Ekriti yo
3 Nefi 10


Chapit 10

Gen silans nan peyi a pandan yon pakèt tan—Vwa Kris la pwomèt pou L rasanble pèp Li a menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo—pati ki pi jis nan pèp la te prezève. Anviwon 34–35 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, reyèlman, se te konsa, tout moun nan peyi a te tande pawòl sa yo, e yo te temwen. Epi apre pawòl sa yo, te gen silans nan peyi a pandan anpil tan;

2 Paske tèlman pèp la te etone anpil, yo te sispann plenyen ak bougonnen poutèt fanmi yo ki te mouri; se poutèt sa, te gen silans nan tout peyi a pandan anpil tan.

3 Epi, se te konsa, te gen yon vwa ki te vin jwenn pèp la ankò; tout pèp la te tande l e yo te temwen; vwa a te di:

4 O, nou menm pèp gwo vil sa yo ki te tonbe a, ki se desandan Jakòb la, wi, ki se kay Izrayèl la, konbyen fwa m te rasanble nou menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, e m te nouri nou.

5 Epi ankò, konbyen fwa pou m ta rasanble nou menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li; wi, O, nou menm pèp kay Izrayèl la ki te tonbe a; wi, O nou menm pèp kay Izrayèl la, nou menm ki rete nan Jerizalèm tankou moun sa yo ki te tonbe a; wi, konbyen fwa m te rasanble w menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo, epi nou pa t vle.

6 O, kay Izrayèl la, nou menm mwen te epaye a, konbyen fwa m ap rasanble nou, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, si nou repanti, e si nou retounen vin jwenn mwen avèk tout nou.

7 Men, si se pa sa, O, kay Izrayèl la, kote nou rete a ap vin vid jistan alyans zansèt nou yo akonpli.

8 Epi kounyeya, se te konsa, lè pèp la te fin tande pawòl sa yo, yo te kòmanse kriye ak bougonnen ankò poutèt fanmi yo ak zanmi yo ki te pèdi.

9 Epi, se konsa twa jou yo te pase. Epi se te nan maten, e tenèb la te disparèt tikras pa tikras sòti sou sifas tè a, tè a te sispann tranble, wòch yo te sispann fann, move loray yo te sispann gwonde, epi tout gwo bri yo te pase.

10 Epi, tè a te ranmase kò l ankò, li te rete fèm; plenyen, ak kriye, ak griyen dan pèp la ki te pwoteje a te sispann; plenyen yo te vin tounen lajwa, e lamantasyon yo te vin tounen louwanj ak remèsiman pou Senyè a, Jezikri, Redanmtè yo a.

11 Epi konsa, ekriti pwofèt yo te pale yo te akonpli.

12 Epi, se te pati ki te pi jis nan pèp la ki te sove, se te moun ki te resevwa pwofèt yo e ki pa t lapide yo avèk kout wòch yo; e se te moun ki pa t fè san sen yo koule yo ki te epaye—

13 Epi, yo te epaye; yo pa t desann antere anba tè a; yo pa t nwaye anba fon lanmè; dife pa t boule yo, ni tou, anyen pa t tonbe kraze yo pou yo te mouri; toubiyon pa t pote yo ale, ni tou, vapè lafimen ak fènwa pa t kouvri yo.

14 Epi kounyeya, nenpòt moun ki li, se pou l konprann; moun ki gen ekriti yo, se pou l fouye yo pou l wè, pou l kontanple si tout lanmò ak destriksyon sa yo anba dife, lafimen, tanpèt, toubiyon, ak tè a ki louvri pou resevwa yo, ak tout bagay sa yo pa t fèt pou akonpli pwofesi anpil nan pwofèt ki te sen yo.

15 Gade, m ap di nou, wi anpil moun te temwaye konsènan bagay sa yo lè Kris la ap vini; yo te mouri poutèt yo te temwaye konsènan bagay sa yo.

16 Wi, pwofèt Zenòs te temwaye konsènan bagay sa yo, epi tou, Zenòk te pale konsènan bagay sa yo; paske, yo te temwaye espesyalman konsènan nou menm ki se yon rès nan desandan yo.

17 Gade, papa nou, Jakòb te temwaye tou konsènan yon rès desandan Jozèf. Epi èske nou pa yon rès desandan Jozèf? Epi, bagay sa yo ki te temwaye konsènan nou menm nan, èske yo pa t ekri sou plakderen papa nou an, Leyi te pote soti nan Jerizalèm nan?

18 Epi, se te konsa, nan finisman trant-katriyèm ane a, m ap montre nou pèp Nefi a ki te epaye ak moun ki te rele Lamanit yo tou, ki te epaye, m ap montre nou kòman yo te gen gwo favè ak gwo benediksyon sou tèt yo, konsa sa, apre Kris la te fin monte nan syèl la, li te fè yo wè l reyèlman—

19 Li te montre yo kò l, li te preche yo; m ap rakonte istwa travay li apre sa. Men, kounyeya, m sispann pale.