Ekriti yo
Jakòb 2


Chapit 2

Jakòb denonse lanmou pou richès, lògèy, ak moun ki pa gen chastete—Lèzòm kapab chèche richès pou ede pwochen yo—Senyè a kòmande pou okenn gason nan pami Nefit yo pa gen plis pase yon sèl madanm—Senyè a rejwi nan chastete fi yo. Anviwon 544–421 anvan Jezikri.

1 Pawòl Jakòb, frè Nefi a te pale avèk pèp Nefi a, apre lanmò Nefi:

2 Kounyeya, frè byenneme m yo, daprè responsablite, mwen menm Jakòb m genyen devan Bondye, pou m mayifye apèl mwen nòmalman, pou m kapab wete peche nou yo sou rad mwen; m monte nan tanp la jodi a pou m kapab deklare nou pawòl Bondye a.

3 Epi noumenm poutèt pa nou, nou konnen m te travay nan apèl mwen avèk dilijans; men, jodi a, m gen yon gwo anvi ak yon lakrent k ap kraze m pou byennèt nanm nou, pi plis pase jan m te konn santi m.

4 Paske gade jiskaprezan, nou te obeyisan nan pawòl Senyè a m te ba nou yo.

5 Men, gade koute m, e konnen se avèk sipò Kreyatè Toupuisan syèl la ak tè a m kapab pale nou konsènan apanse nou yo, kòman nou kòmanse travay nan peche, peche sa a ki parèt abominab anpil devan m, wi, abominab devan Bondye tou.

6 Wi, sa fè nanm mwen tris e li fè m rekile devan Kreyatè m nan, tèlman m wont, paske m oblije temwaye devan nou konsènan mechanste kè nou.

7 Epi tou, sa fè m tris pou m oblije pale akare konsènan nou, devan madanm ak pitit nou yo; anpil ladan yo gen santiman ki dou anpil, ki bchas anpil e ki frajil devan Bondye, kalite ki fè Bondye plezi;

8 Epi, sanble yo vini reyèlman pou tande bon apawòl ki te soti nan Bondye; wi, pawòl ki geri nanm ki blese.

9 Se poutèt sa, sa fatige nanm mwen, pou m oblije reprimande nou, daprè kòmandman sevè m resevwa nan men Bondye pou krim nou fè, pou m laji maleng moun yo ki deja blese, tan pou m ta konsole yo e pou m ta geri yo; e, moun ki pa t blese yo, tan pou yo ta fè fèt avèk bon pawòl Bondye a, yo gen ponya, tou pare pou blese panse yo ki frajil.

10 Men, menm si travay la gwo, m oblije fè l daprè akòmandman egzat Bondye, pou m pale nou konsènan mechanste nou ak abominasyon nou nan prezans moun ki gen kè pi, ak kè brize devan grenn bje klere Bondye Toupuisan an.

11 Se poutèt sa, m oblije di nou verite a daprè aklète pawòl Bondye a. Paske gade, jan m te mande Senyè a, se konsa pawòl la te vin jwenn mwen, li di m: Jakòb, monte nan tanp la demen, e deklare pèp la pawòl m pral ba nou yo.

12 Epi kounyeya gade, frè m yo, se pawòl sa a m ap deklare nou; anpil nan pami nou deja kòmanse chèche lò ak lajan ak tout kalite metal ki achè, ki ranpli tè sa a, ki se yon btè pwomiz pou nou ak jenerasyon nou yo.

13 Epi, men pwovidans la te souri ba nou avèk anpil byenveyans, ki te fè nou jwenn anpil richès; e poutèt kèk moun pami nou te jwenn plis pase lòt frè yo, nou achaje kè nou avèk lògèy, nou mache kou rèd ak tèt dwat, poutèt rad ki chè nou mete, e nou pèsekite frè nou yo paske nou sipoze nou pi bon pase yo.

14 E kounyeya, frè m yo, èske nou sipoze Bondye aksepte bagay sa yo? M di nou, Non. Men, li kondane nou, e si nou pèsiste nan bagay sa yo, jijman li dwe tonbe sou nou rapid.

15 O, se pou l montre nou li kapab penetre nou, e avèk yon sèl kout je, li kapab fè nou tounen pousyè!

16 O, se pou l debarase nou avèk inikite ak abominasyon sa a. Epi, pou nou koute pawòl li kòmande, e pou nou pa kite alògèy ki nan kè nou an detwi nanm nou!

17 Panse avèk frè nou yo tankou tèt pa nou, fè zanmi avèk tout moun, e separe asa nou genyen, pou byo kapab rich tankou nou.

18 Men, anvan nou chèche arichès, chèche bwayòm Bondye a.

19 Epi, lè nou fin gen espwa nan Kris la, nou pral jwenn richès, si nou chèche yo; e nou dwe chèche yo nan entansyon pou nou a byen—pou nou abiye pòv yo, bay moun ki grangou manje, lage prizonye, e pran swen moun ki malad ak moun ki nan detrès.

20 Epi kounyeya, frè m yo, m te pale nou konsènan lògèy; e moun nan pami nou ki te aflije vwazen l, e ki te pèsekite l paske yo gen lògèy poutèt bagay Bondye te ba nou yo, sa nou panse pou sa?

21 Èske nou pa sipoze bagay sa yo abominab devan moun ki te kreye tout kò fizik yo? Epi tout moun gen menm enpòtans devan l. Tout kò fizik te sòti nan pousyè; e li te kreye yo tout pou menm rezon, pou yo kapab respekte akòmandman l yo e pou yo glorifye l pou tout tan.

22 Epi kounyeya, m ap sispann pale nou konsènan lògèy sa a. Si m pa t gen pou m pale nou konsènan yon pi gwo krim, kè m ta rejwi anpil pou nou.

23 Men, pawòl Bondye chaje m poutèt pi gwo krim nou yo. Paske gade, Senyè a di: Pèp sa a kòmanse ap grandi nan inikite, yo pa konprann ekriti yo, paske y ap chèche jistifye tèt yo pandan y ap fè libètinaj seksyèl, poutèt bagay ki te ekri konsènan David ak Salomon, pitit gason David la.

24 Gade, David ak aSalomon reyèlman te gen anpil bmadanm ak metrès. Men, Senyè a di konsa, se yon bagay ki abominab devan m.

25 Se poutèt sa, Senyè a di konsa, M te dirije pèp sa a soti nan peyi Jerizalèm avèk pouvwa ponyèt mwen pou m kapab grandi yon abranch moun ki jis ki soti nan ren Jozèf.

26 Se poutèt sa, mwen menm Senyè Bondye, m p ap kite pèp sa a fè tankou moun lontan yo.

27 Se poutèt sa, frè m yo, tande m, e koute pawòl Senyè a yo: Pèsonn pami nou pa dwe gen plis pase ayon madanm; e li pa dwe gen onkenn metrès;

28 Paske, mwen menm Senyè Bondye a, m onore fi ki achast. Epi, libètinaj seksyèl se yon abominasyon devan m; se sa Senyè tout Lame yo di.

29 Senyè tout Lame yo di, se poutèt sa, pèp sa a dwe respekte kòmandman m yo, oubyen peyi a ap amodi poutèt yo.

30 Senyè tout Lame yo di, Paske, si m vle leve yon ajenerasyon poutèt pa m, m ap bay pèp mwen an kòmandman, san sa, yo pral koute bagay sa yo.

31 Paske gade, mwen menm, Senyè a, m te wè lapenn e m te tande kriye fi pèp mwen yo ki nan peyi Jerizalèm nan, wi, ki nan tout peyi pèp mwen yo, poutèt mechanste ak abominasyon mari yo.

32 Epi Senyè tout Lame yo di: m p ap kite kri bèl pitit fi pèp sa a, m te dirije sòti nan peyi Jerizalèm nan monte kote m kont gason yo ki nan pèp mwen an. Se sa Senyè tout Lame yo di.

33 Senyè tout Lame yo di, paske, yo p ap mennen fi yo ki nan pèp mwen an prizonye poutèt tandrès yo, san m pa voye yon malediksyon tèrib sou yo, jistan yo detwi; paske m p ap kite yo fè alibètinay seksyèl tankou moun lontan yo.

34 Epi kounyeya gade, frè m yo, nou konnen papa nou, Leyi te resevwa kòmandman sa yo se konsa nou te konnen yo avan, e nou tonbe nan gwo kondanasyon; paske nou te fè bagay sa yo nou pa dwe fè.

35 Gade Reyèlman, ou te fè api gwo inikite pase Lamanit yo, frè nou yo. Nou te kase kè madanm nou yo ki gen tandrès, e nou te vyole konfyans pitit nou yo akoz move egzanp nou devan yo; e kriye ki sòti nan kè yo ap monte anlè kote Bondye kont nou. Epi, poutèt dwati pawòl Bondye a, k ap desann kont nou, anpil kè te mouri, yo pèse avèk yon maleng ki fon.