2010–2019
Se pou nou konvèti
Oktòb 2013


Se pou nou konvèti

Vrè konvèsyon fèt lè nou kontinye aji selon prensip ke nou konnen ki vrè yo ak lè nou obeyi kòmandman yo, jou apre jou, mwa apre mwa. 

Frè m ak sè m yo, ala yon eksperyans ranpli ak imilite sa ye pou mwen pou m kanpe devan menm pipit sa a kote pliziè ewo nan lavi m yo te konn kanpe a. Mwen ta renmen pataje avèk nou sou bagay ki touche kè mwen e adrese yo epesyalman pou jèn yo.

Youn nan pi gran ewo nan Ansyen Testaman yo sete Jozye, pwofèt gèrye a. Li te lanse yon envitasyon bay pèp Izrayèl la li t ap dirije a: “Chwazi jodia menm kimoun nou vle sèvi; … kanta pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n ap sèvi.”1 Deklarasyon sa a demontre ke Jozye te vrèman konvèti nan levanjil la. Pou Jozye ak pou nout tout, konvèsyon nan prensip levanjil yo vini pandan ke nap onètman viv prensip levanjil yo epi nou rete fidèl nan alyans yo nou fè avèk Senyè a.

Mwen ta renmen pataje avèk nou yon istwa konvèsyon ki soti nan istwa familyal mwen, konsènan youn nan ewoyin mwen yo. Non li se Agnes Hoggan, e li menm ansanm ak mari li te vin manm legliz la nan Ekòs nan ane 1861. Akoz yo te sibi gwo pèsekisyon nan peyi yo, yo te imigre vin nan Etazini avèk pitit yo. Kèk ane apre, Agnes te pèdi mari l e li te twouve l poukont li ap elve uit pitit epi li te travay di pou li te ka nouri yo ak abiye yo. Pitit fi li, Isabelle, ki te gen 12 an, te gen chans pou l te jwen yon travay kòm sèvant nan yon fanmi rich, ki pa t manm legliz la.

Isabelle t ap viv nan yon gwo kay e li tap ede okipe jèn timoun yo. An echanj pou sèvis li, yo te peye manman l yon ti kòb chak semèn. Byen vit yo te vin konsidere Isabelle kòm yon manm fanmi an e li te kòmanse jwi menm privilèj ak tout lòt manm fanmi an, tankou leson dans, bèl rad, ak sware nan teyat. Aranjman sa a te dire pandan katran, jiskaske fanmi an Isabelle tap travay avèk yo a te transfere al nan yon lòt eta. Yo te tèlman apresye Isabelle ke yo t al kote manman li, Agnès, pou yo te mande l pèmisyon pou yo te adopte li legalman. Yo te pwomèt ke yo tap ba l yon bon edikasyon, yo tap assire yo ke li te byen marye, epi yo t ap aranje yo pou fè l eritye yon pati nan byen yo avèk pwop pitit pa yo. Yo t ap kontinye voye lajan bay Agnès tou.

Manman sa a ki te vèv la t ap lite avèk yon desizyon difisil pou l te pran, men li pa t ezite yon segond. Koute pawòl pwòp pitit pitit fi li te ekri plizyè ane apre: “Si amou li pat pouse l di non, li te gen menm yon pi bon rezon toujou—li te vini soti byen lwen an Ekòs e l te pase anba tribilasyon ak eprèv pou levanjil la, e li pa t gen entansyon, si sa te imènman posib, pou l te kite yon pitit li pèdi sa li te soti byen lwen pou l te vin jwenn nan.”2 Fanmi rich la te itilize tout agiman posib, e Isabelle limenm te krye epi sipliye pou yo te kite l ale, men Agnès te rete fèm. Jan nou ka imajine, jènfi sèzan sa a, Isabelle, te santi lavi te fini.

Isabelle Hoggan se manman papa manman m, e mwen ekstrèmeman rekonesan pou temwayaj ak konviksyon sa a ki te si pwisan nan kè manman l la, ke sa te anpeche l twoke kalite li apatenans pitit fi l la nan legliz la pou pwomès materyèl. Jodia, dè santèn desandan li k ap jwi benediksyon yo genyen kòm manm legliz la, benefisye lafwa pwofon Agnès ak konvèsyon li ki te si pwofondeman ankre nan levanjil la.

Jèn zanmi m yo, nap viv nan tan trè difisyl, e desizyon nou aple pou nou pran chak jou, oubyen menm chak èdtan yo, gen konsekans etènèl. Desizyon nou pran nan lavi nou chak jou yo ap detèmine sa k ap pase avèk nou pita. Si nou poko gen yon temwayaj ak yon konviksyon byen anrasinen nan nou pou n konnen ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou tè a, moman an rive pou nou fè tout sa nou konnen pou n akeri konviksyon sa a. Si nou retade efò sa mande pou nou akeri kalite konviksyon sa a, sa ka danjere pou nanm nou.

Vrè konvèsyon an enplike plis pase senpleman gen yon konesans sou prensip levanjil yo e li menm enplike plis pase jis gen yon temwayaj sou prensip sa yo. Li posib pou nou gen yon temwayaj konsènan levanjil la san nou pa viv li. Vrèman konvèti vledi aji an fonksyon sa nou kwè a epi pèmèt li pwodui “yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou.”3 Nan bwochi Ankre nan lafwa a, nou aprann ke “konvèsyon se yon pwosesis, se pa yon evenman. Nou vin konvèti kòm rezilta … bon jan efò nou fè pou n swiv Sovè a.”4 Sa mande tan, efò ak travay. Gran grann mwen te gen yon konviksyon solid ke levanjil la te pi enpòtan pou pitit li yo pase tout sa mond la tap ofri kòm richès ak konfò, paske li te fè sakrifis, li te pèsevere, e l te viv levanjil la. Konvèsyon li te vini atravè viv prensip levanjil yo ak fè sakrifis pou prensip sa yo.

Nou dwe suiv menm pwosesis la si nou vle gen menm kalite angajman sa a. Sovè a te anseye : “Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m’ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m’ m’ap pale.”5 Pafwa nou eseye fè sa devan dèyè. Pa egzanp, nou gen dwa fè apwòch sa a: M ap byen kontan respekte lwa ladim nan, men toudabò mwen bezwen konen si li vre. Petèt nou menm prye pou nou ka resevwa yon temwayaj sou lwa dim nan ak espwa ke Senyè a ap akòde nou temwayaj sa a avan menm nou ranpli fòm dim nan. Sa pa mache konsa. Senyè a atann pou nou ekzèse lafwa. Nou dwe toujou peye yon dim konplè ak onèt pou nou ka gen yon temwayaj sou ladim. Menm pwosesis sa a aplike pou tout prensip levanjil yo, keseswa lwa chastete, prensip modesti a, Pawòl Sajès, oubyen lwa jèn nan.

Mwen ta renmen pataje yon egzanp pou ilistre fason viv yon prensip ede nou vin konvèti nan prensip sa a. Mwen sete yon jènfi nan ane swasant yo e m sete sèl manm legliz la nan lekòl mwen. Sete yon epòk revolisyon ki te karakterize pa rejè moral tradisyonèl la, izaj dwòg, ak yon mantalite “tout bagay pèmi.” Anpil nan kanmarad mwen yo sete moun debyen, men yo te fasilman antrene pa eksitasyon nouvo moralite sa a, ki anfèt sete ansyen imoralite a. Paran mwen ak enstriktè m yo nan legliz la te enkilke nan mwen enpòtan pou m trete kò m avèk respè, pou m kenbe lespri m klè, epi plis pase tout bagay, pou m aprann mete konfyans mwen nan kòmandman Senyè a bay yo. Mwen te pran desizyon pou m te evite sitiyasyon kote m te konnen te gen alkòl e rete lwen sigarèt ak dwòg. Sa te vledi ke souvan mwen pa t ale nan fèt yo, e m pa gen moun pou m te sòti. Itilize dwòg te vin plis an plis komen pami jèn yo, epi yo pa t osibyen konnen danje yo jan yo konnen yo jodia. Palasuit, anpil nan kanmarad mwen yo te vin soufri ak domaj pèmanan ki te koze pa dwòg ki te deranje sèvo yo oubyen tombe nan depandans grav. Mwen te rekonesan dèske yo te anseye m pou m te viv Pawòl Sajès la lakay mwen, e m te akeri yon temwayaj pwofon sou prensip sa a nan levanjil la pandan m tap ekzèse lafwa mwen ak viv prensip la. Bon santiman m te santi pandan m t ap viv yon vrè prensip levanjil sa a sete konfimasyon pa Sentespri a ke prensip sa a te vrè. Se nan moman sa a vrè konvèsyon kòmanse pwodui.

Pwofèt Moroni, nan Liv Mòmon an, anseye, “M ap montre mond lan lafwa se bagay moun espere san yo pa wè; se poutèt sa, pa diskite paske w pa wè, pask ewpap resevwa temwayaj jistan lafwa ou pa fin teste.”6 Nan mond nou an, kote yo egzije satisfaksyon imedyat, nou souvan rann nou koupab nan espere rekonpans la san nou pa travay pou li. Mwen kwè ke sa Mowoni di nou la a, sèke nou dwe fè travay la dabò epi ekzèse lafwa nan viv levanjil la, epi apresa, n ap resevwa temwayaj ke li vrè. Vrè konvèsyon fèt lè nou kontinye aji selon prensip nou konnen ki vrè epi nou obeyi kòmandman yo, jou apre jou, mwa apre mwa.

Se yon tan gloriye pou nou yon jèn nan legliz la. Nou se premye group k ap patisipe nan nouvo pwogram Vini, suiv mwen an pou jèn yo, ke youn nan objektif prensipal yo se konvèsyon nou nan levanjil Jezikri a. Li bon pou nou raple nou ke kèlkeswa nivo enspirasyon paran nou ak dirijan nou yo genyen, “se nou menm ki premye responsab pwòp konvèsyon nou. Okenn moun pa ka konvèti pou nou, e okenn moun pa ka fòse nou pou nou konvèti.”7 Konvèsyon pran plas lè nou dilijan nan fè priyè nou, nan li ekriti yo, ale legliz, epi rete diy pou patisipe nan òdonans tanp yo. Konvèsyon vini lè nou agi selon prensip jis yo nou aprann lakay nou yo ak nan klas nou yo. Konvèsyon vini lè nou mennen yon lavi ki pwòp ak lavi ki gen vèti e jwi konpayi Sentespri a. Konvèsyon vini lè nou konprann Ekspyasyon Jezikri a, lè nou rekonèt li kòm Sovè ak Redanmtè nou, epi nou kite Ekspyasyon an fè efè nan lavi nou.

Konvèsyon pèsonèl nou ap ede nou prepare pou nou fè alyans nan tanp yo, sèvi misyon, ak fonde pwòp fwaye pa nou demen. Lè nou konvèti, nou gen dezi pou nou pataje avèk lòt moun tout sa nou aprann, epi konfyans nou ak kapasite nou pou temwaye bay lòt moun avèk konviksyon ak puisans ap ogmante. Dezi sa a pou pataje levanjil la avèk lòt moun nan ak kapasite pou nou temwaye avèk fòs la se rezilta natirèl yon vrè konvèsyon. Sovè a te anseye Pyè, “Ou menm, lè w konvèti, fòtifye frè w yo.”8

Nou sonje Jozye, pwofèt sòlda a? Li te non sèlman konvèti li menm, men li te travay sans rete jiskalafen lavi li, pou l te mennen pitit Izrayèl yo bay Bondye. Nou li nan Ansyen Testaman an: “Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan an.”9 Yon moun ki vrèman konvèti rale pouvwa Ekspyasyon an desann e resevwa sali pou pwòp nanm ni, epi apresa li lonje lamen pou egzèse yon enfliyans pwisan sou tout moun ki konnen li.

Viv levanjil la ak kanpe nan kote ki sen pa toujou fasil ni konfòtab, men mwen temawye ke sa vo lapèn! Senyè a te konseye Emma Smith pou l “mete bagay ki nan mond sa a sou kote, epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.”10 Mwen sispèk nou pa kapab kòmanse imajine jis konbyen “bagay ki pou yon mond ki pi bon” sa yo mayifik!

Mwen temwaye ke nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la ke pi gwo dezi Li se ede nou ak beni nou nan efò n ap fè pou nou viv levanjil la e pou nou konvèti a. Li deklare klèman ke bi prensipal li ak laglwa li se “imòtalite ak lavi etènèl lòm.”11 Li vle mennen nou retounen lakay nan prezans Li. Mwen temwaye ke si nou agi selon prensip yo nan levanjil la epi nou mete yo an pratik toulèjou, n ap vin konvèti epi nap vin tounen yon enstriman pou akonpli anpil bèl bagay nan fanmi nou ak nan mond la. Mwen priye pou nou tout jwenn benediksyon nan efò n ap fè chak jou yo pou nou ka atenn bi sa a. Nan non Jezikri, amèn.