Seminè ak Enstiti
Sigjesyon pou yon Varyete Metòd Ansèyman ak Etidyan


“Sigjesyon pou yon Varyete Metòd Ansèyman ak Etidyan,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun ki ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Sigjesyon pou yon Varyete Metòd Ansèyman ak Etidyan,” Anseye nan Fason Sovè a

Imaj
gason k ap anseye fanmi

Sigjesyon pou yon Varyete Metòd Ansèyman ak Etidyan

Prensip pou anseye nan fason Sovè a kapab aplike nan nenpòt opòtinite pou anseye—lakay, nan legliz la, ak lòt kote. Sepandan, chak opòtinite mache avèk pwòp sikonstans espesyal li. Seksyon sa a bay sigjesyon adisyonèl ki espesifik pou diferan etidyan ak diferan metòd ansèyman.

Fwaye ak Fanmi

Fwaye a se pi Bon Andwa pou Anseye ak Aprann Levanjil la

Prezidan Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke fwaye a ta dwe tounen “sant aprantisaj levanjil la” (“Vin tounen Sen Dènye jou Egzanplè,” Lyawona, Nov. 2018, 113). Ansèyman ki fèt nan legliz la oswa nan seminè gen enpòtans epi li nesesè, men wòl li se pou sipòte ansèyman k ap fèt nan fwaye a. Prensipal anviwònman—ak pi bon anviwònman an—pou aprann levanjil la, alafwa pou tèt nou ak fanmi nou, se fwaye a.

Men sa pa vledi ke bon aprantisaj levanjil la ap fèt otomatikman nan fwaye a; sa mande efò konsyansye. Prezidan Nelson te sigjere ke nou gendwa bezwen “transfòme” oswa “remodle fwaye nou”—pa nesesèman nan kraze miray yo oswa ajoute yon planche tounèf men petèt nan evalye espri a an jeneral nan fwaye nou, sa ki enkli kontribisyon nou pou espri sa a tou (“Vin tounen Sen Dènye jou Egzanplè,” 113). Pa egzanp, konsidere mizik, videyo, ak lòt medya yo nan fwaye w; foto ki sou miray kay ou yo; ak fason manm yo nan fanmi ou pale ak epi trete youn lòt. È ske bagay sa yo envite enfliyans Sentespri a? Èske ou mete tan apa pou w aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou? Èske manm fanmi w yo santi lanmou, sekirite, ak toupre Bondye lè yo nan fwaye ou?

Ou gendwa pa santi w gen kontwòl sou anbyans spirityèl la nan fwaye w. Si se sitiyasyon an, se pou w vin tounen pi bon enfliyans ou kapab ye epi mande Senyè a pou ede w. L ap onore efò sensè ou. Lè w ap eseye anseye ak aprann levanjil la, menmsi w pa wè rezilta w vle yo imedyatman, ou sou wout pou w reyisi.

Aprantisaj nan Fwaye a Fonde sou Relasyon

“Renmen moun w ap anseye yo” aplike nan tout kote levanjil la ap anseye, men nan fwaye a, lanmou dwe vini pi natirèlman epi moun dwe santi l pi pwofondeman. Menm si fwaye w pa twò ideyal, li dwe vin tounen sant aprantisaj levanjil la paske se la nou bati relasyon ki pi dirab nou yo. Enstriktè andeyò fwaye a gendwa gen plis eksperyans oswa fòmasyon kòm enstriktè, men yo p ap janm ka gen menm potansyèl pou relasyon lanmou ak etènèl ki egziste nan fwaye a. Konsa, nouri relasyon sa yo. Envesti tan ak efò nesesè pou w koute manm fanmi w yo epi bati konfyans ak konpreyansyon avèk yo. Sa ap ede kreye yon fondasyon solid pou efò w pou w anseye ak aprann levanjil la nan fwaye a.

Aprantisaj nan Fwaye a Ka Planifye men Li Ka Spontane Tou

Pifò klas nan Legliz la fèt yon fwa pa semèn, avèk yon kòmansman ak fen ki pwograme, men se pa toujou konsa nan fwaye a. Ou gendwa gen yon leson sware familyal oswa etid ekriti familyal ki pwograme, men opòtinite ansèyman nan fanmi an rive souvan nan okazyon enfòmèl chak jou yo—pandan n ap manje yon repa, pandan n ap fè travay nan kay la, jwe yon jwèt, kondui al travay oswa lekòl, li yon liv, oswa gade yon fim ansanm. Yon lapli ak loraj kapab yon chans pou pale sou kijan Sovè a pwoteje nou kont loraj spirityèl. Yon tinedjè ki gen yon desizyon difisil pou l pran gendwa pare pou l aprann konsènan revelasyon pèsonèl. Yon timoiun ki pè gendwa benefisye de temwayaj ou konsènan Konsolatè a. Timoun k ap malaji oswa maltrete youn lòt ka resevwa ansèyman konsènan repantans ak padon.

Paske moman sa yo pa planifye, ou pa ka prepare pou yo tankou jan w t ap prepare w pou yon leson tradisyonèl. Toutfwa, ou ka prepare tèt ou nan rete sansib pou Lespri a epi fè efò pou w “toujou pare” (1 Pyè 3:15). Nenpòt moman gendwa tounen yon moman pou anseye oswa aprann.

Aprantisaj nan Fwaye a Genyen ladan Ti Efò, Senp, Konsistan.

Paran yo pafwa vin dekouraje lè tantativ yo pou anseye levanjil la nan fwaye yo pa sanble l gen siksè. Sou plan endividyèl, yon grenn sware familyal, yon sesyon etid levanjil, oswa yon konvèsasyon sou levanjil la gendwa pa sanble tankou l ap akonpli anpil bagay. Men akimilasyon ti efò, senp, ki repete ak konsistans avèk letan, kapab vin pi puisan ak fòtifyan pase yon moman eksepsyonèl oswa yon leson ekstraòdinè. Senyè a di “Tout bagay dwe rive nan tan pa yo,”. “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti” (Doktrin ak Alyans 64:32–33; gade tou Alma 37:6–7). Donk, pa lage sa, epi pa enkyete w konsènan akonpli yon gwo bagay chak fwa. Jis rete konsistan nan efò w yo.

Nan fwaye a, Aprann ak Viv se Bagay ki Enseparab

Levanjil la pran yon siyifikasyon imedyat nan fwaye a. Nan fwaye a, moun w ap aprann levanjil la avèk yo a se moun w ap viv avèk yo—chak jou. Anfèt, pifò tan yo, viv levanjil la se fason nou aprann levanjil la. Konsa, pandan wa p aprann ak anseye levanjil la lakay ou, chèche jwenn fason pou w konekte sa w ap aprann yo avèk sa w ap fè. Nan fwaye w, kite levanjil la vin yon bagay w ap fè efò pou w viv, pa jis yon bagay ou pale de li.

Imaj
fi k ap anseye timoun

Opòtinite pou anseye nan fanmi an rive souvan nan moman enfòmèl chak jou yo.

Anseye Timoun yo

Timoun yo bezwen Varyete

Tout timoun diferan, epi pandan y ap devlope, bezwen yo ap chanje. Varye metòd ansèyman w yo ap ede w satisfè bezwen diferan yo. Pa egzanp, konsidere pou w itilize bagay sa yo:

  • Istwa. Istwa yo ede timoun yo wè kijan levanjil la aplike nan lavi kotidyèn. Itilize istwa nan ekriti yo, nan pwòp lavi pa w, nan istwa fanmi ou, oswa nan revi Legliz yo, espesyalman istwa konsènan Sovè a. Planifye sou fason pou w enplike timoun yo nan istwa a—nan kenbe foto, repete fraz, oswa jwe yon wòl.

  • Èd vizyèl. Foto, videyo, ak objè ka ede timoun yo konprann ak sonje prensip levanjil yo. Nou ka jwenn anpil foto ak videyo nan Media Library nan ChurchofJesusChrist.org.

  • Mizik. Kantik yo ak lòt chan yo kapab ede timoun yo santi lanmou Bondye, santi Lespri a, ak aprann verite levanjil yo. Melodi yo, rit yo ak mo senp yo kapab ede timoun yo sonje verite levanjil yo pandan dèzane. Lè w ap chante avèk timoun yo, ede yo dekouvri ak konprann prensip ki anseye nan chante yo.

Pifò timoun aprann pi byen lè plizyè nan sans yo enplike. Chèche jwenn mwayen pou w ede timoun yo itilize sans vizyon, koute, ak touche lè y ap aprann. Nan kèk sitiyasyon, ou gendwa menm jwenn fason pou w itilize sans odora ak gou tou!

Timoun Yo Kreyatif

Lè w envite timoun yo pou yo desine, konstwi, kolore, oswa ekri yon bagay ki anrapò avèk yon prensip levanjil, w ap ede yo pi byen konprann prensip la, epi w ap ba yo yon souvni tanjib sou sa yo te aprann nan. Yo ka itilize sa yo te kreye a pou pataje sa yo te aprann avèk lòt moun tou. Chak nimewo revi Zanmi an genyen ladan yo aktivite kreyatif pou timoun yo.

Timoun Gen Kiryozite

Lè timoun yo poze kesyon, konsidere yo kòm opòtinite, non pa kòm distraksyon. Kesyon yo se yon endikasyon ke yo pare pou yoaprann, epi kesyon yo ka ba w ide valab sou sa yo panse ak sou sa yo santi. Ede yo wè ke yo ka jwenn repons pou kesyon spirityèl yo genyen yo nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo.

Timoun yo Bezwen Lanmou Menm Lè yo Dezòd

Pafwa yon timoun aji nan fason ki deranje aprantisaj lòt yo. Pifò konpòtman deranjan yo soti nan yon bezwen ki pa satisfè. Lè sa rive, se pou w gen pasyans, lanmou, ak konpreyansyon konsènan pwoblèm timoun sa a gendwa ap travèse yo. Li gendwa jis bezwen plis opòtinite pou l patisipe nan leson an nan fason pozitif—tankou kenbe yon foto, desine yon bagay sou tablo a, oswa li yon ekriti.

Si yon timoun kontinye deranje klas la, li ta bon pou w pale avèk li an prive. Avèk lanmou ak pasyans, eksplike l sa w ap atann nan men li ak konfyans ou genyen ke li ka fè sa. Felisite timoun nan lè l fè pi bon chwa.

Timoun yo Genyen Anpil pou yo Pataje

Lè timoun yo aprann yon bagay ki nouvo, yo tou natirèlman anvi pataje l avèk lòt moun. Ankouraje dezi sa a nan bay timoun yo opòtinite pou yo anseye prensip levanjil yo youn ak lòt, pou manm fanmi yo, ak pou zanmi yo. Mande yo pou yo pataje avèk ou panse yo, santiman yo ak eksperyans yo parapò a prensip w ap anseye yo. W ap dekouvri ke yo gen ide ki senp, pur, epi puisan.

Timoun yo Ka Santi Lespri a men yo Gendwa Bezwen Èd pou Rekonèt Enfliyans Li

Menm timoun ki pa ko resevwa don Sentespri a ka santi enfliyans Li, espesyalman lè y ap aprann konsènan Jezikri ak levanjil Li a. Lè yo fè bon chwa, yo ka santi apwobasyon Sovè a atravè Lespri a. Anseye timoun yo sou diferan fason Lespri a kominike avèk nou. Ede yo rekonèt vwa Li lè L ap pale avèk yo. Sa ap prepare yo pou yo devlope abitid chèche ak aji sou revelasyon pèsonèl atravè tout lavi yo.

Anseye Jèn yo

Jèn yo Gen Gwo Potansyèl

Jèn yo gen potansyèl pou yo reyalize bagay remakab nan sèvis Senyè a. Anpil eksperyans ki rapòte nan ekriti yo demontre ke Bondye gen konfyans nan kapasite espirityèl jèn yo. Si jèn yo santi ou kwè nan yo, konfyans yo nan potansyèl divin yo ap grandi, epi w ap etone wè sa yo ka akonpli. Avèk amou, ede yo wè sa Pè Selès la konnen yo ka devni. Suiv egzanp Sovè a nan kontinye renmen yo ak ankouraje yo, travay pasyaman avèk yo, epi pa janm dekouraje avèk yo.

Jèn yo Ap Aprann konsènan Yomenm

Jèn w ap anseye yo ap bati fondasyon pou temwayaj yo. Yo nan yon pwosesis pou yo dekouvri kwayans yo ak konviksyon yo. Ya p pran desizyon ki pral afekte trajektwa lavi yo. Pou yo ka siviv espirityèlman nan tan danjere sa yo e pou yo ka akonpli misyon Senyè a genyen pou yo a, jèn w ap anseye yo ap bezwen konnen kijan pou yo jwenn fòs pandan eprèv yo, repons pou kesyon yo, ak kouraj pou “kanpe kòm temwen Bondye” (Mozya 18:9).

Jèn yo gen yon dezi ka p grandi pou yo aprann bagay yo nan reflechi epi fè eksperyans olye ke nou senpleman ba yo enstriksyon. Sa vledi ke anseye jèn yo ap mande pou w gen bon kapasite pou w tande. Lè jèn yo santi ke w konprann yo, y ap santi yo plis dispoze pou konsèy ak gidans. Asire yo ke Senyè a konnen yo epi L ap ede yo pandan y ap lite avèk kesyon ak eprèv yo. Yo ka egzèse lafwa yo nan Li nan devlope yon abitid lapriyè ak etid ekriti kotidyen epi nan sèvi lòt moun. Ankouraje jèn yo pou yo patisipe nan klas Legliz yo epi etidye pou tèt pa yo kapab ede yo fè eksperyans pèsonèl ki pral bati temwayaj yo konsènan eritaj diven yo.

Anpil Jèn Alèz nan Itilize Teknoloji

Si jèn w ap anseye yo gen pwòp aparèy elektwonik pa yo, sonje ke aparèy sa yo se zouti pou amelyore aprantisaj la. Anseye yo fason pou yo itilzie ekriti elektwonik yo ak lòt resous ki disponib nan Bibliyotèk Levanjil la. Ou ka voye mesaj ak lyen bay jèn yo pandan semèn nan tou pou ede yo prepare pou leson ka p vini yo.

Imaj
Klas Lekòldidimanch

Jèn yo bezwen konprann kisa Senyè a konnen yo ka vin tounen.

Anseye Adilt

Adilt yo Ka Pran Respomsablite pou Aprantisaj Yo

Etidyan adilt yo gen kapasite pou yo aji pou tèt pa yo nan anviwònman aprantisaj levanjil yo (gade 2 Nefi 2:26). Envite yo prepare pou diskisyon levanjil yo nan etidye yon bagay alavans, epi ankouraje yo pou pataje sa y ap aprann nan men Lespri a. Ou gendwa mande yo ki prensip levanjil yo ta renmen pase tan ap aprann sou li ansanm tou.

Adilt yo Tire nan Eksperyans Yo Lè y ap Aprann

Job te deklare, “Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann” (Job 12:12). Jeneralman, sajès ak konpreyansyon spirityèl vini apre dèzane eksperyans. Lè w ap anseye adilt, envite yo pou yo pataje eksperyans ki bati lafwa yo nan Pè Selès la ak Jezikri. Sa ap ba yo opòtinite pou yo temwaye konsènan fason yo te vin konnen ke prensip levanjil y ap etidye yo se verite. Pataje eksperyans ap bati relasyon ant moun w ap anseye yo tou, nan ede “tout moun … edifye” (Doktrin ak Alyans 88:122).

Adilt yo Chèche Aplikasyon Pratik

Adilt w ap anseye yo gendwa genyen anpil wòl ak responsablite nan pwofesyon yo, nan kominote yo, nan apèl yo nan Legliz la, ak nan fanmi yo. Lè y ap etidye levanjil la, yo souvan ap panse a ki fason sa y ap aprann nan ka ede yo nan wòl sa yo. Envite yo pou yo gade kijan pawòl Bondye yo byen konekte avèk sitiyasyon espesyal pa yo. Ou ka fè sa nan mande yo kijan prensip levanjil yo siyifikatif ak aplikab nan lavi yo.

Adilt yo Ka Reflechi nan Fason ki Konplèks

Gras ak eksperyans yo ak konesans yo, adilt yo konnen ke pa toujou gen repons fasil pou kesyon levanjil yo. Yo ka apresye ke yon pasaj ekriti gendwa gen plizyè siyifikasyon, epi yo ka aplike yon prensip levanjil avèk yon varyete sitiyasyon nan lavi a. Envite yo pou yo medite sou fason prensip levanjil yo koresponn youn ak lòt epi a sa k ap pase nan lavi yo. Ankouraje patisipasyon ak diskisyon pou youn ka aprann apati sitiyasyon espesyal lòt.

Imaj
yon fi k ap anseye yon klas

Adilt yo ka pataje anpil eksperyans ki te bati lafwa yo nan Pè Selès la ak Jezikri.

Anseye Moun ki Andikape

Ede Chak Moun Grandi ak Pwogrese

Joseph Smith te anseye: “Tout entelijans ak tout espri Bondye te janm voye nan mond lan kapab pwogrese” (Enseignement des Présidents de l église: Joseph Smith [2007], 210). Asime ke tout pitit Bondye gen kapasite pou yo grandi nan konesans epi pwogrese. Mande Senyè a pou ede w konnen kijan pou w ede chak moun.

Aprann Konsènan Bezwen Espesifik yo

Pale avèk etidyan yo oswa paran yo oubyen avèk moun k ap okipe yo. Chèche dekouvri kijan chak moun aprann pi byen ak ki estrateji ki ap pi itil pou li. Ou ta kapab konsilte lòt dirijan ak enstriktè ki gen eksperyans ak ide pou yo pataje yo avèk ou tou. Pou strateji itil pou anseye, gade disabilities.ChurchofJesusChrist.org.

Kreye yon Atmosfè Pozitif

Kreye yon atmosfè pozitif kote chak timoun santi sekirite ak lanmou. Pa asime ke tout etidyan ki andikape yo se menm, epi trete chak moun avèk lanmou ak respè. Ankouraje lòt yo pou yo janti ak konpreyansif

Asire Ke Tout moun Ka Patisipe

Gen kèk ti chanjman ki ka fèt nan aktivite yo pou asire ke tout timoun ka aprann, enkli sa ki gen limitasyon fizik oubyen difikilte pou aprann yo. Pa egzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou gendwa fè yo chante yon chan ki gen rapò avèk aktivite a pito pou ka enkli timoun ki pa wè byen yo.

Etabli Woutin ak Estrikti Konsistan

Yon fason pou etabli yon woutin se kreye yon afich ki gen yon orè. Orè w la gendwa enkli priyè, tan pou anseye, ak tan pou aktivite. Suiv yon orè kapab ede redui santiman ensètitid ak anksyete pou kèk entidyan.

Konprann Poukisa Konpòtman Difisil yo Rive

Pran ransèyman sou tout andikap oubyen sitiyasyon ki ka enfliyanse yon moun aji yon fason ki pa apwopriye. Pote bonjan atansyon a sa k ap pase a lè gen pwoblèm konpòtman ki prezante. Nan yon espri lapriyè, konsidere fason pou w modifye sitiyasyon an pou w ka sipòte etidyan yo.

Pou plis enfòmasyon konsènan Anseye Moun ki Andikape, gade disabilities.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Klas Jènfi

Enstriktè yo ka kreye yon anviwonmanm ansèyman pozitif kote chak moun santi akseptasyon ak lanmou.

Ansèyman Adistans

Vin Familye avèk Teknoloji

Anvan klas oswa reyinyon w lan, pran tan pou w familyarize w avèk teknoloji w pral itilize a. Eksplore kèk nan fonksyon yo, tankou fason pou pataje videyo oswa foto. Konsidere fè yon reyinyon “tès” avèk manm fanmi w oubyen zanmi w.

Anpil pawas ak pieu gen yon espesyalis teknoloji. Ou ka petèt konn lòt mounki gen eksperyans nan reyizyon virtyèl tou. Mande yo konsèy oswa gidans.

Elimine Distraksyon Potansyèl yo

Si posib, chèche yon kote ki pezib pou fè reyinyon an. Twòp bri nan anviwonman an kapab yon distraksyon. Ankouraje etidyan yo pou yo fè menm bagay la oubyen pou yo mete mikwo yo sou silans si yo p ap pale.

Itilize Kamera a

Si posib, kite kamera w la ouvri pou etidyan yo ka wè figi w. Envite (men pa fòse) etidyan yo pou yo louvri kamera pa yo a tou. Sa ka ede kreye yon espri inite ak sipo mityèl.

Itilize Opsyon Dyalòg Virtyèl La

Anpil pwogram reyinyon virtyèl pèmèt patisipan yo tape kesyon oswa kòmantè yo nan yon espas pou dyalòg. Kèk ladan yo pèmèt patisipan yo leve men yo virtyèlman tou. Fè etidyan yo konnen fonksyon sa yo. Ou gendwa mande yon moun pou l siveye men ki leve oswa kòmantè ki nan espas dyalòg la pou w ka konsantre atansyon w sou dirije diskisyon an.

Jwenn Fason pou Enplike Etidyan yo

Paramèt aprantisaj virtyèl yo pafwa rann difisil pou moun wè ak tande lòt. Fè yon efò konsyan pou w enplike moun ki vle enplike yo. Pafwa sa vledi kreye gwoup ki pi piti (paregzanp, nan divize yon gwo klas Lekòldidimanch). Pafwa sa vledi mande etidyan yo alavans pou yo patisipe nan yon fason espesifik. Pa kite limitasyon teknoloji yo fè w bliye oswa neglije moun ki gen dezi ak volonte pou aprann yo.