Ekriti yo
2 Nefi 29


Chapit 29

Anpil Janti pral rejte Liv Mòmon an—Yo pral di, Nou pa vle okenn lòt Bib—Senyè pale ak anpil nasyon—Li pral jije mond lan daprè liv ki pral ekri yo. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Men gade, nan jou sa a, pral gen anpil moun—lè m kòmanse akonpli yon gwo travay nan pami yo, pou m kapab sonje alyans m te fè avèk pitit lèzòm yo, pou m kapab lonje men m yon dezyèm fwa pou retabli pèp mwen an, ki fè pati kay Izrayèl la;

2 Epi tou, pou m kapab sonje pwomès m te fè nou yo, Nefi, ak papa nou tou, pou m sonje desandan nou yo; e pou pawòl desandan nou yo ta sòti nan bouch mwen pou yo al jwenn desandan nou yo; e pawòl mwen yo pral jouk nan ekstremite tè a, tankou yon drapo pou pèp mwen an, ki fè pati kay Izrayèl la;

3 Epi poutèt pawòl mwen yo gaye—anpil Janti pral di: Yon Bib! Yon Bib! Nou deja gen yon Bib, e pa kapab gen lòt Bib.

4 Men, Senyè Bondye a di konsa: O moun sòt, yo pral gen yon Bib; epi li pral sòti nan men Juif yo, ansyen pèp alyans mwen an. Epi èske yo remèsye Juif yo pou Bib la yo te resevwa nan men yo a? Wi, kisa Janti yo vle di? Èske yo sonje mizè, ak travay, ak lapenn Juif yo, ak dilijans yo pou mwen, pou yo te kapab mennen sali pou Janti yo?

5 O, nou menm Janti yo, èske nou te sonje Juif yo, ansyen pèp alyans mwen an? Non; okontrè nou te modi yo, nou te rayi yo, epi nou pa chèche retabli yo. Men gade, m pral retounen tout bagay sa yo sou tèt pa nou; paske mwen menm Senyè a, m pa bliye pèp mwen an.

6 Nou menm moun sòt, ki pral di: Yon Bib, nou deja gen yon Bib, e nou pa bezwen okenn lòt Bib. Kòman nou te fè gen yon Bib si se pa t pou Juif yo?

7 Èske nou pa konnen gen plis pase yon nasyon? Èske nou pa konnen, mwen menm Senyè Bondye a nou an, m te kreye tout moun, e m sonje moun yo ki nan zile sou lanmè yo; e m gouvène anlè nan syèl la ak anba sou tè a; epi m voye pawòl mwen bay pitit lèzòm, wi, menm bay tout nasyon sou tè a?

8 Poukisa n ap plenyen, poutèt n ap resevwa plis nan pawòl mwen? Èske nou pa konnen temwayaj de nasyon sèvi temwen pou nou konnen m se Bondye, e m sonje yon nasyon menm jan m sonje lòt? Se poutèt sa, m pale menm pawòl yo avèk yon nasyon menm jan avèk yon lòt. Epi lè de nasyon yo rankontre ansanm, temwayaj de nasyon yo ap rankontre ansanm tou.

9 Epi m fè sa pou m kapab pwouve anpil moun, m se menm ayè, jodi a, e pou tout tan; e m pale pawòl mwen jan m vle. Epi paske m te pale yon pawòl, nou pa bezwen konprann m pa kapab pale yon lòt; paske travay mwen poko fini; ni tou li p ap fini jouk nan finisman lèzòm, ni lè sa a, e pou tout tan.

10 Se poutèt sa, paske nou gen yon Bib, nou pa bezwen konprann li gen tout pawòl mwen yo; ni tou nou pa bezwen konprann m pa fè ekri plis.

11 Paske m kòmande tout moun, ni nan lès ak nan lwès, ni nan nò ak nan sid, e nan zile yo ki sou lanmè, pou yo ekri pawòl m pale ba yo; paske se nan liv ki pral ekri yo m pral jije mond lan, chak moun daprè zèv li, daprè sa ki ekri.

12 Paske, gade m pral pale avèk Juif yo, yo pral ekri l, e m pral pale avèk Nefit yo tou, e yo pral ekri l; e tou, m pral pale avèk lòt tribi kay Izrayèl yo, m te dispèse a, e yo pral ekri l; epi tou, m pral pale avèk tout nasyon sou tè a, epi yo pral ekri l.

13 Epi, se pral konsa, Juif yo pral gen pawòl Nefit yo, e Nefit yo pral gen pawòl Juif yo; e Nefit yo ak Juif yo pral gen pawòl tribi Izrayèl yo ki te pèdi a; e tribi Izrayèl yo ki te pèdi a pral gen pawòl Nefit yo ak pawòl Juif yo.

14 Epi, se pral konsa, pèp mwen an ki nan pami kay Izrayèl la pral rasanble lakay yo nan peyi eritaj yo a; epi tou pawòl mwen pral rasanble fè yon sèl. Epi m pral montre moun k ap goumen kont pawòl mwen, ak kont pèp mwen an, ki fè pati kay Izrayèl la, m se Bondye, e m te fè alyans avèk Abraram, e m ap sonje desandan li yo pou tout tan.