Ekriti yo
2 Nefi 12


Chapit 12

Ezayi wè tanp nan dènye jou a, pou rasanbleman Izrayèl la, jijman ak lapè milenyòm nan—Ògeye yo ak mechan yo pral bese ba nan Dezyèm Vini an—Konpare Ezayi 2. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Pawòl ke Ezayi, pitit gason Amòz la, te konsènan Jida ak Jerizalèm:

2 Epi, se pral konsa, nan dènye jou yo, lè mòn kay Senyè tabli sou tèt mòn yo, e lè l egzalte anlè kolin yo, tout nasyon pral vide kò yo sou li.

3 Epi anpil moun prale e y ap di, Vini, an nou monte sou mòn Senyè a, nan kay Bondye Jakòb la; e li pral ansenye nou konsènan fason pa li, e nou pral mache nan chemen li; paske lalwa a pral sòti nan Siyon, e pawòl Senyè a pral sòti nan Jerizalèm.

4 Li pral jije nan pami nasyon yo, e li pral reprimande anpil moun: yo pral fè epe yo tounen pikwa, ak pik yo tounen rach—nasyon p ap rale epe kont nasyon, ni tou yo p ap aprann fè lagè ankò.

5 O kay Jakòb la, vini, epi an nou mache nan limyè Senyè; wi, vini, paske nou tout pèdi chemen an, chak moun tonbe nan mechanste.

6 Se poutèt sa, O Senyè a, nou te abandone pèp nou an, kay Jakòb la, paske yo ranpli ak moun lès yo, e yo chita koute divinò tankou Filisten yo, e yo tonbe nan plèzi avèk pitit etranje yo.

7 Peyi yo a chaje avèk lajan, ak lò, trezò yo p ap janm fini; peyi yo chaje avèk cheval e y ap toujou gen charyo.

8 Peyi yo plen avèk zidòl; yo adore bagay yo fè avèk men pa yo, bagay yo fè avèk dwèt pa yo.

9 Moun mechan yo pa bese tèt yo, epi gwo moun yo pa gen imilite, se poutèt sa, pa padone yo.

10 O, moun mechan, antre nan twou wòch la, kache nan pousyè a, paske krent Senyè a ak lagwa majeste li pral frape ou.

11 Epi, se pral konsa, aparans awogan moun pral imilye, frekansite moun pral bese ba, e se sèlman Senyè a ki pral egzalte nan jou sa a.

12 Paske jou Senyè tout Lame yo pral rive talèkonsa sou tout nasyon, wi, sou chak moun; wi, sou ògeye yo ak frekan yo, e tout moun ki leve pral bese.

13 Wi, jou Senyè a pral vini sou tout pye bwa peyi gorango Liban yo, paske yo wo e yo leve anlè; ak sou tout pye bwapen Bazan yo;

14 Epi sou tout mòn wo yo, ak tout kolin yo, ak tout nasyon ki leve tèt yo, e sou tout pèp;

15 Epi, sou tout fòtrès ki wo ak tout miray solid;

16 Epi, sou tout bato nan lanmè a, ak tout bato Tasis yo, ak tout bèl foto yo.

17 Ògèy lèzòm pral bese, e frekansite lèzòm pral tonbe; e sèlman Senyè a pral egzalte nan jou sa a.

18 Epi, li pral aboli zidòl yo nèt.

19 Epi, yo prale nan twou wòch yo, ak nan kav anba tè a, paske krent Senyè a pral vini sou yo, e laglwa majeste l pral frape yo, lè l leve pou l souke tè a byen fò.

20 Jou sa a, yon nonm pral jete zidòl lajan, ak zidòl lò li te fè bay mangous yo ak chòvsouri yo pou l adore pou tèt pa l,

21 Pou l ale nan fant wòch yo, ak sou tèt wòch pwenti yo, paske krent Senyè a pral vini sou yo e majeste laglwa l pral frape yo, lè l leve pou l souke tè a byen fò.

22 Retire konfyans nou nan lòm, ki respire nan twou nen li; paske, ki moun k ap ba li enpòtans?