Ekriti yo
Alma 39


Kòmandman Alma te bay Koryanton, pitit gason li a.

Depi nan chapit 39 jouk nan finisman chapit 42.

Chapit 39

Peche seksyèl se yon abominasyon—Peche Koryanton yo anpeche Zoramit yo resevwa pawòl la—Redanmsyon Jezikri a pral sove kwayan yo ki te viv redanmsyon an. Anviwon 74 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, pitit gason m nan, m gen plis bagay pou m di w pase sa m te di frè w la; paske, reyèlman, èske w pa t wè dwati frè w la, konfyans li, ak dilijans li nan respekte kòmandman Bondye yo? Reyèlman èske li pa t sèvi bon egzanp pou ou?

2 Paske, ou pa t bay pawòl mwen yo anpil atansyon jan frè w la te fè nan pami pèp Zoramit la. Kounyeya, se bagay sa a m gen kont ou; ou t ap mache fè chèlbè pou fòs ou ak lasajès ou.

3 Men, se pa tout la sa, pitit gason m nan. Ou te fè bagay ki grav devan m; paske, ou te abandone ministè a, epi w t ale nan peyi Siwon an, sou fwontyè Lamanit yo, dèyè postitye ki rele Izabèl la.

4 Wi, li te vòlè kè anpil moun; men, ou pa gen okenn rezon, pitit gason m nan. Ou te dwe rete nan ministè w te gen pou w okipe a.

5 Èske w pa konnen, pitit gason m nan, bagay sa yo se abominasyon devan je Senyè a; wi, se peche ki pi abominab pase tout lòt peche, eksepte koule san inosan, oubyen nye Sentespri a.

6 Paske reyèlman, si w nye Sentespri a, apre li te fin gen plas nan ou, epi w konnen ou nye l, se yon peche enpadonab; wi, epi nenpòt moun ki fè asasina, ki gen limyè ak konesans Bondye, li pa fasil pou l jwenn padon; wi, m di konsa, pitit gason m nan, li pa fasil pou l jwenn padon.

7 Epi kounyeya, pitit gason m nan, m mande Bondye pou pa t gen nan gwo krim sa a. M pa ta pèsiste sou krim ou yo pou m pa toumante nanm ou, si se pa t pou byen ou.

8 Men reyèlman, ou pa kapab kache krim ou yo devan Bondye; epi si pa repanti y ap sèvi kòm temwayaj kont ou nan dènye jou a.

9 Kounyeya, pitit gason m nan, m ta vle pou repanti, pou kite peche yo, epi pou w sispann pousuiv anvi, men, pou w bride pasyon w nan tout bagay sa yo; paske si w pa fè sa, pa gen okenn mwayen pou w eritye wayòm Bondye a. O, sonje, pran responsablite, epi retire kò w nan bagay sa yo.

10 Epi m kòmande w pou w pran responsablite pou w pran konsèy nan men gran frè w yo nan sa w ap fè, paske w jèn epi w an bezwen pou frè w yo nouri w. Epi koute konsèy yo.

11 Pa kite okenn bagay san valè oubyen bagay fou pote w ale; pa kite dyab la pote kè w ale ankò dèyè postitye mechan sa yo. O, pitit gason m nan, gade ki gwo inikite te mete sou Zoramit yo; paske, lè yo te wè konduit ou, yo pa t vle kwè nan pawòl mwen yo.

12 Epi kounyeya, Lespri Senyè a di m konsa: Kòmande pitit ou yo pou yo fè byen, pou yo pa mennen kè anpil moun nan destriksyon; se poutèt sa, m kòmande w, pitit gason m nan, avèk lakrent devan Bondye, pou w sispann inikite yo;

13 Pou w vin jwenn Senyè a avèk tout panse, pouvwa w, epi fòs ou; pou w pa mennen kè okenn lòt moun fè mechanste; men, okontrè, retounen al jwenn yo, epi rekonèt fot ou ak mal ou te fè.

14 Pa chèche richès ni bagay san valè mond sa a; paske reyèlman, ou pa kapab pote yo avèk ou.

15 Kounyeya, pitit gason m nan, m vle di w kèk bagay sou vini Kris la. Reyèlman, m di w konsa, se li menm k ap vin efase peche mond lan; wi, li vini pou deklare pèp li a bon nouvèl sali.

16 Kounyeya, pitit gason m nan, se apèl sa a w te resevwa, pou w deklare pèp sa a bon nouvèl, pou w prepare lespri yo; oubyen pou yo kapab gen sali, pou yo kapab prepare panse pitit yo pou tande pawòl la lè l ap vini an.

17 Kounyeya, m ap soulaje panse w konsènan bagay sa a, reyèlman, w etone poutèt nou dwe konnen bagay sa a davans. Reyèlman, m ap mande w, èske yon nanm kounyeya pa enpòtan pou Bondye menm jan yon nanm ap ye lè l ap vini an?

18 Èske li pa nesesè pou pèp sa a konnen plan redanmsyon an menm jan avèk pitit yo?

19 Èske li pa fasil kounyeya pou Senyè a voye zanj li deklare bòn nouvèl sa yo ban nou menm jan avèk pitit nou yo oubyen menm jan avèk apre lè li fin vini an?