Ekriti yo
Entwodiksyon


Entwodiksyon

Liv Mòmon an se yon liv ekriti sen ki konparab ak Bib la. Se istwa relasyon Bondye avèk kèk nan ansyen abitan peyi Amerik yo e li genyen plenitid levanjil etènèl la.

Anpil ansyen pwofèt te ekri liv la pa mwayen lespri pwofesi ak revelasyon. Yon pwofèt-istoryen ki rele Mòmon te kopye epi rezime pawòl pwofèt yo ki te ekri sou plak lò yo. Rejis la rakonte istwa de gwo sivilizasyon. Youn te sòti nan Jerizalèm 600 zan anvan Jezikri epi apre sa li te separe fè de nasyon, ki rele Nefit ak Lamanit. Lòt la te vini lontan anvan sa, lè Senyè a te konfonn langaj yo nan Toudebabèl la. Gwoup sa a te rele Jaredit. Apre anpil milye ane, yo tout te detwi eksepte Lamanit yo, epi yo konte pami zansèt Endyen Amerik yo.

Pi gran evènman ki anrejistre nan Liv Mòmon an se ministè pèsonèl Senyè Jezikri a nan pami Nefit yo yon ti tan apre rezirèksyon Li a. Liv la esplike doktrin levanjil la, li trase plan sali a e li di lèzòm kisa yo dwe fè pou yo gen lapè nan lavi sa a ak sali etènèl nan lavi k ap vini an.

Lè Mòmon te fin konplete ekriti li yo, li te bay pitit gason li a, Mowoni, liv la, epi Mowoni te ajoute kèk pawòl pa li, epi li te sere plak yo nan Kolin Kimora a. Nan dat 21 Septanm 1823, menm Mowoni sa a ki te vin tounen yon èt resisite glorifye, te parèt devan Pwofèt Joseph Smith epi li te enstwi l konsènan ansyen rejis la ak tradiksyon l ki dwe fèt nan lang Anglè.

Lè moman an te rive Joseph Smith te resevwa plak yo epi li te tradui yo pa mwayen don ak pouvwa Bondye. Kounyeya rejis la pibliye nan anpil lang kòm yon nouvo temwen anplis, pou fè konnen Jezikri se Pitit Gason Bondye vivan an, epi tout moun ki vin jwenn Li epi ki obeyi lalwa ak òdonans levanjil Li a kapab sove.

Konsènan rejis sa a Pwofèt Joseph Smith te di: “M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun suiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv.”

Anplis Joseph Smith, Senyè a te chwazi onz lòt moun pou wè plak lò yo pou tèt pa yo, e pou yo te kapab sèvi kòm temwen espesyal konsènan verite ak divinite Liv Mòmon an. Temwayaj yo fè pati ekriti ki nan liv la kòm “Temwayaj Twa Temwen” ak “Temwayaj Ywit Temwen.”

Nou envite tout moun tout kote pou yo li Liv Mòmon an, pou yo medite sou mesaj ki nan liv la nan kè yo, e apre sa, pou yo mande Bondye, Papa etènèl la, nan non Kris la si liv la se verite. Moun ki suiv enstriksyon sa yo e ki mande avèk lafwa ap gen temwayaj konsènan verite l ak divinite l pa pouvwa Sentespri a. (Gade Mowoni 10:3–5.)

Moun ki resevwa temwayaj diven sa a nan men Lespri Sen an ap vin konnen tou pa mwayen menm pouvwa sa a Jezikri se Sovè mond lan, Joseph Smith se revelatè ak pwofèt Li nan dènye jou sa yo, epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Senyè a ki tabli yon fwa ankò sou tè a pou prepare Dezyèm Vini Mèsi a.