2010–2019
E sa se lavi etènèl
Avril 2017


E sa se lavi etènèl

Bondye konnen nou epi li envite nou pou nou konnen li.

M ap pale avèk noumenm, jenerasyon k ap grandi a—jèn yo ak jèn adilt yo, selibatè oswa marye—nou menm ki se fiti dirijan sa a, legliz Senyè a. Avèk tout mechanste, twoub, laperèz, ak konfizyon nan mond lan jodia , m ap pale avèk nou klèman sou majeste ak benediksyon ki genyen nan vin konnen Bondye.

Jezikri te anseye anpil verite ki eksplike plan bonè Pè Selès la ak plas nou ladan li. M ap konsantre sou de nan verite sa yo pou ede w konprann idantite ou antanke pitit Bondye ak konnen objektif ou nan lavi a.

Premyèman: “Paske Bondye sitèlman renmen mond lan, Li te bay sèl Pitit Gason Literal Li a, pou tout moun ki kwè nan Li pa peri, men pou yo gen lavi etènèl life.”1

Dezyèmman: “Epi sa se lavi etènèl, pou yo konnen oumenm sèl vrè Bondye a, ak Jezi Kris la, out e voye a.”2

Tanpri, kenbe verite sa yo nan lespri nou—yo anseye poukisapandan m ap dekri kòman oumenm ak nou tout ka vin konnen Bondye.

Konnen Li atravè lapriyè

Chè zanmi mwen, nou ka kòmanse konnen Bondye atravè lapriyè.

7 Avril 1829, Oliver Cowdery, ki te gen 22 zan, te kòmanse travay kòm sekretè Joseph Smith ki te gen 23 zan. Yo te jèn—menmjan avèk ou. Oliver te mande Bondye yon konfimasyon konsènan Retablisman an ak travay l ap patisipe a. An repons, li te resevwa revelasyon sa a:

“Gade, ou konnen ou te mande m e m te klere panse. …

“Wi, m di ou, ou kapab konnen pa gen okenn lòt moun eksepte Bondye ki konnen panse ou ak entansyon ki nan kè ou. . …

“… Si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nwit lè ou te kriye nan pye m nan kè ou la

“Èske m pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa … ? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?” 3

ou priye ak lafwa, w ap santi amou Bondye kòmsi Lespri Li ap pale nan nanm ou. Kèlkeswa jan w ta santi w solitè oswa ensèten pafwa, ou pa poukont nou nan mond sa a. Bondye konnen ou, pèsonèlman. Si w priye, w ap vin konnen Li.

Konnen li atravè etid ekriti yo

Si w etidye ekriti yo, w ap non sèlman aprann osijè Sovè a, men w ap kapab aktyèlman vin konnen Sovè a.

An Avril 1985, Èldè Bruce R. McConkie te pale nan konferans jeneral—jis 13 jou anvan l te mouri. Li te fini temwayaj li a konsa:

“Mwen se youn nan temwen li, epi nan yon jou k ap vini, mwen pral touche mak klou yo nan men li ak nan pye li epi m ap mouye pye li ak dlo nan je mwen.

“Men mwen va konnen pi byen pase jan m konnen kounyea ke li se Pitit Gason Bondye Toupuisan an, ke li se Sovè nou ak Redanmtè nou, epi sali vini nan e atravè san ekspyatwa l la e nan okenn lòt fason.”4

Noumenm ki te tande Èldè McConkie pale yo jou sa a pa janm bliye kijan nou te santi nou. Lè l te kòmanse diskou a, li te di poukisa temwayaj li puisan konsa. Li te di:

“Pou m pale de bagay mèveye sa yo m ap itilize pwòp mo pa mwen, menmsi nou gen dwa panse yo se pawòl ekriti. …

“Se vre ke yo te deja pwoklame pa lòt moun, men yo se pa m kounyeya, paske Sentespri Bondye a rann mwen temwayaj ke yo se verite, epi kounyeya, se kòmsi se Senyè a ki te revele m yo. Konsa, mwen tande vwa li epi m konnen pawòl li.”5

Si w etidye ekriti yo epi ou medite sou yo, oumenm tou w ap tande vwa Bondye,w ap konnen pawòl Li, epi w ap konnen Li. Bondye ap revele ou verite etènèl Li yo pèsonèlman. Doktrin ak prensip sa yo ap vin fè pati moun ou ye a epi y ap vini soti nan fon nanm ou.

Anplis etid pèsonèl, li enpòtan pou nou etidye ekriti yo an fanmi tou.

Nan fwaye pa m, nou te vle pitit nou yo aprann rekonèt vwa Lespri a. Nou kwè sa te rive pandan nou t ap etidye Liv Mòmon an chak jou an fanmi. Temwayaj nou te fòtifye pandan nou t ap pale sou verite sakre sa yo.

Etid ekriti yo vin yon kanal pou Lespri a itilize pou bay nou chak yon fòmasyon pèsonalize. Lè nou etidye ekriti yo chak jou, poukont nou epi avèk fanmi nou, n ap aprann rekonèt vwa Lespri a epi n ap vin konnen Bondye.

Konnen li nan fè volonte li

Anplis pou nou priye ak etidye ekriti yo, nou bezwen fè volonte Bondye tou.

Sovè a se egzanp pafè nou. Li di: “Mwen soti nan syèl la, non pa pou m vin fè volonte pa m, men volonte moun ki voye m nan.”6

Lè Sovè resisite a te parèt devan Nefit yo, Li te di: “Epi gade m se limyè ak lavi mond lan; m te bwè nan tas anmè Papa m te ban mwen an, e m te glorifye Papa m lè m te pran peche mond lan sou tèt mwen; nan bagay sa a, m te aksepte volonte Papa a nan tout bagay depi nan kòmansman.”7

Oumenm avèk mwen fè volonte Papa a nan onore alyans nou, nan kenbe kòmandman yo ak sèvi Bondye ak pwochen nou.

Madanm mwen, Rhonda, avèk mwen gen paran ki se jis moun nòmal---pwobableman menmjan ak paran pou nou. Men ,yon bagay mwen renmen nan paran nou yo sèke yo konsakre lavi yo nan sèvi Bondye, epi yo anseye nou pou n fè menm bagay la tou.

Dezan apre paran Rhonda te fin marye, papa l ki te gen 23 zan te aple pou l t al sèvi yon misyon aplentan. Li te kite jèn madanm ni an ak tipitit fi dezan l lan dèyè. Apresa yo te aple madanm ni pou l te sèvi avèk li nan dènye sèt mwa misyon l lan—yo te kite pitit fi yo a nan men fanmi.

Kèk ane apre, yo te gen kat pitit lè sa a, yo te demenaje ale Missoula, nan Montana pou papa l te ka al nan inivèsite. Men, yo te gen sèlman kèlke mwa nan kote sa a lè Prezidan Spencer W. Kimball ak èldè Mark E. Petersen te bay bòpè m yon apèl pou l te vin premye prezidan pieu Missoula yo te fèk kreye a. Li te gen 34 tran sèlman. Li te kite zafè inivèsite a pandan l t ap chèche fè volonte Senyè a —non pa volonte pa li.

Paran pa m yo te sèvi kòm travayè tanp pandan plis pase 30 ane. Papa m sete yon selè epi manman m sete travayè tanp ki t ap fè òdonans. Yo te sèvi senk misyon aplentan ansanm tou---nan Riverside, Californie; Ulaanbaatar, Mongolie; Nairobi, Kenya; nan tanp Nauvoo a nan Illinois ; ak tanp Monterrey a nan Mexique. Nan Meksik yo te travay di pou yo te aprann yon nouvo lang, sa ki pa t fasil nan laj 80 tan. Men yo te chèche fè volonte Senyè a olye ke yo te pusuiv pwòp dezi pa yo nan lavi.

Pou yomenm ak pou tout Sen Dènye Jou devwe tankou yo toupatou nan mond lan, m ap repete pawòl Senyè a te di pwofèt Nefi, pitit gason Elaman an: “Ou beni … pou bagay ou te fè yo …. san fatige … , … [paske ou] pa t chèche sove vi pa w, men, ou te chèche fè volonte m, e w te respekte kòmandman m yo.”8

nou chèche fè volonte Bondye nan fidèlman sèvi Limenm ak pwochen nou, nou santi apwobasyon Li e nou vrèman vin konnen Li.

Konnen li nan vini menmjan avèk li

Sovè a di nou ke pi bon mwayen pou nou konnen Bondye se vin menmjan avèk li. Li te anseye: “Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen.”9

Diyite esansyèl pou nou vin menmjan avèk li. Li kòmande nou: “Sanktifye tèt nou; wi, pirifye kè nou, epi netwaye men nou … pou m kapab fè nou pwòp.”10 Kòmanse sou wout pou vin menmjan avèk li a, nou repanti, nou resevwa padon li, epi li pwòpte nanm nou.

Pou ede nou pandan n ap pwogrese al jwenn Papa a, Senyè a te banou pwomès sa a: “Tout nanm ki abandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki rele non mwen, epi ki obeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap wè fas mwen epi l ap konnen m egziste.”11

Atravè lafwa nou nan sakrifis ekspyatwa l la, Sovè a pwòpte nou, li geri nou, e pèmèt nou konnen Li nan ede nou vin menmjan avèk li. Mòmon te anseye: “Priye Papa a avèk tout enèji kè nou, … pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l. Pandan n ap eseye vin tankou Bondye,12 Li ka fè nou vin plis pase sa nou ka janm fè tèt nou devni.”

Konnen li nan suiv gid yo

Pou ede nou nan efò nou, Bondye ba nou modèl ak gid. M vle pataje santiman mwen sou youn nan pa m yo, Elder Neal A. Maxwell. Li te toujou chèche soumèt volonte li anba volonte Papa a nan efò li pou vin tankou Bondye.

Sa gen plis pase 20 tan, li te pataje santiman li avèk mwen jis apre yo te fin di l li te gen kansè. Li te di m “Mwen vle nan ekip la, nan bò vwal sa a oubyen nan lòtbò a. Mwen pa vle chita sou ban. Mwen vle jwe nan jwèt la.”13

Nan kèlke semèn apre yo, li te retisan pou mande Bondye pou geri li; li te jis anvi fè volonte Bondye. Madanm ni, Colleen, te di li ke premye kri Jezi nan Jaden Jetsemani an sete: “Si sa posib, fè tas sa a ale lwen mwen.” Se apresa Sovè a te di: “Men, se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa ou.14 Li te ankouraje Èldè Maxwell pou l te suiv egzanp Sovè a, pou l te mande sekou epi apresa soumèt li anba volonte Bondye, e se sa l te fè.15

Apre l te fin soufri atravè gwo tretman devastan pandan prèske ennan, li te totalman e konplètman retounen “nan jwèt la” Li te sèvi pandan setan ankò.

Mwen te patisipe nan plizyè tach avèk li pandan ane sa yo. M te santi bonte li konpayson ak lanmou li. Mwen te temwen yon ogmantasyon nan rafinman spirityèl li atravè soufrans li te travèse yo ak sèvis kontinyèl li pandan l t ap efòse l vin menmjan ak Sovè a.

Modèl ak gid siprèm nan, ki disponib pou nou tout la, se Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki te di: “Mwen se chemen an, verite a , ak lavi a: okenn moun pa p ka al jwenn Papa a san l pa pase pa mwen.”16 “Vini, suiv mwen.”17

Jèn frè ak sè m yo, konnen Bondye se rechèch tout yon lavi. “Epi sa se lavi etènèl, pou [nou] konnen … sèl vrè Bondye a, ak Jezikri, li [Papa a] voye a.”18

“Èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? … Kouraj, [jèn zanmi m yo]; epi an avan, an avan pou viktwa a!”19

Bondye konnen ou epi Li envite ou pou w konnen Li. Priye Papa a, etidye ekriti yo, chèche fè volonte Bondye, efòse w pou w vin menmjan ak Sovè a, epi suiv gid jis yo. Si w fè sa, ou ap vin konnen Bondye ak Jezikri, epi w ap eritye lavi etènèl. Sa se envitasyon m pou ou antanke yon temwen spesyal Yo ki òdone. Yo vivan. Yo renmen ou. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.