon, sa ki se yon obligasyon pou yo se gran prèt.

11. Èske ansyen k ap sèvi nan episkopa yo (paregzanp, nan yon pieu jèn adilt selibatè) se manm kowòm gran prèt la?

Non. Ansyen k ap sèvi nan episkopa yo pa manm kowòm gran prèt la.

12. Kijan sèvis pastoral ka aplike pou manm kowòm gran prèt yo?

Sou direksyon evèk yo, ki se gran prèt k ap prezide nan pawas la, manm kowòm gran prèt yo ak fanmi yo dwe gen frè ak sè kowòm ansyen ak Sosyete Sekou ki dwe gen tach pou sèvi yo.

Paske prezidans pieu yo ak episkopa yo responsab tout manm ki nan pieu oubyen pawas la, an jeneral, yo pa dwe asiyen frè sa yo a dè moun espesifik ni a fanmi espesifik. Yo gen dwa bay manm gran konsèy yo ak patriyach ki an fonksyon yo tach, baze sou sikonstans lokal yo, selon jan prezidan pieu a detèmine. Si pou yo ba yo tach, se prezidan kowòm ansyen an ki dwe ba yo li sou direksyon evèk pawas yo a.

Anplis lòt responsablite enpòtan yo genyen yo, tankou gran prèt prezidan, ak jij an Izrayèl, evèk yo gen yon responsablite presi, ansanm avèk konseye yo, pou yo pran swen jèn yo. Doktrin ak Alyans 107:15 di, “Episkopa a se prezidans prètriz [Aawon] an, epi l detni kle ak otorite prètriz sa a.” Manyèl Enstriksyon 1,2.2, a deklare: “Manm episkopa yo dwe veye sou jènjan ak jènfi yo nan pawas la epi nouri yo.”

Se konsa tou, prezidan pieu a, ki se gran prèt prezidan pieu a, se “dirijan espirityèl prensipal nan pieu a” ( Manyèl Enstriksyon 1, 1.1.1) epi li “prezide sou travay sali a” ( Manyèl Enstriksyon 1, 1.1.2).

Sèvis atansyone ranplase ansèyman ofwaye ak vizit ofwaye

Pandan plizyè ane, enstriktè ak enstriktris ofwaye yo te gen tach pou yo te vizite fwaye chak manm chak mwa, pou yo te pote yon mesaj, ak bay èd si te gen bezwen. Yo te bay pil èdtan san konte ak pil sèvis dezenterese nan gwo travay sa a.

Pandan n ap bati sou devouman sa a, dirijan Legliz yo mande kounyeya pou manm yo ogmante fokis yo sou pote swen bay lòt moun nan fason Kris la, spirityèlman ak tanporèlman (gade Manyèl Enstriksyon 2, 3.2.3). Pou mete aksan sou swen sa a, ansyen pwogram enstriksyon ofwaye ak vizit ofwaye yo konbine kounyeya vin fè yon travay ankomen ki rele “sèvis atansyone,” k ap sipèvize pa prezidans kowòm ansyen yo ak prezidans Sosyete Sekou yo sou direksyon episkopa a.

13. Kisa “sèvis atansyone” ye?

Sovè a te montre palegzanp kisa sèvis atansyone ye kote l te sèvi pa amou pou Papa li ak pou chak moun (gade Jan 15:9–10). Li te renmen moun ki te bò kote li, li te anseye yo, li te priye pou yo, li te rekonfòte yo, epi li te beni yo, pandan l t ap envite you tout pou yo suiv li (gade Mak 8:34). Pandan manm Legliz yo ap sèvi a, nan lapriyè, y ap chèche kijan pou yo sèvi jan l t ap sèvi—pou “konsole moun ki bezwen konsolasyon,” “pou toujou veye sou legliz la, pou yo avèk yo epi fòtifye yo,” “vizite kay chak manm,” epi ede yo chak vin yon vrè disip Jezikri (Mozya 18:9; D&A 20:51, 53; gade Jan 13:35) tou.

Pandan manm yo ap sèvi, atravè kominikasyon ak enspirasyon, y ap detèmine frekans ak tip kontak yo dwe genyen avèk moun yo anchaj yo. Y ap fè konsèy avèk dirijan yo epi ba yo rapò omwen yon fwa chak twa mwa sou sèvis yo ak sou bezwen ak fòs moun yo mande yo pou yo pran swen yo. Dirijan yo ap bay rapò sou entèvyou sèvis sa yo chak twa mwa; yo pa bezwen bay rapò ankò sou kantite vizit oubyen kantite kontak yo fè pou moun yo ak fanmi yo. Epitou, atravè yon lyen prètriz pou chak manm, frè ak sè ansèvis yo ap fòme yon rezo kominikasyon dirijan yo ka itilize nan moman danje ak nan moman ijans.

14. Kijan yo rele moun k ap bay sèvis sa yo?

Y ap rele dirijan prètriz yo “frè ansèvis,” epi sè Sosyete Sekou yo ap rele “sè ansèvis.” Jeneralman, y ap senpleman rele yo pa non yo: “Frè Jones“ ak “Sè Smith.“ Yo pa fè referans avèk yo kòm “minis.”

15. Ki fason sèvis atansyone a menmjan oubyen diferan avèk vizit ansèyman ak vizit ofwaye?

Sèvis atansyone se menm bagay avèk vizit ansèyman ak vizit ofwaye nan sans ke chak fwaye ap gen frè prètriz—frè ansèvis—pou sèvi ak pran swen fanmi an oubyen moun k ap viv ladan l yo (gade D&A 20:47, 59). Chak sè adilt ap gen manm Sosyete Sekou—sè ansèvis—pou sèvi ak pran swen li, k ap plis ranfòse aksan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a te mete sou sèvis atansyone kòmanse an Janvye 2018 la (gade “Maintenir le contact avec elle à n’importe quel moment, n’importe où et par n’importe quel moyen,” Ensign oswa Liahona, Jan. 2018, 7).

Anplis de sa, gen kèk kondisyon sou vizit ansèyman ak vizit ofwaye yo ajiste pou ede manm yo sèvi avèk plis konsentrasyon sou satisfè bezwen yo. Kontak yo pa bezwen toujou vizit ofisyèl ankò. Yo ka fèt nan fwaye a, legliz la, oubyen nan nenpòt kote ki gen sekirite, ki konvnab, epi ki aksesib. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “[sa k konte] plis la se fason nou beni ak pran swen moun ki sou responsablite nou yo, sa pratikman pa gen anyen pou wè avèk yon kalandriye spesifik oswa yon lokasyon patikilye. Sa k pi konte sèke nou renmen moun nou responsab yo epi n ap obeyi kòmandman pou “toujou veye sou Legliz la.’”3

Anbrèf, sèvis atansyone dirije pa Lespri a, li fleksib, epi li adapte a bezwen chak manm.

16. Nan ki fason sèvis atansyone dirije pa Lespri a?

Antanke manm k ap sèvi, yo chèche enspirasyon pou yo ka konn ki pi bon fason pou lonje lamen bay lòt moun e satisfè bezwen yo. Èske yon vizit pwograme ak apèl telefòn regilye ou fè pou yon sè aje k ap viv poukont li founi koneksyon li bezwen an? Èske envite yon jèn adilt inaktif pou l patisipe nan yon pwojè nan kominote a ka konsidere kòm yon kontak ki ede? Èske patisipe nan yon mach foutbòl yon jèn ap jwe ka ede jèn nan ak paran li? Èske voye tèks bay yon moun pou pataje yon ekriti ki plen espwa ka soulaje fado li? Èske yon nòt oubyen yon kat oubyen yon email ka montre ke nou sousye pou moun nan? Kisa Sovè a ta vle pou sèvitè l yo fè? Chèche jwenn repons enspire pou kesyon sa yo ak itilize tout metòd ki disponib pou fè kontak avèk moun nou responsab yo se yon bagay ki enpòtan pou nou rann sèvis ki enspire. Pou yo rann sèvis kretyen, frè ak sè ansèvis yo pa ka konte sou vizit woutin oubyen mesaj ki deja prepare; yo dwe chèche enspirasyon ak konsèy nan men manm fanmi yo pou yo ka pi byen pran swen moun yo responsab pou sèvi yo—kote y ap itilize tan ak resous yo genyen.

17. Nan ki sans sèvis atansyone a fleksib?

Frè ak sè k ap bay sèvis atansyone yo gen opòtinite pou yo fè sa k pi byen mache pou yo. Moun yo envite yo pou yo pran anchaj yo gen dwa pa bezwen menm kantite atansyon an pou yo chak. Pandan y ap travay avèk episkopa a ak konsèy pawas la, prezidans kowòm ansyen ak prezidans Sosyete Sekou yo ap kominike bagay ki gen priyorite yo bay frè ak sè ki ansèvis yo pou yomenm yo ka gen yon ide sou kimoun ki gen dwa gen plis bezwen. Pi gwo priyorite a se souvan pou nouvo manm yo, manm inaktif yo ki gen dwa pi reseptif, ak lòt moun tankou paran selibatè, vèv, ak vèf. Dirijan yo gen dwa asiyen youn nan dirijan jèn yo pou yon fanmi kote gen yon jènjan oubyen yon jènfi k ap travèse kèk pwoblèm, epi yo dwe imedyatman asiyen frè ak sè sèvis yo pou sèvi nouvo konvèti yo. Yo gen dwa bay nenpòt manm nan kowòm ansyen an—granprèt ak ansyen—tach pou sèvi nan ka sa yo.

Kote sa apwopriye, yon gen dwa asiyen yon koup marye pou pran swen yon fanmi oubyen yon moun. Epitou, Loreyòl yo ak Abèy yo ka pote kontribisyon siyifikan tou nan sèvi kòm konpay sè Sosyete Sekou yo, menmjan prèt yo ak enstriktè yo gen dwa pote kontribisyon pa yo nan sèvi kòm konpayon detantè Prètriz Mèlkisedèk yo (gade kesyon 22, anba a)

18. Nan ki fason sèvis la adapte ak bezwen chak manm?

Frè ak sè ki ansèvis yo ap chèche fè tout sa yo kapab pou reponn bezwen moun yo. Gen tout fòm kominikasyon ki disponib pou reponn enspirasyon Lespri a ak satisfè bezwen moun y ap sèvi yo. Satisfè bezwen sa yo kòmanse avèk konsiderasyon nan lapriyè epi avèk yon konvèsasyon pou pran enfòmasyon nan men fanmi ak moun yo ba yo tach pou yo pran swen yo. Nan konvèsasyon sa a ak nan kontak nan apre yo, yo dwe koute moun y ap sèvi yo pou yo ka konprann kijan pou yo pi byen sèvi yo, pou yo ka konn ki frekans ak ki tip kontak yo vle, epi pou yo ka konnen si yo bezwen mesaj ak ki kalite mesaj pou yo pataje. Moun k ap sèvi yo dwe asire yo ke tout kominikasyon avèk nenpòt nan manm fanmi an apwopriye.

Frè ak sè ansèvis yo dwe chèche ede moun yo ak fanmi yo prepare pou pwochen òdonans yo, kenbe alyans yo fè yo, ak vin otonòm. Èd sa a ka gen ladan pataje mesaj spirityèl ki adapte a yon moun oubyen yon fanmi, menmsi sèvis atansyone a a pa prensipalman yon mesaj pou nou pataje. Revi Liahona ak Ensign yo p ap gen mesaj spesifik pou nou itilize nan kontak vizit yo ankò.

19. Ki fason dirijan Prètriz Mèlkisedèk yo ak dirijant Sosyete Sekou yo ka ini travay yo?

Yon amelyorasyon nan kapasite pou sèvi lòt moun nan se youn nan konsekans natirèl ak volontè k ap soti nan fòs konbine kowòm prètriz reyòganize yo ak inite avèk Sosyete Sekou k ap soti ladan l lan. Sèvis atansyone a vin yon efò konbine pou ranpli devwa prètriz pou “vizite kay chak manm” ak pou “toujou veye sou legliz la, pou l avèk yo epi pou fòtifye yo” ak objektif Sosyete Sekou pou “ogmante lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri avèk Ekspyasyon l lan; fòtifye moun yo, fanmi yo, ak fwaye yo atravè òdonans ak alyans tanp; epi travay nan inite pou ede moun ki nan bezwen” yo (D&A 20:47, 53; Manyèl Enstriksyon 2, 9.1.1).

Pandan y ap travay ansanm sou direksyon episkopa a, prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ap gen opòtinite pou yo jwenn enspirasyon, po yo òganize, ak fè kowòdinasyon nan chèche pou yo veye sou chak moun ak chak fanmi ak pou pran swen yo. Kowòdinasyon an enkli travay ansanm nan fason sa yo:

  • Prezidans kowòm ansyen yo ap rekòmande tach pou sèvis pou moun yo ak fanmi yo nan pawas la. Prezidans Sosyete Sekou yo ap rekòmande tach pou sèvis pou sè Sosyete Sekou yo. Kote ki gen bezwen espesyal ki egziste, prezidans kowòm ansyen an ak prezidans Sosyete Sekou a gen dwa diskite sou kèk tach espesifik anvan yo finalize yo.

  • Prezidans kowòm ansyen an ak prezidans Sosyete Sekou a rekòmande tach sèvis yo bay evèk la pou l ka apwouve yo.

  • Si nesesè, frè ak sè ansèvis yo ka diskite sou sitiyasyon espesyal moun yo epi, lè sa nesesè, yo ka kontakte dirijan kowòm oswa Sosyete Sekou yo pou èd ak resous adisyonèl.

  • Prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo dwe reyini chak twa mwa pou diskite sou bezwen moun yo ak fanmi yo ke yo aprann atravè entèvyou yo fè nan sèvi yo.

  • Apre reyinyon sa a, prezidan kowòm ansyen yo ak prezidant Sosyete Sekou yo dwe reyini ansanm avèk evèk la chak twa mwa pou yo adrese bezwen moun yo ak fanmi yo.

  • Si nesesè, dirijan kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo dwe chita an konsèy avèk konsèy pawas la konsènan fòs ak bezwen yo idantifye nan entèvyou sèvis yo epi prepare ak aplike plan pou sèvi ak beni manm pawas yo.

Pou senplifye kowòdinasyon an, pawas yo dwe fokis sou reyinyon konsèy pawas yo epi pa p gen reyinyon komite egzekitif prètriz ankò. Yo ka diskite sou ajanda bagay yo te deja trete nan reyinyon egzekitif prètriz yo, si bezwen, nan reyinyon episkopa a, nan konsèy pawas la, oubyen nan reyinyon chak twa mwa yo genyen avèk evèk la, prezidan kowòm ansyen an, ak prezidant Sosyete Sekou a.

20. Ki fason manm yo ap resevwa tach pou yo fè sèvis atansyone a?

Dirijan yo dwe rankontre avèk frè ak sè ansèvis yo—de preferans ak konpayon yo—pou pale de tach yo avèk yo epi pou ba yo konsèy sou fòs, bezwen, ak pwoblèm moun yo gen pou sèvi yo. Konvèsasyon sa a dwe fèt nan yon entèvyou entandans (gade kesyon 24 an, anba a) oubyen kèlkeswa kote yo bezwen l.

21. Ki wòl vizit nan kay moun yo?

Etandone kantite manm, distans, sekirite, ak lòt konsiderasyon, yon vizit chak mwa nan chak fwaye gen dwa pa posib ni pratik; men, vizit pèsonèl yo enpòtan lè nou ka fè yo. Pou sèvi jan Sovè a t ap sèvi a, frè ak sè ansèvis yo dwe reflechi sou tout posiblite ki genyen pou yo pran swen ak kontakte moun yo anchaj yo.

22. Èske nou dwe toujou pataje yon mesaj nan sèvis la?

Non. Lè frè ak sè ansèvis yo vin konnen moun yo anchaj yo, y ap aprann bezwen yo epi Sentespri a ka bayo enspirasyon pou yo konn si pou yo anseye yon prensip levanjil. Yon paran gen dwa mande yon sijè patikilye pou fanmi li. Men, pi bon “mesaj” la se sousye pou moun nan ak gen konpasyon pou li.

23. Kijan frè ak sè ansèvis yo ap bay rapò sou travay yo?

Dirijan yo pa p bezwen ranmase rapò sou fanmi ak moun yo te vizite pandan mwa a ankò. Olyesa, frè ak sè ansèvis yo ap gen yon opòtinite pou yo fè konsèy avèk dirijan kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo apwopo sitiyasyon moun y ap sèvi yo e osijè efò y ap fè nan sèvis yo a. Konsèy ansanm sa a dwe fèt omwen chak twa mwa nan entèvyou entandans yo ak nan nenpòt lòt lè yo bezwen kominike.

24. Kisa yon entèvyou entandans (entèvyou sèvis) ye?

Yon entèvyou entandans (sèvis) fèt (1) pou pale osijè fòs, ak bezwen, ak pwoblèm fanmi oubyen moun yo anchaj yo, (2) pou detèmine ki bezwen kowòm nan, Sosyete Sekou, oswa konsèy pawas la ka satisfè, epi (3) pou aprann nan men lidè yo ak pou ankouraje moun nan travay sèvis yo a.

Omwen chak twa mwa, frè ak sè ansèvis yo dwe rankontre avèk yon dirijan nan kowòm ansyen an oswa Sosyete Sekou a nan yon entèvyou entandans (sèvis), de preferans an pèsòn epi avèk konpayon yo. Yon koup marye k ap sèvi ansanm ka rankontre oubyen dirijan kowòm ansyen yo oubyen dirijant Sosyete Sekou yo oubyen yo toulède. Nan espas nan mitan entèvyou yo, frè ak sè ansèvis yo ka kominike lòt enfòmasyon si bezwen—an pèsòn oubyen atravè apèl telefòn, tèks, imel, oubyen nan lòt fason. Yo dwe pataje enfòmasyon konfidansyèl yo sèlman avèk prezidan kowòm ansyen an oubyen prezidant Sosyete Sekou a—oubyen dirèkteman avèk evèk la.

25. Kijan dirijan yo pral kenbe yon rejis sou entèvyou entandans yo?

Prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo dwe kenbe yon rejis sou entèvyou yo fè avèk frè ak sè ansèvis yo. Dirijan yo ap endike mwa entèvyou yo te fèt la ak kimoun ki te patisipe ladan yo. Si yo te fè entèvyou avèk omwen youn nan de konpayon sèvis yo pandan twa mwa a, yo gen dwa rapòte l kòm entèvyou pou toulède konpayon yo.

Rive Premye Out 2018, ap gen mizajou nan app LDS Tools la ak nan Resous pou Dirijan ak Grefye yo nan LDS.org k ap disponib pou nou konn kijan pou fè rapò sa yo. Chanjman nan Rapò chak twa mwa yo ap disponib nan mitan ane 2018 la tou. Nou pral resevwa plis detay pou dirijan yo ak grefye yo nan yon lèt katye jeneral Legliz la pral voye ba nou.

26. Ki wòl kowòdonatè ak sipèvizè sèvis pastoral yo genyen?

Nou pa dwe fè apèl pou kowòdonatè ak sipèvizè sèvis ankò. Moun ki te aple nan pozisyon sa yo ta dwe relve.

27. Kiyès ki dirije entèvyou sèvis yo?

Chak manm nan prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ka fè entèvyou sèvis yo. Menm nan gwo pawas yo, dirijan yo ap twouve ke entèvyou yo pratikab lè chak manm nan chak prezidans fè kèk entèvyou chak semèn. Entèvyou pou sèvis pastoral yo pa bezwen long pou yo ka efikas.

28. Ki lè nan chak twa mwa yo dirijan yo dwe fè entèvyou sèvis pastoral yo?

Entèvyou sèvis pastoral yo ka fèt e yo ta dwe fèt nenpòt jou nan chak twa mwa sa yo—epi nou pa dwe kite l pou jis dènye semèn oubyen dènye mwa nan trimès la. Si dirijan yo fè entèvyou yo regilyèman, y ap vin wè ke yo ka akonpli objektif esprityèl ak tanporèl sèvis pastoral la.

Fè jèn yo patisipe nan sèvis atansyone a.

29. Ki fason jèn yo ka patisipe nan tach sèvis atansyone yo?

Dirijan yo ka chwazi pou yo asiyen Loreyòl yo ak Abèy yo kòm konpay sè Sosyete Sekou yo, pandan ke prèt yo ak enstriktè yo apral sèvi kòm konpayon detantè Prètriz Mèlkisedèk yo. Jèn yo ka pataje don unique yo e grandi spirityèlman si yo sèvi ansanm avèk adilt yo nan travay sali a e pandan y ap pale de sèvis sa a nan entèvyou entandans yo. Anplis desa, enplike jèn yo nan tach sèvis yo ap ogmante kapasite pou nou lonje lamen bay lòt moun yo paske sa ap ogmante kantite manm k ap patisipe yo. Sa gen dwa senplifye ak fòtifye efò sa yo andedan fanmi yo tou pandan manman ak pitit fi—ak papa ak pitit gason—ap sèvi ansanm.

30. Èske yon jèn ta dwe gen frè ak/oswa sè ansèvis yo asiyen pou li espesyalman?

Non. Jènjan ak Jènfi yo dwe resevwa sèvis nan men moun k ap sèvi fanmi yo a epi dirijan Prètriz Aawon yo ak dirijant Jènfi yo responsab pou pran swen yo.

31. Èske jènjan yo ak jènfi yo ka gen tach pou yo sèvi avèk konpayon ki aje?

Wi. Direksyon ki nan nouvo dokiman “Prevansyon ak Aksyon kont Abi” a pèmèt pou konpayon aje ka sèvi avèk jèn moun. Nou pa dwe konsidere “Sèvis pastoral” la kòm yon “aktivite” oubyen yon “klas,” jan yo di nou nan direksyon sa yo.

Dirijan yo dwe itilize bon jijman enspire lè yap asiyen jèn yo kòm konpayon sèvis pastoral. Konpayon aje yo dwe evite sitiyasyon moun ka mal entèprete. Yo dwe pran prekosyon nan sitiyasyon izole avèk jèn yo, pou jèn yo ka santi yo an sekirite epi pou yo ka fè yon bon eksperyans avèk sèvis pastoral la. Epitou, nou dwe aplike sajès pou nou pa asiyen jèn yo nan fwaye difisil oubyen sityasyon familyal ki difisil.

32. Èske tout jènfi nan Abèy ak Loreyòl yo dwe gen tach pou yo fè sèvis pastoral?

Nou ta dwe envite jènfi nan Abèy ak Loreyòl yo pou yo sèvi. Paran yo ak dirijan yo dwe fè konsèy avèk chak jènfi, epi lè lè a rive pou l kapab sèvi epi l dispoze pou l sèvi, yo ka ba l tach pou l fè sèvis pastoral. Jènfi yo dwe sèvi kòm konpay sè Sosyete Sekou yo.

33. Kiyès ki bay jèn yo tach pou yo fè sèvis pastoral?

Avèk apwobasyon evèk la, yon manm nan prezidans Sosyete Sekou a bay jènfi nan Abèy ak Loreyòl yo tach pou yo fè sèvis pastoral. Epi, avèk apwobasyon evèk la, yon manm nan prezidans kowòm ansyen yo bay prèt yo ak enstriktè yo tach pou yo fè sèvis pastoral.

Kowòm ak Sosyete Sekou

34. Èske konsantrasyon sou kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ranfòse wòl evèk la ak konsèy pawas la?

Wi. Evèk la se gran prèt k ap prezide a epi l “bay lòt dirijan nan pawas yo direksyon ak konsèy” (Manyèl Enstriksyon 1,2.1.1). Li revize tout tach sèvis pastoral yo epi l apwouve yo. Sou direksyon evèk la, konsèy pawas la kontinye nan wòl esansyèl li pou “ede chak moun bati temwayaj yo, resevwa òdonans sali yo, kenbe alyans yo, ak vin disip konsakre Jezikri” (Manyèl Enstriksyon 24.4). Kowòm ansyen ak Sosyete Sekou ranfòse yo—ki reprezante pa prezidan pa yo, ki se manm konsèy pawas la—ap ogmante efikasite konsèy sa a.

35. Èske prezidans kowòm ansyen yo ta dwe vizite oubyen fè entèvyou avèk manm kowòm yo chak ane (gade nan Manyèl Enstriksyon 2, 7.3.2)—anplis entèvyou sèvis/entandans chak twa mwa a?

Wi. Kòm yon pati nan responsablite jeneral yo, prezidans kowòm ansyen yo dwe fè entèvyou avèk manm kowòm yo konsènan tout responsablite prètriz yo—enkli byennèt detantè prètriz la, madanm ni, ak fanmi li—omwen yon fwa chak ane. Entèvyou sa yo ka fèt pandan tout ane a. Entèvyou sa a pa ta dwe fèt an menm tan avèk entèvyou sèvis la kote yon konpayon prezan tou.

36. Kiyès ki ka ede prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo akonpli travay sali a?

Prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ka òganize kèk manm pou ede yo akonpli travay la si nesesè. Paregzanp, yo ka aple kèk manm pou dirije ak ede nan travay tankou sèvis, travay tanp ak istwa familyal, pataje levanjil la, ak antrèd.7

. Èske yon pawas ka gen plis pase yon kowòm ansyen oubyen plis pase yon Sosyete Sekou?

Wi. Nan espri Doktrin ak Alyans 107:89 la, lè yon pawas gen yon gwo kantite detantè prètriz Mèlkisedèk ki aktif, dirijan yo ka òganize plis pase yon grenn kowòm ansyen. Nan ka sa yo, chak kowòm yo dwe gen yon kantite manm ki balanse selon laj, eksperyans, ak ofis yo nan prètriz la ak fòs yo. Menm prensip sa yo aplike pou Sosyete Sekou tou.

38. Èske prezidan kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo ka aple lòt konseye adisyonèl pou ede yo nan sèvis pastoral la?

Non. Yon prezidan gen de konseye. Si dirijan yo twouve ke yo bezwen èd adisyonèl, yo ka chita avèk evèk yo an konsèy pou konn si pou yo aple yonn oubyen plis sekretè pou sèvis pastoral. Sekretè sèvis pastoral sa yo ka gen tach, paregzanp, pou yo prepare orè entèvyou sèvis yo, epi pou yo ede prepare yon rapò entèvyou chak twa mwa.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Ask, Seek, Knock,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 83.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 107:9–12. Nan vèsè 11 la, “granprèt la” fè referans a granprèt k ap prezide a.

  3. Jeffrey R. Holland, “Reprezantan Legliz yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 62.