Ekriti yo
2 Nefi 13


Chapit 13

Jida ak Jerizalèm pral pini poutèt dezobeyisans yo—Senyè a ap plede pou pèp Li a, epi Li pral jije yo—Pitit fi Siyon yo modi epi yo toumante poutèt konpòtman monden yo—Konpare Ezayi 3. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Paske gade, Senyè a, Senyè tout Lame yo, retire rezèv ak resous Jerizalèm ak Jida, tout resous pen an ak tout rezèv dlo a—

2 Gwo moun nan, Chèf lagè a, Jij la, Pwofèt la, Moun pridan an, ak Pèsonaj la;

3 Kaptèn ki kòmande senkant sòlda a, Moun ki gen respè a, Konseye a, Gran dizè a, ak Oratè elokan an.

4 M pral ba yo timoun kòm prens, e bebe pral gouvène yo.

5 Epi, pèp la pral oprime, youn pral oprime lòt, e chak vwazen kont lòt; timoun pral fè lògèy devan granmoun, epi moun nan klas ba pral leve tèt devan moun onorab.

6 Yon nonm pral rale frè l lakay papa l, e li pral di: Ou gen rad sou ou, vin gouvène nou, epi pa kite wont sa a tonbe sou nou—

7 Jou sa a, li pral fè sèman, l ap di: M pa vle tounen yon gerisè; paske m pa gen ni pen ni rad lakay mwen; pa mande m pou m gouvène pèp la.

8 Paske Jerizalèm fini, e Jida tonbe, paske lang yo ak aksyon yo te kont Senyè a, pou pwovoke limyè kò l.

9 Aparans yo temwaye kont yo, e li fè konnen peche yo tankou peche Sodòm, e yo pa kapab kache l. Malè pou nanm yo, paske yo rekòlte malè pou tèt pa yo!

10 Di moun ki fè jistis yo, l ap bon pou yo, paske yo te pral manje sa yo plante.

11 Malè pou mechan yo, paske y ap peri; paske rekonpans men yo pral tonbe sou yo!

12 Epi, pèp mwen an, timoun ap oprime yo, e fi ap gouvène yo. O, pèp mwen an, moun k ap dirije ou yo fè w pèdi, epi yo detwi pasaj chemen ou yo.

13 Senyè a kanpe pou l plede, e li kanpe pou l jije pèp la.

14 Senyè a pral antre nan jijman avèk pèsonaj yo ki nan pami pèp li a ak prens yo; paske nou te manje jaden ak tout rès manje pòv yo lakay nou.

15 Senyè Bondye tout Lame yo di, ki sa nou panse? Nou rachonnen pèp mwen pak-anpak, e nou grafonyen figi pòv yo.

16 An plis, Senyè a di: Paske pitit fi Siyon yo gen lògèy, epi yo mache avèk kou yo rèd ak je klere, yo souke kò yo e soulye yo fè kalap-kalap lè y ap mache—

17 Se poutèt sa, Senyè a pral chaje tèt pitit fi Siyon yo avèk kap, e Senyè a pral dekouvri pati sekrè yo.

18 Jou sa, Senyè a pral efase ekla bann bijou k ap klake yo, ak kapichon yo, ak bijou won ki gen fòm lalin yo;

19 Chenn yo ak goumèt yo ak foula yo;

20 Bonèt yo, ak braslè pye yo, ak bando tèt yo, ak pafen yo, ak zanno yo;

21 Bag yo, ak bijou nan nen yo;

22 Tout divèsite rad yo, ak manto yo, ak mouchwa tèt yo ak bous yo;

23 Miwa yo, ak twal fen yo, ak bèl cheve, ak vwal.

24 Epi, se pral konsa, jou sa a pa t, angiz bon sant pafen, yo pral santi swè; angiz sentiwon, rad yo pral dechire; angiz bèl kwafi, tèt yo pral kale; angiz talatàn, yo pral mete wòb sak; e angiz bèlte, po yo pral boule.

25 Kout epe pral jete gason ou yo, epi moun pwisan ou yo pral mouri nan lagè.

26 Pral gen lamantasyon ak kriye devan pòt li yo; epi li pral chita atè a san konsolasyon.

      • NLE li vle di yon doktè fey; sa vle di mwen pa ka rezoud pwoblèm ou yo.

      • NLE li vle di legislatè yo, oubyen dirijan yo.

      • NLE li vle di konsonmen, oubyen boule.

      • Eza. 5:7.

      • SVD detounen byen.

      • 2 Ne. 28:12–13.

      • SVD mache ti pa epi byen vit yon fason ki ka atire atansyon lòt moun.

      • NLE li vle di demaske ki siyifi “fè yo wont.”

      • Se petèt filè pou cheve. Otorite yo pa toujou dakò sou nati òneman fi yo ke yo mete sou lis nan vèsè 18–23.

      • SVD òneman yo sanble ak kwasans lalin nan.

      • NLE li vle di vwal yo.

      • NLE li vle di rad ki briye yo.

      • OUBYEN rad klè yo.

      • NLE li vle di ranyon.

      • OUBYEN yon ròb.

      • OUBYEN tanpe ak yon mak esklavaj.