Ekriti yo
2 Nefi 21


Chapit 21

Branch Izayi a (Kris) pral jije avèk lajistis—Konesans Bondye pral kouvri tè a nan Milenyòm nan—pral leve yon drapo pou l rasanble Izrayèl—Konpare Ezayi 11. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi yon flèch pral sòti nan Izayi, e yon branch pral sòti nan rasin li yo.

2 Epi Lespri Senyè a pral repoze sou li, lespri lasajès ak entèlijans, lespri konsèy ak fòs, lespri bon konprann ak lakrent pou Senyè a;

3 Epi li pral fè l konprann vit nan lakrent pou Senyè a; e li p ap pote jijman sou aparans, ni tou li p ap reprimande daprè sa zòrèy li tande.

4 Men li pral sèvi ak lajistis pou l jije pòv yo, e li pral fè reprimand egalego pou moun dosil ki sou tè a; li pral frape tè a avèk baton bouch li, e li pral touye mechan yo avèk van bouch li.

5 Epi lajistis pral sèvi l sentiwon nan ren l, e fidelite pral sèvi kòd sentiwon nan ren li.

6 Lou pral rete avèk ti mouton, leyopa pral kouche bò kote ti kabrit, e ti bèf, ti lyon ak gwo bèf gra pral ansanm; e yon timoun piti pral mennen yo.

7 Epi femèl bèf pral manje ak lous; e pitit yo pral kouche ansanm; e lyon pral manje zèb tankou towo bèf.

8 Epi timoun nan tete pral jwe nan twou koulèv pwazonnen, e timoun ki sòti nan tete pral foure men l nan twou koulèv bazilik.

9 P ap gen ni blesi ni destriksyon sou tout mòn sen mwen an, paske tè a pral ranpli avèk bonkonprann Senyè a, menm jan dlo kouvri lanmè a.

10 Epi, jou sa a, gen yon rasin Izayi ki pral kanpe tankou banyè pou pèp yo; Janti yo pral chèche l; e repo li pral gloriye.

11 Epi, se pral konsa, jou sa a, Senyè a pral lonje men l yon dezyèm fwa pou l retounen rès pèp li a ki pral rete nan peyi Asiri, nan peyi Ejip, nan peyi Patwòs, nan peyi Etyopi, nan peyi Elam, nan peyi Chinea, nan peyi Amat, ak zile ki nan lanmè yo.

12 Epi li pral plante drapo yon pou nasyon yo, e li pral rasanble egzile pèp Izrayèl yo, e li pral rasanble moun Jida yo ki te dispèse a ansanm, sòti nan kat kwen tè a.

13 Jalouzi Efrayim nan pral sispann, epi advèsè Jida yo pral disparèt; Efrayim p ap jalou kont Jida, epi Jida p ap atake Efrayim.

14 Men yo pral vole sou zèpòl Filisten yo nan direksyon lwès; yo pral piye moun oryan yo ansanm; yo pral mete men yo sou Edòm ak Moab; e pitit Amon yo pral obeyi yo.

15 Epi Senyè a pral detwi branch lanmè Ejipsyen yo nèt; e avèk gwo van li a, li pral souke men l sou rivyè a, e li pral frape l nan sèt kouran li yo pou l fè wout nan mitan l pou lèzòm.

16 Epi, pral gen yon gran chemen pou rès pèp li a ki pral rete nan Asiri, menm jan sa te ye pou Izrayèl nan jou li te monte sòti nan peyi Ejip la.