Èd pou Etid
Eleksyon


Eleksyon

Bondye te baze l sou diyite premòtèl pou l chwazi moun ki t ap desandan Abraram yo, ki t ap fè pati pèp Izrayèl la pou vin tounen pèp alyans lan (Det. 32:7–9; Abr. 2:9–11). Moun sa yo te resevwa benediksyon espesyal ak devwa pou yo kapab beni tout nasyon nan mond lan (Wom. 11:5–7; 1 Pyè 1:2; Alma 13:1–5; D&A 84:99). Sepandan menm moun chwazi sa yo dwe resevwa apèl epi yo dwe eli nan lavi sa a pou yo kapab gen sali.