2010–2019
Paran: Enstriktè prensipal levanjil la pou pitit yo
oktòb 2014


Paran: Enstriktè prensipal levanjil la pou pitit yo

Apre tout sa nou ka di ak fè, fwaye a se anvironman ideyal pou anseye levanjil Jezikri a.

Ben Carson te di konsènan tèt li : “M sete pi move elèv nan klas la nan dènye ane m nan lekòl primè a.” Yon jou, Ben te gen yon egzamen matematik alekri, ki gen trant kesyon. Elèv ki te chita dèyè l la te korije egzamen an, epi l te retounen l ba li. Pwofesè a, Madam Williamson, te kòmanse rele elèv yo youn pa youn pou yo te bay nòt yo. Finalman, li te rive sou Ben. Ben, tou jennen, te mamòte repons lan. Madam Williamson, ki te panse Ben te di “9,” te di ke, pou Ben, 9 sou trant sete yon bèl amelyorasyon. Elèv ki te chita dèyè Ben nan te di : “Se pa nèf! … Li pa gen youn … ki bon.” Ben di li te anvi disparèt anba tè a.

Nan menm epòk la, manman Ben, Sonya, t ap fè fas ak kèk obstak pou tèt pa li. Li sete yonn nan 24 pitit paran l te genyen, li te sèlman rive nan twazyèm nan lekòl primè e li pa t konn li. Li te marye lè l te gen trèzan, epi apre li te divòse, li te gen de pitit gason, epi li t ap elve yo nan ghetto yo nan Detroit. Malgre sa, li te endepandan anpil e li te gen yon kwayans fèm ke Bondye t ap ede li menm ak pitit gason l yo si yo fè pati pa yo a.

Yon jou, te gen yon bagay desizif ki te rive nan lavi li ak lavi pitit gason l yo. Li te reyalize ke moun ki reyisi yo, ki te konn ba l fè lesiv pou yo a, te gen bibliyotèk—yo te konn li. Apre travay, li te rantre lakay li epi li te etenn televizyon Ben ak frè l yo tap gade a. Li te di konsa: timesye, nou gade televizyon twòp. Apati jodia, nou kapab gade sèlman twa pwogram pa semèn. Lè nou gen tan lib, nou pral nan bibliyotèk—pou nou li de liv chak semèn epi ban m rapò.

Ti mesye yo te sezi. Ben te di li pa t janm te li yon liv nan tout vi li, apa sa yo te konn egzije li nan lekòl yo. Yo te pwoteste, yo te plenyen, yo te diskite, men, sete anven. Ben te di apresa : “Manman m te pase nou lòd. M pat renmen lòd la, men detèminasyon li pou l te wè nou amelyore a te chanje direksyon lavi mwen.”

Sa te pote yon gran chanjman. Lè Ben te nan mwayen de, li te pami pi bon elèv nan klas li a. Li te jwenn yon bousdetid nan Inivèsite Yale, apresa, li t al nan lekòl medikal John Hopkins nan kote, nan laj 33 zan, li te vin chèf sèvis nan Nerochirije pedyatrik la e li te vin yon chirijyen ki te gen renome entènasyonal. Kòman sa te fè posib? Pou pifò se gras ak manman li ki, byenke li pa t gen anpil nan lavi, te mayifye apèl li kòm paran.1

Ekriti yo pale sou wòl paran yo—yo di ke se devwa yo pou yo anseye pitit yo “doktrin repantans la, lafwa nan Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm ak don Sentespri a” (D&A 68:25).

Antanke paran, se nou menm ki dwe enstriktè ak egzanp prensipal pou pitit nou yo—se pa evèk la, ni Lekòldidimanch, ni Jènjan ak Jènfi, men se paran yo. Antanke enstriktè prensipal pitit nou yo, nou ka anseye yo pouvwa ak reyalite sakrifis ekspyatwa a—idantite yo ak destine divin yo—epi lè nou fè sa, n ap ba yo yon fondasyon solid pou yo bati. Apre tout sa nou ka di ak fè, fwaye a se enviwonman ideyal pou anseye levanjil Jezikri a.

Sa gen enviwon ennan, m t al ranpli yon tach nan Beyrouth, nan peyi Liban. Pandan m te la a, yo te pale m de yon tifi 12 zan, ki te rele Sarah. Paran li ak frè l ak sè l ki te pi gran yo te konvèti nan Legliz la nan Roumanie men yo te fòse yo retounen nan peyi natif natal yo lè Sarah te gen setan. Nan peyi yo a, legliz la potko enplante, pa t gen branch òganize, ni Lekòldidimanch, ni pwogram Jènfi. Senkan apre, fanmi an te aprann te gen yon branch nan Beyrouth, epi, jis anvan m te rive a, fanmi an te voye pitit fi douzan yo a, Sarah, akonpaye pa gran sè l ak frè l yo, pou l t al batize. Pandan m te la a, m te fè yon devosyon sou plan Sali a. Sarah te leve men l souvan pou l te reponn kesyon yo.

Apre reyinyon an, konesan ke li te prèske pa janm al legliz, mwen t al wè li e m te mande l: “Sarah, kijan w fè konn repons kesyon sa yo?” Li te reponn imedyatman: “Manman m te anseye m yo.” Moun sa yo pa t gen Legliz la nan kominote yo a, men yo te gen levanjil la nan fwaye yo. Maman Sarah sete enstriktè prensipal li.

Sete Enòs ki te di, “Pawòl yo m te konn tande papa m pale avèk mwen konsènan lavi etènèl la, ak lajwa sen yo, yo te plonje fon nan kè m” (Enòs 1:3). Nou konnen san okenn dout kiyès ki te enstriktè levanjil prensipal Enòs.

M sonje papa m te konn chita lonje pye li bò chemine a, ap li ekriti yo ak lòt bon liv, e m te konn kouche bò kote li. M sonje moso fèy papye li te konn gen nan pòch chemiz li, ki te konn gen sitasyon ekriti ak sitasyon nan Shakespeare, ak nouvo mo li te konn memorize pou l aprann. M sonje kesyon ak diskisyon sou levankil la lè n ap manje sou tab. M sonje pil fwa papa m te konn mennen m al rann moun aje yo vizit—kijan nou te konn rete pou achte yon ti krèm glase pou yonn, yon poul kwit pou yon lòt ka dine, oubyen lamen li te konn bay avèk yon ti lajan plwaye nan men l lè na prale. M sonje bon santiman ak dezi m te genyen pou m te vin tankou li.

M sonje manman m, ki nan laj 90 zan konsa, te konn ap kuit manje nan kuizin lakay li epi ki te konn sòti avèk yon plat manje. M te konn mande l kikote l tap prale. Li te reponn : “O, m ap pote yon ti manje bay granmoun aje yo.” M te konn panse: “Manman, ou se yon granmoun aje.” M pap janm kapab eksprime rekonesans mwen ase pou paran mwen, ki sete enstriktè levanjil prensipal mwen.

Youn nan bagay ki pi enpòtan ke nou menm nou ka fè kòm paran, se anseye pitit nou yo pouvwa lapriyè, pa sèlman woutin lapriyè. Yon jou swa, lè m te gen anviwon 17 tan, m te ajenou bò kabann mwen ap priye. San m pa t konnen, manman m te kanpe nan pòt la. Lè m te fini, li te di: “Tad, èske ou mande Senyè a pou l ede w jwenn yon bon madanm?”

M pat atann kesyon l lan ditou. Sete dènye bagay pou m ta gen nan tèt mwen. M te konn panse ak baskètbòl ak lekòl. Epi konsa, m te reponn ni: “Non,” epi l te di: “Enben, pitit gason mwen, ou ta dwe fè sa; paske se desizwon ki pi enpòtan ou pral gen pou w pran nan lavi ou.” Pawòl sa yo te antre fon nan kè m si byen ke, pandan sis ane ki te suiv yo, m te konn priye pou Bondye ede m jwenn yon bon madanm. E Li reyèlman reponn priyè sa a.

Antanke paran, nou kapab anseye pitit nou yo pou yo priye pou bagay ki gen konsekans etènèl—pou yo priye pou yo ka gen fòs pou yo moralman pwòp nan yon mond trè difisil, pou yo obeyisan, epi pou yo gen kouraj pou yo defann sa ki byen.

San okenn dout, majorite nan jèn nou yo fè priyè yo aswè, men petèt, anpil nan yo gen difikilte pou yo pran abitid fè priyè pèsonèl nan le maten yo. Antanke paran, antanke enstriktè prensipal yo nan levanjil la, nou ka korije bagay sa a. Ki paran nan epòk Liv Mòmon an ki t ap kite pitit gason yo mache al nan lagè san yon zàm ak boukliye ak epe pou pwoteje yo kont kou mòtèl ennmi an? Sepandan, konbyen nan nou menm ki kite pitit nou yo mache sòti nan pòt kay la chak maten pou al nan chan batay ki pi danjere pase tout lòt yo, pou afwonte Satan ak pakèt tantasyon l yo, san zàm ak boukliye ak epe espirityèl pouvwa pwotektè lapriyè a bay yo? Senyè a di : “Priye tout tan, … pou nou kapab gen viktwa sou Satan” (D&A 10:5). Antanke paran, nou kapab ede pitit nou yo entegre abitid priyè maten an ak pouvwa li pote avèk li a nan lavi yo.

Nou kapab anseye pitit nou yo pou yo itilize tan yo avèk sajès. Pafwa, tankou Sonya Carson, nou ka bezwen mete fren, avèk amou men byen fèm, pou limite tan pitit nou yo pase nan televizyon ak lòt aparèy elektwonik yo ki, nan plizyè ka, monopolize lavi yo a. Olyesa, nou bezwen fè yo rekonsantre tan yo nan bagay ki pi pwodiktif e ki pi oryante sou levanjil la. Petèt ka gen yon ti rezistans toudabò, ak kèk plenyen, men, tankou Sonya Carson, nou dwe gen vizyon ak volonte pou nou kenbe. Yon jou, pitit nou yo va konprann e apresye sa nou te fè pou yo a. Si nou pa fè sa, kiyès ki pral fè l?

Nou tout kapab ap mande tèt nou: èske pitit nou yo resevwa pi bon efò espirityèl, entèlektyèl, ak kreyatif nou, oubyen èske yo resevwa ti rès tan ak talan nou, apre nou fin bay tout nou menm nan apèl nou nan Legliz la oubyen nan travay nou? Nan lavi apre a, m pa konn si tit tankou evèk oswa Sosyete Sekou pral rete men, m konnen ke, tit mari ak madanm, papa ak manman, ap kontinye egziste e resevwa reverans, pou tout tan gen tan. Se youn nan rezon ki fè li si enpòtan pou nou onore responsablite nou kòm paran isit la sou tè a pou nou kapab prepare nou pou responsablite ki pi gran yo, byenke yo menm, nan lavi k ap vini an.

Antyanke paran, nou kapab avanse avèk asirans ke Bondye pap janm kite nou poukont nou. Bondye pa janm ban nou yon responsablite san L pa ofri nou èd divin—mwen ka temwaye de sa. Mwen swete ke, nan wòl diven nou kòm paran an, asosye avèk Bondye, nou vin enstriktè ak egzanp prensipal levanjil la pou pitit nou yo, mwen priye pou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Ben Carson, Gifted Hands: The Ben Carson Story (1990).