2010–2019
Lajwa Sen yo
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Lajwa Sen yo

Lajwa soti nan obeyi kòmandman yo, nan simonte chagren ak feblès atravè Li, ak nan sèvi jan L te sèvi.

Pwofèt Liv Mòmon an, Enòs, pitit pitit Leyi, te ekri yon eksperyans etranj ki te fèt nan lavi li. Pandan l t ap chase poukont li nan forè a, Enòs te kòmanse ap medite sou ansèyman papa li, Jakòb. Li di: “Pawòl yo m te konn tande papa m pale avèk mwen konsènan lavi etènèl la, ak lajwa sen yo, yo te plonje fon nan kè m.”1 Nan grangou espirityèl nanm ni, Enòs te mete l ajenou nan lapriyè, yon priyè remakab ki te dire tout jounen an jiska lannuit, yon priyè ki te pote revelasyon, asirans, ak pwomès vital.

Gen anpil bagay pou n aprann nan eksperyans Enòs la, men jodia, sa ki patikilyèman vini nan lespri m se souvni Enòs te genyen de papa l ki te souvan ap pale l de “lajwa Sen yo.”

Nan konferans sa a, twazan pase, Prezidan Russell M. Nelson te pale de lajwa.2 Pami tout lòt bagay, li te di:

“Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa ki se fokis nan lavi nou.

“Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa soti nan Limenm e gras avèk Li. Pou Sen Dènye Jou yo, Jezikri se lajwa!”3

Sen yo se moun ki antre nan alyans levanjil la atravè batèm epi k ap fè efò pou suiv Kris la antanke disip Li.4 Konsa, “lajwa sen yo” siyifi lajwa pou vin menmjan ak Kris la.

M ta renmen pale de lajwa ki soti nan kenbe kòmandman l yo, lajwa nou santi lè nou simonte chagren ak feblès nou atravè Li, ak lajwa ki genyen nan sèvi jan l te sèvi a.

Lajwa nan kenbe kòmandman Kris yo

N ap viv nan yon epòk lajwisans kote anpil moun doute enpòtans kòmandman Senyè a bay yo oubyen senpleman inyore yo. Li pa ra ke moun ki pa obeyi direksyon divin tankou lwa chastete a, prensip onètete a, ak sentete jou Saba a, sanble y ap pwospere e jwi bon bagay nan lavi a, pafwa menm plis pase moun k ap fè efò pou yo obeyisan yo. Gen moun ki kòmanse ap mande tèt yo si efò a ak sakrifis yo vo lapèn. Ansyen pèp Izrayèl la te plenyen yon fwa:

“Pa gen rezon pou nou sèvi Bondye: kisa sa te sèvi nou lè nou te respekte òdonans li yo, ak lè nou te mache tèt bese devan Senyè tout Lame yo?

“Kounyeya nou panse moun ki gen lògèy yo byen; wi, moun k ap fè mechanste yo pwospere; wi, yo tante Bondye e yo delivre”5

Men Senyè a di, tann, jiskaske “jou sa a rive kote m ap gen konpasyon pou bijou m yo. … Lè sa a, nou … pral wè diferans ant moun ki jis yo ak moun ki mechan yo, ant moun k ap sèvi Bondye yo ak moun ki pa sèvi l yo.”6 Mechan yo gen dwa “gen lajwa nan zèv yo pou yon sezon,” men sa toujou tanporè.7 Lajwa Sen yo dirab.

Bondye wè bagay yo nan vrè pèspektiv yo, epi li pataje pèspektiv sa a avèk nou atravè kòmandman l yo, ki ap gide nou efikasman pou n kontoune pyèj ak twou nan mòtalite yo pou n al nan lajwa etènèl. Pwofèt Joseph Smith te eksplike: “Lè kòmandman l yo anseye nou se nan optik letènite; paske Bondye konsidere nou kòmsi nou te nan letènite; Bondye demere nan letènite, epi li pa wè bagay yo jan nou wè yo.”8

Mwen pa janm rankontre yon moun ki te jwenn levanjil la ta nan lavi l ki pa t swete ke l te jwenn ni pi bonè. Yo toujou di: “O, ala move chwa ak erè m t ap kapab evite.” Kòmandman Senyè a se pou gide nou pou nou fè pi bon chwa ak jwenn pi bon rezilta. Ala nou ta dwe rejwi e remèsye l paske l montre nou chemen pi ekselan sa a.

Imaj
Sè Kamwanya

Lè l te yon adolesan, Sè Kalombo Rosette Kamwanya ki soti nan Repiblik Demokratik Kongo, k ap sèvi kounyea nan Misyon Wès Abidjan an nan Côte D’Ivoire, te jene e priye pandan twa jou pou l te ka jwenn direksyon Bondye te vle l pran. Yon nuit, nan yon vizyon remakab, yo te montre l yon chapèl ak sa li reyalize kounyea ki sete yon tanp. Li te kòmanse chèche epi byen vit li te jwenn chapèl la li te wè nan rèv li a. Pano a te ekri: “Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.” Sè Kamwanya te batize epi manman l ak sis frè l te batize apresa. Sè Kamwanya di, “Lè m te resevwa levanjil la, m te santi m tankou yon zwazo ki te nan prizon ki te vin jwenn libète l. Kè m te ranpli ak lajwa. … M te gen asirans ke Bondye renmen mwen.”9

Respekte kòmandman Bondye yo pèmèt nou santi lanmou Li pi fasil ak pi total. Chemen dwat ak kwense kòmandman yo mennen dirèkteman nan pyebwa lavi a, epi pyebwa a ak fwi l la, ki pi dous e “pi dezirab pase tout bagay,”10 la se reprezantasyon lanmou Bondye epi li ranpli nanm nou “avèk anpil lajwa”11 Sovè a te di:

“Si nou respekte kòmandman m yo, na renmen tout moun menmjan mwen renmen nou an; menmjan mwen respekte kòmandman Papa m yo, epi m demere nan lanmou.

“Mwen di nou bagay sa yo, pou lajwa m ka rete nan nou, epi pou lajwa nou ka total.”12

Lajwa pou nou venk gras ak Kris la

Menm lè n ap fè efò pou nou fidèlman respekte kòmandman yo, gen eprèv ak trajedi ki ka entèwonp lajwa nou. Men, si nou efòse nou pou n simonte pwoblèm sa yo avèk èd Sovè a, sa ap prezève lajwa nou santi a ak lajwa nou espere a. Kris la te rasire disip Li yo: “Nou va gen tribilasyon nan mond lan: men, pran kouraj; mwen te venk mond lan.”13 Se lè nou vire jwenn ni, nou obeyi li, epi nou liye tèt nou avèk li, eprèv ak chagren sa a ap transfòme an lajwa. M ap mansyone yon egzanp.

An 1989, Jack Rushton t ap sèvi kòm prezidan Pieu Irvine nan nan Kalifòni (Etazini) Pandan vakans ak fanmi li nan kot Kalifòni an, Jack t ap fè ‘surf’ lè yon vag te pran l voye l al frape sou yon wòch anba dlo a, kou l te kase, epi li te blese grav nan kolòn vètebral li. Nan apre Jack te di: “Nan menm moman m te frape nan wòch la, m te konnen m te paralize.”14 Li pa t ka pale ni menm respire poukont li ankò.15

Imaj
Fanmi ak zanmi k ap ede fanmi Rushtons

Fanmi, zanmi, ak manm pieu yo te antoure Frè Rushton ak madanm ni, Jo Anne, epi pami lòt bagay, yo te remodle yon pati nan kay yo a pou chèz woulant Jack la te ka antre. Jo Anne te vin moun prensipal ki t ap bay swen pou 23 ane apre yo. Pandan l t ap fè referans avèk resi nan Liv Mòmon an sou fason Senyè a te vizite pèp li a nan afliksyon yo epi l te rann fado yo lejè a,16 Jo Anne te di: “M souvan emèveye pou jan m santi kè m lejè pandan m t ap pran swen mari m nan ”17

Imaj
Jack ak Jo Anne Rushton

Yon modifikasyon nan sistèm respiratwa li te rebay Jack kapasite pou l te pale, epi, nan lespas yon ane, yo te aple Jack kòm enstriktè Doktrin Levanjil ak patriyach pieu a. Lè l t ap bay yon benediksyon patriyakal, yon lòt detantè prètriz te konn mete men frè Rushton sou tèt moun nan k t ap resevwa benediksyon an epi kenbe men l ak bra l pandan tout benediksyon an. Jack te mouri jou Nwèl 2012 la, apre 22 zan sèvis devwe.

Imaj
Jack Rushton

Yon fwa, nan yon entèvyou, Jack te di: “Pwoblèm ap vini nan lavi nou tout; sa senpleman fè pati pasaj nou isit sou tè sa a. E, gen moun ki panse ke relijyon oubyen lafwa nan Bondye ap pwoteje nou kont move bagay. M pa panse se kesyon an sa. M panse ke kesyon se èske lafwa nou solid, pou lè move bagay rive, e y ap rive kanmèm, n ap kapab fè fas avèk yo. … Lafwa m pa t janm febli, men sa pa vledi ke m pa t konn santi m deprime. M panse ke pou lapremyè fwa nan lavi m, m te pouse rive nan limit mwen e m te literalman pa t gen okenn kote pou m te vire ale, konsa, m te vire jwenn Senyè a, e rive jiska jodia, m santi yon lajwa tou natirèl.”18

Epòk sa a se yon epòk atak enpitwayab nan medya sosyal ak atak dirèk kont moun k ap chèche kenbe prensip Senyè a nan abiman, nan divètisman, ak pite seksyèl. Se souvan jèn yo ak jèn adilt yo pami Sen yo, osibyen fi yo ak manman yo, k ap pote kwa mokri ak pèsekisyon sa a. Li pa fasil pou nou elve nou anwo kalite move tretman sa yo, men sonje pawòl Pyè te di yo: “Si yo joure nou paske n ap suiv Kris la, konsidere sa kòm yon benediksyon; paske lespri laglwa a ak lespri Bondye repoze sou nou: bò kote pa yo y ap pale L mal, men bò kote pa nou Li glorifye.”19

Nan Jaden Edèn nan, Adan ak Eve te nan yon eta inosans, “yo pa t gen lajwa, paske yo pa t konnen lamizè.”20 Kounyea, antanke moun responsab, nou jwenn lajwa nan simonte soufrans sou kèlkeswa fòm ni, keseswa l se peche, eprèv, feblès, oswa nenpòt lòt obstak a bonè nou. Sa se lajwa ki genyen nan pwogrese nan chemen disip la; lajwa “dèske nou resevwa padon pou peche nou, epi nou gen lapè nan konsyans nou”21 lajwa nan santi nanm nou gonfle ak grandi atravè lagras Kris la.22

Lajwa nan sèvi nan fason Kris la

Sovè a jwenn lajwa nan reyzlize imòtalite ak lavi etènèl nou.23 An palan de Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, Prezidan Russell M. Nelson te di:

“Menm jan ak tout bagay, Jezi se egzanp siprèm nou, ‘ki, pou lajwa ki te rezève pou li a, te andire kwa a’ [Ebre 12:2]. Reflechi sou sa! Pou L te ka andire eksperyans ki te pi douloure li te janm travèse sou tè a, Sovè nou an te konsantre sou lajwa!

“E ki lajwa ki te rezève pou Li a? Siman sa te enkli lajwa pou pwòpte nou, pou geri nou ak fòtifye nou; lajwa pou peye pou peche tout moun ki ap repanti; lajwa pou rann posib pou oumenm avèk mwen retounen lakay—pwòp epi diy—pou n viv avèk paran selès nou yo ak fanmi nou.”24

Menmjan tou, lajwa “ki rezève pou nou” an se lajwa ki genyen nan ede Sovè a nan travay redanmsyon L lan. Antanke desandan ak pitit Abraham,25 nou kontribye nan benediksyon tout fanmi sou tè a “avèk benediksyon Levanjil yo, ki se benediksyon sali, ki se lavi etènèl.”26

Pawòl Alma yo vin nan lespri mwen:

“Sa se laglwa pa m, petèt, m kapab sèvi kòm yon zouti nan men Bondye pou m mennen kèk nanm nan repantans; epi sa se lajwa mwen.

“Epi gade, lè m wè anpil nan frè m yo ki repanti toutbon, ki vin jwenn Senyè a, Bondye yo a, lè sa a, nanm mwen ranpli ak lajwa;

“Men, m pa egzalte m poutèt siksè pa m sèlman; men, m pi ranpli ak lajwa poutèt siksè frè m yo ki te monte nan peyi Nefi a. …

“Kounyeya, lè m panse avèk siksè frè m yo, nanm mwen transpòte, menm, jistan li tankou l te separe avèk kò m; se konsa m kontan anpil.”27

Fwi sèvis nou youn ap rann lòt nan Legliz la fè pati lajwa ki “rezève pou nou” an. Menm nan moman dekourajman ak strès, nou ka sèvi ak pasyans si nou rete konsantre sou lajwa pou n fè Bondye plezi epi pou nou pote limyè, soulajman, ak bonè bay pitit Li yo, frè nou ak sè nou yo.

Pandan yo te an Ayiti, mwa pase a, pou konsekrasyon Tanp Pòtoprens la, Èldè David Bednar ak Sè Susan Bednar te rankontre yon jèn sè ki te fèk pèdi mari l ki te mouri kèlke jou anvan sa nan yon aksidan trajik. Yo te kriye ansanm avèk li. Men, nan Dimanch, chè sè sa a te nan plas li kòm otès nan sèvis konsekrasyon yo, ap akeyi tout moun ki te antre nan tanp lan avèk yon souri byen janti ak akeyan.

Mwen kwè ke “lajwa final sen yo” soti nan konnen ke Sovè a ap plede kòz yo,28 “epi okenn moun pa ka konsevwa lajwa ki [pral] ranpli nanm nou [lè] nou [tande Jezi] priye Papa a pou nou.”29 Avèk Prezidan Russell M. Nelson, mwen temwaye ke lajwa se yon kado pou Sen fidèl “ki andire kwa yo nan mond lan”30 epi ki “ap efòse yo entansyonèlman pou yo mennen yon lavi dwat, jan Jezikri te anseye a.”31 Se pou lajwa nou total, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.