Ekriti yo
3 Nefi 25


Chapit 25

Nan Dezyèm vini an, moun ki gen lògèy yo ak mechan yo pral boule tankou pay—Eli pral retounen anvan gran jou terib sa a—Konpare Malachi 4. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Paske gade, Senyè tout Lame yo di konsa, gen yon jou ki pral vini k ap cho tankou you founo; e tout moun ki gen lògey yo, wi, ak tout moun ki fè mechanste, yo pral boule, e jou k ap vini an pral boule yo tèlman, li p ap kite yo avèk ni rasin, ni branch.

2 Men, pou nou menm ki respekte non m, Pitit Gason lajistis la pral leve avèk gerizon nan zèl li; nou pral sòti, e n ap gwonde tankou jèn bèf nan patiraj.

3 Epi, Senyè tout Lame yo di konsa, e nou pral pilonnen mechan yo; paske, yo pral tounen sann anba pla pye nou jou m fè bagay sa a.

4 Sonje lalwa Moyiz la, sèvitè m nan, lalwa m te ba li nan Òrèb la pou tout Izrayèl la, avèk prensip ak jijman yo.

5 Gade, m ap voye Eli, pwofèt la pou nou anvan gran jou terib Senyè a vini.

6 Li pral vire kè Papa yo jwenn pitit yo, e kè pitit yo jwenn papa yo, san sa m ap vin modi tè a anba yon malediksyon.