Seminè ak Enstiti
Anseye osijè Jezikri nan Kèlkeswa Sa W ap Anseye


“Anseye Konsènan Jezikri Nan Kèlkeswa Sa W ap Anseye,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun K ap Ansye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Anseye Konsènan Jezikri Nan Kèlkeswa Sa W ap Anseye,” Anseye nan Fason Sovè a

Imaj
Jezikri ak disip Li yo nan Dènye Soupe a

M ap Kite Lapè Avèk Nou, tablo Walter Rane

Anseye osijè Jezikri nan Kèlkeswa Sa W ap Anseye

Gen anpil bagay pou nou anseye konsènan levanjil retabli Jezikri a—prensip, kòmandman, pwofesi, ak istwa ekriti. Men, tout sa yo se branch menm pyebwa a, paske yo tout gen yon sèl objektif: pou ede tout moun vini jwenn Kris la epi pèfeksyone yo nan Li (gade nan Jawòm 1:11; Mowoni 10:32). Konsa, kèlkeswa sa w ap anseye a, sonje ke w ap reyèlman anseye konsènan Jezikri ak fason pou nou vin tankou Li. Sentespri a ka ede w aprann rekonèt laverite konsènan Sovè a ak pouvwa redanmtè Li nan chak prensip levanjil, kòmandman, ak ansèyman pwofèt (gade nan Jakòb 7:10–11).

Èske w ap anseye sou sakrifis? Panse pou w eksplore avèk etidyan yo fason sakrifis yo kapab pwente nanm nou sou “gran ak dènye sakrifis” Sovè a (Alma 34:10). Èske w ap anseye sou inite? Panse pou w diskite sou inite Jezikri te atenn avèk Papa l la ak envitasyon L pou nou, pou nou ka vin fè youn avèk yo a (gade nan Jan 17). Konsidere chak sijè levanjil la kòm yon opòtinite pou w anseye ak aprann konsènan Jezikri.

Chak kòmandman bay yon opòtinite tou. Pa sèlman konsantre sou lwa levanjil yo—aprann sou Moun ki bay lwa a tou. Si w ap diskite sou PawòI Sajès la epi w konsantre sou sa pou nou fè ak sa pou nou pa fè nan zafè viv an sante, w ap rate opòtinite pou w medite sou fason Jezikri dwe pwofondeman sousye pou nou an— nan byennèt espirityèl ak fizik nou—pou l ba nou lwa sa a. Konsantre sou fason Sovè a dispoze ak anvi beni nou avèk pouvwa L pou ede nou viv lwa L yo. Chak kòmandman Li ba nou revele yon bagay sou panse L ak volonte L ak kè L—ke nou jwenn lajwa nan dekouvri sa ansanm!

Mete Aksan sou Egzanp Jezikri a

Nou ka mete Jezikri nan sant ansèyman ak aprantisaj nou lè nou rekonèt ak mete aksan ke Li se egzanp pafè a nan tout prensip levanjil yo. Antanke disip, nou p ap suiv prensip yo sèlman—nou suiv Jezikri tou. Pandan n ap konsantre sou egzanp pafè Sovè a, Sentespri a ap temwaye konsènan Li epi L ap enspire nou pou nou suiv Li.

Imajine pou yon moman ke w ap anseye prensip pou pèsevere jiska lafen an. Yon diskisyon sou fason Sovè a se yon egzanp sou pèsevere jiska lafen ta ka pote yon santiman reverans ki plen tandrès pou Li. Kisa moun w ap anseye yo aprann ak santi nan egzanp Li a?

Imaj
Sovè a k ap geri yon mesye ki kouche atè a.

Sovè a trase yon egzanp pafè pou nou tout. Li Geri Yo Tout, tablo Michael Malm

Anseye sou Tit, Wòl, ak Kalite Jezikri

Jezikri gen anpil tit nan ekriti yo. Yo chak reflete youn nan wòl Li nan plan Bondye a epi yo chak anseye nou sou kalite divin Li. Ou gen dwa konsidere pou w eksplore avèk etidyan yo kisa tit tankou Mouton Bondye, Avoka, Finisè Lafwa Nou, ak Limyè Mond la anseye nou konsènan Jezikri. Epi tou, pandan w ap ede etidyan yo vin konnen plis sou Sovè a, ale odela sa L te di ak sa L te fè pou w pale de kiyès Li ye ak ki wòl Li vle jwe nan lavi nou. Pandan w ap aprann ansanm sou karaktè ak kalite Sovè a, Sentespri a ap apwofondi konpreyansyon w ak amou w pou Li.

Chèche Senbòl Ki Temwaye Konsènan Jezikri

“Tout bagay,” Senyè a te deklare, “te kreye ak fèt pou rann temwayaj konsènan mwen” (Moyiz 6:63; gade tou nan 2 Nefi 11:4). Avèk verite sa a nan panse nou, nou ka aprann wè yon miltitid senbòl nan ekriti yo ki temwaye konsènan Sovè a. Senbòl sa yo enkli bagay tankou pen, dlo, ak limyè. Yon fwa nou fin konprann fason senbòl sa yo gen rapò avèk Sovè a, yo ka anseye nou sou pouvwa Li ak kalite Li. Ou ka menm jwenn paralèl avèk lavi Sovè a nan lavi pwofèt yo ak lòt gason ak fi ki fidèl yo nan ekriti yo. Lè nou chèche senbòl, sa revele nou verite sou Sovè a nan kote nou pa t ap ka wè otreman.