Ekriti yo
Enòs 1


Liv Enòs la

Chapit 1

Enòs priye avèk fòs e li jwenn padon pou peche l yo—Vwa Senyè a vini nan panse l pou l pwomèt sali pou Lamanit yo nan yon jou k ap vini—Nefit yo vle epaye Lamanit yo—Enòs rejwi nan Redanmtè li a. Anviwon 420 anvan Jezikri.

1 Gade, mwen menm Enòs, m konnen papa m te yon nonm ki jis—paske li te preche m nan lang li, e nan nouriti ak avètisman Senyè a—e se pou non Bondye m nan beni poutèt sa—

2 Epi m pral pale nou konsènan efò m devan Bondye, anvan m te jwenn padon pou peche m yo.

3 Gade, m t ale lachas dèyè bèt nan forè a; e pawòl yo m te konn tande papa m pale avèk mwen konsènan lavi etènèl la, ak lajwa sen yo, yo te plonje fon nan kè m.

4 Epi nanm mwen te grangou; e m te ajenou devan Kreyatè m nan, e m te kriye nan pye l nan gwo priyè ak siplikasyon pou nanm mwen; e m te kriye nan pye l tout lajounen; wi, lè l te nan nuit m te toujou leve vwa m wo jistan l te touche syèl la.

5 Epi yon vwa te pale avèk mwen, li di: Enòs, peche w yo padone, e w pral beni.

6 Epi mwen menm Enòs, m te konnen Bondye pat kapab bay manti; se poutèt sa, kilpabilite m nan te efase.

7 Epi m te di: Senyè a, kòman sa fè fèt?

8 Epi li te di m: Se gras ak lafwa w nan Kris la, ke w pa t janm tande ni wè anvan sa. Epi anpil ane pase anvan li prezante tèt li nan kò fizik la; se poutèt sa, ou mèt ale, lafwa w te geri w.

9 Paske, se te konsa, kounyeya, lè m te tande pawòl sa yo, m te kòmanse vle byennèt frè m yo, Nefit yo; se poutèt sa, m te degaje tout nanm mwen devan Bondye pou yo.

10 Epi pandan m t ap lite nan lespri a konsa, gade, vwa Senyè a te vini nan panse m ankò, li di: M ap vizite frè w yo daprè dilijans yo nan respekte kòmandman m yo. M ba yo tè sa a, e se yon tè sen; e m p ap modi l, eksepte poutèt inikite; se poutèt sa, m ap vizite frè w yo jan m di a; epi m ap lage transgresyon yo avèk tristès sou tèt yo.

11 Epi, apre mwen menm Enòs, m te fin tande pawòl sa yo, lafwa m te kòmanse vin djanm nan Senyè a; epi m te priye l avèk anpil fòs pou frè m yo, Lamanit yo.

12 E, se te konsa, apre m te fin priye e apre m te fin travay avèk tout dilijans, Senyè a te di m: M pral akòde w sa w vle a, poutèt lafwa w.

13 Epi kounyeya, gade, men sa m te vle nan men l—pou si pèp mwen an, Nefit yo, ta tonbe nan transgresyon, epi si nenpòt fason yo ta detwi, epi Lamanit yo pa t detwi, pou Senyè Bondye a ta prezève rejis pèp mwen an, Nefit yo; menm si se ta avèk pouvwa ponyèt sen li, pou l ta fè Lamanit yo jwenn rejis yo nan lavni, pou, petèt yo ta kapab sove—

14 Paske, pou kounyeya, efò nou te fè pou nou ta restore yo nan vrè lafwa a te anven. Epi yo te sèmante nan kòlè yo, pou yo detwi nou ak rejis nou yo, ak tout tradisyon zansèt nou yo tou, si sa ta posib.

15 Se poutèt sa, paske m te konnen Senyè Bondye a te kapab prezève rejis nou yo, m te kriye nan pye l tout tan, paske li te di m: Nenpòt bagay ou mande ak lafwa, si w kwè w ap resevwa nan non Kris la, w ap resevwa l.

16 M te gen lafwa, epi m te kriye nan pye Bondye pou l kapab prezève rejis yo; e li te fè alyans avèk mwen pou l voye yo bay Lamanit yo, lè tan an rive.

17 Epi mwen menm Enòs, m te konnen sa t ap fèt daprè alyans li te fè a; se poutèt sa, nanm mwen te trankil.

18 Epi Senyè a te di m: Zansèt ou yo te mande m bagay sa a tou; e sa pral fèt pou yo daprè lafwa yo; paske lafwa yo tankou pa w.

19 Epi, se te konsa, kounyeya, mwen menm Enòs, m t ale nan pami pèp Nefi a, m te pwofetize bagay ki gen pou rive yo, epi m te temwaye bagay m te tande ak wè.

20 Epi m rann temwayaj pèp Nefi a te chèche avèk dilijans pou retabli Lamanit yo nan vrè lafwa Bondye a. Men travay nou te san rezilta; rayiman yo te genyen an te solid, e akoz move santiman natirèl ki te pouse yo, yo te vin yon pèp sovaj, fewòs, epi yon pèp sanginè, ranpli avèk idolatri, ak salte; ki manje bèt ki kanivò; ki rete anba tant, e ki egare nan dezè a avèk yon bout po bèt mare nan ren yo, e ak tèt yo kale; e konesans yo te nan flèch, ak epe, ak rach. Epi anpil moun ladan yo te konn manje vyann kri sèlman; e yo te chèche pou yo detwi nou nètalkole.

21 Epi, se te konsa, pèp Nefi a te kiltive tè a, e yo te plante tout kalite grenn, ak fwi, ak gwoup bèt, ak tout kalite gwoup bèt, ak tout kalite bèf, ak kabrit, ak kabrit mawon, e ak anpil cheval tou.

22 Epi te gen anpil pwofèt nan pami nou. Epi pèp la te yon pèp ki te gen tèt di, ki te difisil pou l konprann.

23 Epi pa t gen anyen eksepte britalite, predikasyon ak pwofesi konsènan lagè, ak chirepit, ak destriksyon, e raple yo lanmò tout tan, ak longè letènite, ak jijman ak pouvwa Bondye, ak tout bagay sa yo—ki te kapab souke yo nètalkole pou respekte yo nan lakrent Senyè a. M di, pa t gen anyen eksepte bagay sa yo, ak anpil gwo predikasyon klè, ki pou anpeche yo desann rapid nan destriksyon. Epi se konsa m ekri konsènan yo.

24 Epi m te wè lagè nan pami Lamanit ak Nefit yo pandan jou m t ap viv yo.

25 Epi, se te konsa, m te kòmanse vyeyi, e san swasanndiznèf ane te pase depi lè Leyi, papa nou, te kite Jerizalèm.

26 Epi m te wè m dwe desann nan tonm mwen talèkonsa, pouvwa Bondye te egzije m pou m preche, pou m pwofetize devan pèp sa a pou m deklare pawòl la daprè verite ki nan Kris la. Epi m te deklare l tout jou nan vi m yo, e m te rejwi m ladan l plis pase nan mond lan.

27 Epi talèkonsa, m prale nan kote pou m repoze m nan, ki vle di avèk Redanmtè m nan; paske m konnen m pral repoze m nan bra li. Epi m rejwi pou jou kote mòtalite m pral imòtalite a, pou m kanpe devan l; lè sa a m pral wè figi l ak kè kontan e li pral di m: Vin jwenn mwen, ou menm ki beni, gen yon kote ki prepare pou ou nan kay Papa m yo. Amèn.