Chapit 12
Lèzòm san pozisyon fiks, yo sòt epi yo prese pou fè mal—Senyè a chatye pèp Li—Nilite lèzòm konpare avèk pouvwa Bondye—Nan jou jijman an, lèzòm pral resevwa lavi etènèl oubyen kondanasyon etènèl. Anviwon 6 anvan Jezikri.
1 Epi, nou kapab wè kijan kè pitit lèzòm yo vid e chanjan; wi, nou kapab wè Senyè a beni e fè li apwospere moun ki mete bkonfyans yo nan li, akoz gran bonte enfini li a.
2 Wi, e nou pa nan wè menm lè li fè pèp li a pwospere nan jaden yo, ak twoupo bèt yo, ak nan lò, nan lajan ak tout kalite bagay ki koute chè ak atizana yo, lè l pwoteje lavi yo ak delivre yo anba men ènmi yo; nan touche kè ènmi yo pou yo pa deklare yo lagè, wi, pou m fini, nan fè tout bagay pou byen ak bonè pèp li a, wi, lè sa a, yo afè kè di, yo bliye Senyè Bondye yo a, yo bpilonnen moun ki Sen an anba pye—wi, e poutèt yo alèz nan anpil pwosperite yo.
3 Epi, konsa, nou wè si Senyè a pa achatye pèp li anba anpil afliksyon, wi, si l pa vizite yo avèk lanmò, ak lakrent, ak grangou, e ak tout kalite lapès, yo p ap bsonje l.
4 O, gade kijan pitit lèzòm sòt, san valè, mechan, dyabolik; yo aprese pou yo fè inikite, yo lan pou yo fè sa ki bon; wi, gade kijan yo prese pou yo koute pawòl malen an, e pou yo mete blide yo sou bagay san valè mond lan!
5 Wi, ala preseyo prese, pou yo anfle ak alògèy; wi, yo prese pou yo fè lwanj, epi pou yo fè tout kalite sa ki se inikite; yo lan pou yo sonje Senyè Bondye yo a, pou yo koute konsèy li, wi, gade ki jan yo lan pou yo bmache nan chemen lasajès!
6 Gade, yo pa vle pou Senyè Bondye ki te akreye yo a bgouvène yo epi pou l renye sou yo; malgre pakèt bonte ak mizèrikòd li genyen pou yo, yo pa pran konsèy li yo pou anyen e yo pa vle l gide yo.
7 O, lèzòm apa anyen ditou; wi, yo menm mwens pase pousyè tè a.
8 Paske gade, pousyè tè a deplase isit, lòtbò, pou l divize kò l daprè kòmandman gwo Bondye etènèl nou an.
9 Wi, gade avèk vwa li, kolin yo ak montay yo tranble e yo asouke.
10 Epi, avèk apouvwa pawòl li yo kraze e yo vin plat, wi, menm jan avèk yon vale.
11 Wi, avèk pouvwa vwa l, atout tè a souke;
12 Wi, avèk pouvwa pawòl li, fondasyon yo balanse, menm nan pwen santral yo.
13 Wi, e si l di tè a—deplase,—li deplase.
14 Wi, si l di atè a—bretounen dèyè pou w cpwolonje jounen an, pou ajoute plis tan nan jounen an—sa fèt;
15 Epi konsa, daprè pawòl li, tè a tounen dèyè, e pou lèzòm, se tankou solèy la rete yon sèl plas; wi, e se sa ki pase; paske se tè a ki vire, se pa solèy la.
16 Epi gade, si l di adlo ki nan pwofondè lanmè a—bSeche—sa ap fèt.
17 Gade, si l di montay sa a—aLeve vin tonbe sou vil sa a pou l kapab antere—gade sa ap fèt.
18 Epi, gade si yon moun akache yon trezò anba tè, epi Senyè a di—Se pou l bmodi poutèt inikite moun ki kache l la—gade, l ap modi.
19 Epi, si Senyè a di—Modi pou okenn moun pa jwenn ou depi kounyeya, pou tout tan—okenn moun p ap janm jwenn li depi kounyeya, pou tout tan.
20 Si Senyè a di yon nonm—Poutèt inikite w, w ap modi pou tout tan—sa ap fèt.
21 Epi, si Senyè a di—Poutèt inikite w, m ap retranche w nan prezans mwen—l ap fè sa rive.
22 Epi, malè pou moun li di sa, paske se moun ki fè inikite li di sa, e moun sa pa kapab sove; se poutèt sa, repantans preche pou moun kapab sove.
23 Se poutèt sa, moun ki repanti e ki koute vwa Senyè Bondye yo a, yo beni; paske se moun sa yo k ap asove.
24 Epi, se pou Bondye, nan tout puisans li, fè lèzòm vini repanti epi vin pratike zèv pou yo kapab resevwa gras sou agras, daprè zèv yo.
25 Epi, m ta vle pou tout moun ka sove: men ekriti yo di konsa, dènye ak nan jou a, gen moun y ap chase, wi, Senyè a ap retranche yo nan prezans li.
26 Wi, y ap kondane nan yon eta mizerab ki san fen, pou yo akonpli pawòl yo ki di: Moun ki te fè byen ap gen alavi etènèl, epi moun ki te fè mal ap gen bkondanasyon etènèl. Se konsa sa ye. Amèn.