Ekriti yo
Alma 9


Pawòl Alma ak pawòl Amilèk te pale pèp ki te nan Amoniya a. Epi, yo te mete yo nan prizon tou, epi pouvwa mirak Bondye a te delivre yo daprè istwa Alma.

Depi nan chapit 9 jouk nan finisman chapit 14.

Chapit 9

Alma kòmande pèp Amoniya a pou yo repanti—Senyè a pral gen mizèrikòd pou Lamanit yo nan dènye jou yo—Si Nefit yo repouse limyè a, Lamanit yo ap detwi yo—Pitit Gason Bondye a pral vini talèkonsa—Li pral rachte moun ki repanti, ki batize, e ki gen lafwa nan non Li. Anviwon 82 anvan Jezikri.

1 Epi ankò, mwen menm Alma, Bondye te ban m kòmandman pou m pran Amilèk, epi pou m al preche pèp sa a ankò, oubyen pèp ki nan vil Amoniya a; e, se te konsa, lè m te kòmanse preche yo, yo te kòmanse fache kont mwen, yo di:

2 Kiyès ou ye? Ou konprann n ap kwè temwayaj yon sèl moun, menm si li ta preche nou tè a gen pou l pase?

3 Yo pa t konprann sa yo t ap di, paske yo pa t konnen tè a gen pou l pase.

4 Epi, yo te di tou: Nou p ap kwè pawòl ou, si w ta pwofetize gwo vil sa a gen pou l detwi nan yon sèl jou.

5 Yo pa t konnen si Bondye te kapab fè gwo bagay konsa, paske yo te gen kè yo di, e se te yon pèp ki gen kou rèd.

6 Epi, yo te di: Kiyès Bondye ye pou l pa voye okenn lòt otorite, eksepte yon sèl moun nan pami pèp sa a, pou deklare yo verite konsènan yon bagay ki tèlman gran, ki se yon mèvèy?

7 Epi, yo te kanpe pou yo mete men sou mwen; men, yo pa t fè sa. Epi, m te kanpe kareman pou m deklare yo, wi, m te temwaye kareman devan yo, m di:

8 Gade O, nou menm, jenerasyon mechan, kòwonpi, kòman nou fè bliye tradisyon zansèt nou yo; wi, kòman nou fè bliye kòmandman Bondye yo si vit!

9 Èske nou pa sonje se men Bondye ki te wete Leyi, papa nou, nan Jerizalèm? Èske nou pa sonje li te dirije yo tout nan dezè a?

10 Epi èske nou gentan bliye konbyen fwa li te delivre zansèt nou yo anba men ènmi yo, e li te prezève yo pou yo pa t detwi, menm anba men frè pa yo?

11 Wi, si se pa t pou pouvwa enkonparab li, ak mizèrikòd li, ak andirans li pou byen nou, nou t ap efase sou sifas tè a kanmèm, depi lontan, e nou t ap rezève pou yon eta mizerab ak yon malè ki p ap janm fini.

12 Gade, m ap di nou, li kòmande pou nou repanti, e si nou pa repanti, pa gen okenn fason nou kapab eritye wayòm Bondye a. Men, sa se pa tout—li te kòmande pou nou repanti, oubyen, l ap detwi nou nèt sou sifas tè a; wi, l ap vizite nou nan kòlè li, e nan gwo kòlè li a, li p ap detounen.

13 Gade èske nou pa sonje pawòl li te pale avèk Leyi, lè l te di: depi nou respekte kòmandman m yo, n ap pwospere nan peyi a? Epi tou, li te di: toutotan nou pa respekte kòmandman m yo, n ap derasinen sòti nan prezans Senyè a.

14 Kounyeya, m vle pou nou sonje, depi Lamanit yo pa t respekte kòmandman Bondye yo, yo te rejte nan prezans Senyè a. Konsa nou wè pawòl Senyè a te akonpli nan bagay sa a, e Lamanit yo sòti nan prezans li depi lè yo te kòmanse transgresyon yo nan peyi a.

15 Men, m di nou, l ap pi tolerab pou yo nan jou jijman an pase nou, si nou rete nan peche nou yo. Wi, l ap menm pi tolerab pou yo nan lavi sa a pase nou, si nou pa repanti.

16 Paske gen anpil pwomès ki te fèt pou Lamanit yo; paske se tradisyon zansèt yo ki fè yo rete nan eta iyorans yo ye a; se poutèt sa, Senyè a pral gen mizèrikòd pou yo, epi li pral pwolonje egzistans yo nan peyi a.

17 Epi, nan yon moman espesyal, y ap vin kwè nan pawòl li, e y ap vin konnen tradisyon zansèt yo pa t kòrèk, e anpil ladan yo pral sove, paske Senyè a pral gen mizèrikòd pou tout moun ki rele l nan non l.

18 Men gade, m ap di nou, si nou pèsiste nan mechanste nou, nou p ap viv lontan nan peyi a, paske Lamanit yo ap tonbe sou nou; si nou pa repanti y ap vini yon lè nou pa p konnen, e yon destriksyon total ap vizite nou, e sa ap fèt daprè gwo kòlè Senyè a.

19 Paske, li p ap kite nou viv nan inikite nou yo, pou nou pa detwi pèp li a. M ap di nou, non; li ta pito kite Lamanit yo detwi tout pèp li a ki rele pèp Nefi a, si yo ta tonbe nan peche ak transgresyon, apre yo te fin gen tout limyè ak tout konesans Senyè Bondye a te ba yo a;

20 Wi, apre Senyè a te fin fè pèp la tout favè sa yo; wi, apre yo te fin gen plis favè pase tout lòt nasyon, fanmi, lang ak pèp; apre yo te fin konnen tout bagay daprè jan yo te vle ak lafwa, ak priyè yo, pou yo konnen bagay ki te pase, ki egziste epi ki gen pou pase.

21 Lespri Bondye te vizite yo; yo te pale avèk zanj, e vwa Senyè a te pale avèk yo; yo te gen lespri pwofesi ak lespri revelasyon, ak anpil don tou, don pou yo pale lang, don pou yo preche, don Sentespri a ak don tradiksyon;

22 Wi, apre Bondye te fin delivre yo nan peyi Jerizalèm avèk men Senyè a; yo te sove anba famin ak tout kalite maladi; yo te vin gen fòs pou moun pa detwi yo nan batay; yo te sòti nan esklavaj pandan anpil fwa, yo te pwoteje e yo te prezève jouk kounyeya, epi yo te pwospere jistan yo te vin rich avèk tout kalite bagay—

23 Epi kounyeya gade, m di nou, si pèp sa a, ki te resevwa tout benediksyon sa yo nan men Senyè a, ta transgrese kont limyè ak konesans yo genyen an, m di nou, si sa ta fèt, si yo ta tonbe nan transgresyon, sa t ap pi tolerab anpil pou Lamanit yo pase pou yo.

24 Paske gade, pwomès Senyè a fè yo, se pou Lamanit yo, men yo pa pou nou si nou transgrese; paske èske Senyè a pa fè pwomès byen klè, e èske li pa fè deklarasyon fèm, si nou fè rebèl kont li, n ap detwi nèt sou sifas tè a?

25 Epi kounyeya pou rezon sa a, pou nou kapab pa detwi, Senyè a voye zanj li vizite anpil moun nan pami pèp li a pou deklare yo pou y al kriye nan pami pèp la byen fò, pou yo di: repanti, paske, wayòm syèl la ap pwoche;

26 Epi, nan kèk jou sèlman, Pitit Gason Bondye a pral vini nan laglwa li; e li pral gen laglwa Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras ak bon jijman, ak laverite, ak pasyans, ak mizèrikòd, ak rezistans, li prese pou l tande priyè pèp li a epi pou l reponn yo.

27 Epi, li pral vin rachte moun ki batize pou repantans ak lafwa nan non li.

28 Se poutèt sa, prepare chemen Senyè a, paske, lè a ap rive pou tout moun jwen rekonpans pou zèv yo, daprè jan yo te ye—si yo te jis y ap jwen sali pou nanm yo, daprè pouvwa ak delivrans Jezikri; e si yo te move, y ap jwen danasyon pou nanm yo, daprè pouvwa ak kaptivite dyab la.

29 Kounyeya gade, se vwa zanj la k ap pale avèk pèp la.

30 Epi Kounyeya, frè byenneme m yo, paske se frè m nou ye, e se byenneme nou ye, e nou fèt pou nou mache nan repantans, kòm kè nou te di anpil kont pawòl Bondye a, nou se yon pèp ki pèdi, ki chite.

31 Kounyeya, se te konsa, lè mwen menm Alma, m te fin pale pawòl sa yo, pèp la te fache kont mwen paske m te di yo, yo se yon pèp ki gen kè di, ki gen kou rèd.

32 Epi, paske m te di yo tou, yo se yon pèp ki pèdi, ki chite, yo te fache kont mwen, e yo te chèche mete men sou mwen pou yo te kapab mete m nan prizon.

33 Men, se te konsa, Senyè a pa t kite yo pran m lè sa a, pou yo jete m nan prizon.

34 Epi, se te konsa, Amilèk t al kanpe, e li te kòmanse preche yo tou. Tout pawòl Amilèk yo pa t ekri, men, kèk nan pawòl li yo ekri nan liv sa a.