Ekriti yo
2 Nefi 10


Chapit 10

Jakòb eksplike ke Juif yo pral krisifye Bondye yo a—Yo pral dispèse jistan yo kòmanse kwè nan Li—Amerik pral yon tè libète kote okenn wa p ap gouvène—Rekonsilye avèk Bondye epi jwenn sali pa mwayen gras Li. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, mwen menm Jakòb, m ap pale avèk nou ankò, frè byenneme m yo, konsènan branch ki jis m te pale a.

2 Paske gade, pwomès nou te resevwa yo, se pwomès n ap jwenn pandan nou nan kò fizik la; se poutèt sa, jan yo te montre m nan, anpil nan pitit nou yo pral peri nan kò fizik la poutèt enkredilite, men, Bondye pral gen mizèrikòd pou anpil ladan yo; e pitit nou yo pral restore, pou yo kapab vin jwenn bagay ki pou ba yo vrè konesans konsènan redanmtè yo a.

3 Se poutèt sa, jan m te di nou an, li nesesè pou Kris la—paske, yèswa, zanj la te di m se konsa yo pral rele l—dwe vini nan pami Juif yo, nan pami moun ki pi mechan nan mond lan; e yo pral krisifye l—paske, se konsa Bondye nou an vle l, e pa gen okenn lòt nasyon sou tè a ki t ap krisifye Bondye pa yo.

4 Paske, si gwo mirak sa yo ta fèt nan pami lòt nasyon yo, yo t ap repanti; e yo t ap konnen li se Bondye yo a.

5 Men, poutèt entrig prèt ak inikite yo, moun ki nan Jerizalèm yo pral fè kou rèd kont li, pou yo kapab krisifye l.

6 Se poutèt sa, poutèt inikite yo, destriksyon, famin, lapès, ak masak pral tonbe sou yo; e moun ki pa detwi yo pral dispèse nan pami tout nasyon.

7 Men gade, Senyè Bondye a te di: jou a vini pou yo kwè nan mwen, pou yo konnen m se Kris la, lè sa a, jan m te fè alyans avèk papa yo a, y ap restore nan kò fizik la, sou tè yo te eritye a.

8 E Bondye di konsa, epi, se pral konsa, yo pral rasanble pou sòti tout kote yo te dispèse yo, nan zile ki sou lanmè yo ak kat kwen tè a; e nasyon Janti yo pral vin gran devan je m, pou pote yo ale nan tè eritaj yo a.

9 Wi, wa janti yo pral papa pou nouri yo, e rèn yo pral sèvi yo manman pou nouri yo; se poutèt sa a, pwomès Senyè a fè Janti yo gran anpil, paske, li te di sa, e kiyès ki kapab opoze?

10 Bondye te di gade, tè sa a pral tè eritaj nou, e Janti yo pral beni sou li.

11 Epi, tè sa a pral yon tè libète pou Janti yo, e p ap gen okenn wa sou tè sa a, nan pami Janti yo.

12 Epi, m ap fòtifye tè sa a kont tout lòt nasyon.

13 Epi, Bondye di: nenpòt moun ki goumen kont Siyon ap peri.

14 Paske yon moun ki leve yon wa kont mwen l ap peri, paske, mwen menm Senyè a, wa syèl la, se mwen menm k ap wa yo, e m ap tounen yon limyè pou tout tan pou moun ki koute pawòl mwen yo.

15 Se poutèt sa, pou alyans mwen te fè avèk lèzòm yo kapab akonpli, pandan yo nan kò fizik la, li nesesè pou m detwi zèv sekrè tenèb yo ak masak ak abominasyon yo.

16 Epi, Bondye nou an di: Se poutèt sa a, yon moun ki goumen kont Siyon, ni Juif ak Janti, ni esklav ak lib, ni gason ak fi pral peri, paske yo se postitye ki sou tout tè a; paske moun ki pa pou mwen, yo kont mwen.

17 Paske, m ap akonpli pwomès m te fè pitit lèzòm yo pandan yo nan kò fizik la—

18 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, Bondye di: m pral kite Janti yo aflije desandan nou yo; men m pral touche kè Janti yo, pou yo kapab vin tankou yon papa pou yo; se poutèt sa, Janti yo pral beni e y ap pati nan pami kay Izrayèl la.

19 Bondye di m, se poutèt sa, m pral konsakre tè sa a pou desandan nou yo, ak moun ki pral konte nan pami desandan nou yo, pou yo eritye l pou tout tan; paske se yon tè ki pi bon pase tout lòt tè, se poutèt sa, m ap fè tout moun ki rete sou tè sa a sèvi m.

20 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, etandone Bondye nou an, ki plen mizèrikòd la, te ban nou gwo konesans sa a, konsènan bagay sa yo; an nou sonje li, e an nou voye peche nou lòtbò; e pa pann tèt nou, paske Bondye pa chase nou. Malgre yo te pouse nou sòti nan tè nou te eritye a, nou jwenn yon pi bon tè, paske Senyè a te fè chemen sou lanmè a pou nou, e nou nan yon zile ki sou lanmè a.

21 Men, pwomès Senyè a fè moun ki rete nan zile yo ki sou lanmè a gran anpil; kòm li di zile yo, dwe gen lòt ankò, e frè nou yo rete sou yo tou.

22 Paske, tanzantan, lè Senyè Bondye vle, li mennen kay Izrayèl la yon lòt kote. Epi kounyeya gade, Senyè sonje tout moun ki te debranche, se poutèt sa, li sonje nou tou.

23 Se poutèt sa, fè kè nou kontan, e sonje nou lib pou nou aji pou tèt pa nou—pou nou chwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl.

24 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, rekonsilye nou avèk volonte Bondye, non pa avèk volonte dyab la, ak kò fizik la; e sonje lè nou fin rekonsilye nou avèk Bondye, se sèlman nan e pa mwayen lagras Bondye nou sove.

25 Se poutèt sa, se pou Bondye leve nou sòti anba lanmò avèk pouvwa rezirèksyon an, e anba lanmò etènèl la avèk pouvwa ekspyasyon an, pou yo kapab resevwa nou nan wayòm etènèl Bondye a, pou nou kapab louwe l nan lagras diven an. Amèn.