Apèl Misyon
Chapit 3: Etidye ak Anseye Levanjil Jezikri a


“Chapit 3: Etidye ak Anseye Levanjil Jezikri a,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Etidye ak Anseye Levanjil Jezikri a,” Preche Levanjil mwen an

Imaj
Batèm Jezikri a, pa Joseph Brickey

Chapit 3

Etidye ak Anseye Levanjil Jezikri a

Leson yo nan chapit sa a genyen doktrin, prensip, ak kòmandman esansyèl yo nan levanjil Jezikri a. Leson sa yo se sa pwofèt ak apot vivan yo te bay nou entriksyon pou aprann ak anseye. Yo prezante yo la yon fason pou w ka ede lòt moun yo klèman konprann doktrin Kris la.

Premye seksyon an nan chapit sa a se envitasyon pou batèm nan. Rès chapit la genyen ladan kat leson ki pi ba yo:

Etidye ekriti yo epi apresye doktrin lan nan chak leson. Lè ou fè sa, Lespri la pral rann temwayaj sou verite w ap etidye yo. L ap ede w pou w konnen sa pou w di ak fè pou ede lòt moun yo resevwa yon temwayaj sou verite a. (Gade Doktrin ak Alyans 84:85.)

Moun yo pral vin konnen Sovè a pi konplètman pandan yo fè sa Li te envite yo pou fè. Ofri envitasyon yo nan chak leson, epi ede moun yo kenbe angajman yo. Lè moun yo kenbe angajman yo, y ap kòmanse viv levanjil Jezikri a epi prepare pou fè alyans yo avèk Bondye.

Anseye tout leson yo avan ak apre batèm. Misyonè aplentan yo pran responsablite nan anseye leson yo toude fwa yo. Misyonè pawas yo oswa lòt manm yo patisipe lè sa posib. Gade chapit 10 ak 13 pou enfòmasyon konsènan enkli manm yo nan anseye.

Planifye pou Anseye

Lè w ap prepare pou w anseye, repase enfòmasyon pou chak moun nan app Preche Levanjil Mwen an. Fè yon plan leson ki baze sou bezwen moun nan. Konsidere kisa li ta dwe konnen ak santi pandan vizit ansèyman w lan. Lespri a pral mayifye efò ou yo lè ou pran tan pou prepare ak planifye.

Sa yo se kèk kesyon pou ou ak konpayon w pou nou konsidere nan lapriyè lè n ap prepare pou n anseye.

  • Ki envitasyon nou pral ofri pou ede moun nan bati lafwa nan Kris epi fè pwogrè? Envitasyon yo se fason ou ede moun yo repanti epi fè eksperyans “pouvwa Redanmtè a” (Elaman 5:11). Konsidere pwogè, sitiyasyon, ak bezwen moun nan. Apresa enkli youn oswa plis envitasyon nan plan leson w lan.

  • Ki doktrin ak prensip ki pral ede moun nan kenbe angajman an nou te envite l pran an? Detèmine nan lapriyè ki doktrin ak prensip ki pral ede moun yo konprann poukisa kenbe angajman yo enpòtan pou yo ak pou Senyè a.

  • Kijan nou pral ede moun nan aprann doktrin nan? Pou prepare pou anseye doktrin nan, itilize leson 1–4pou òganize epi rezime sa ou pral anseye a. Idantifye kesyon yo, ekriti yo, egzanp yo, ak medya apwopriye yo ki pral ede moun nan konprann sa ou anseye a. Gade chapit 10 pou plis enfòmasyon konsènan amelyore ansèyman w.

  • Ki benediksyon Bondye te pwomèt pou aksepte ak kenbe angajman yo? Pandan w ap etidye doktrin nan, idantidye benediksyon Bondye pwomèt yo. Lè w ap anseye, pwomèt benediksyon yo epi rann temwayaj ou sou yo.

  • Ki manm ki ta ka patisipe? Nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan, detèmine ki manm ki ta ka ede ou anseye ak sipòte moun nan. Avan leson an, diskite sou patisipasyon yo. Gade chapit 10.

  • Kisa nou ka fè pou ede lòt moun kenbe angajman yo apre nou ale? Fè suivi nan fè yon kontak brèf chak jou pou ede moun yo kenbe angajman yo. Chèche jwenn fason pou enkli manm yo nan ede moun w ap anseye yo kenbe kòmandman yo. Kontak sa a ta ka enkli li yon chapit nan Liv Mòmon oswa lòt ekriti yo. Si yon moun pa kenbe yon angajman anteryè, li ka pi bon pou ede avèk sa avan ofri yon lòt. Gade chapit 11.

  • Kijan nou ka pi byen ede yo pwochèn fwa? Apre chak sitiyasyon ansèyman, evalye eksperyans moun w ap anseye yo. Eske lafwa yo nan Kris la ap grandi? Eske yo santi Lespri a? Eske y ap repanti epi fè ak kenbe angajman yo? Eske y ap priye, etidye Liv Mòmon an, ak ale legliz?. Fè plan pou ede yo.

Anseye apati Kè W selon Gidans Lespri a.

Nan pale ak tout èldè yo ak sè yo, Prezmye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo te deklare:

“Objektif nou se pou anseye mesaj levanjil retabli a nan yon fason ki pèmèt Lespri a dirije alafwa misyonè yo ak moun w ap anseye yo. Li esansyèl pou aprann konsèp yo nan [leson] yo, men sa yo pa ta dwe anseye selon prezantasyon pa kè. Misyonè a ta dwe santi l lib pou itilize pwòp mo pa li selon enspirasyon Lespri a. Li pa ta dwe bay yon resitasyon memorize, men pale ak kè li nan pwòp mo pa li. Li gendwa pa suiv sekans leson yo, konsideran ke li jwenn enspirasyon pou fè sa, selon enterè ak bezwen [moun] nan. Nan eksprime l sou pwòp konviksyon l ak nan pwòp mo pa li yo, li ta dwe rann temwayaj sou verite ansèyman li yo.”

Imaj
misyonè k ap rankontre yon mesye

Anseye ak Envite selon Bezwen Endividyèl yo

Ou gen fleksibilite pou anseye leson yo nan nenpòt fason ki ede moun yo prepare konplètman pou batèm ak konfimasyon. Ki leson ou anseye, lè pou anseye l, ak kantite tan ou bay pou li pi byen detèmine pa bezwen moun nan w ap anseye a ak gidans Lespri a. Pa egzanp, lè w ap anseye moun ki pa gen yon eritaj Kretyen, ou gendwa kòmanse pa ede yo devlope yon pi gwo koneksyon avèk Pè Selès la ak yon konpreyansyon sou plan Li a (gade “Anseye Moun Ki Pa Genyen yon Eritaj Kretyen” nan chapit 10).

Kite Lespri a gide w nan ki envitasyon pou w ofri ak kilè pou w ofri yo. Envitasyon apwopriye a nan moman apwopriye a ka pouse moun yo pou fè bagay yo ki pral bati lafwa yo. Aksyon sa yo ka mennen nan yon chanjman puisan nan kè a (gade Mozya 5:2; Alma 5:12–14).

Anseye leson ki senp, klè, ak brèf. Tipikman, yon vizit pou anseye pa ta dwe pi long pase 30 minit, epi ou ka anseye yon moun nan yon ti bout tan tankou 5 minit.

Dabitid ou pral bezwen plizyè rankont pou anseye prensip yo ki nan yon grenn leson. Moun yo pral souvan pi byen konprann mesaj ou a si ou anseye leson kout, anseye souvan, epi anseye ti pòsyon nan matyè yo.

Etid Ekriti

Kisa w santi w dirije pou anseye?

Poukisa li enpòtan pou etidye doktrin lan nan leson yo?