Ekriti yo
1 Nefi 20


Chapit 20

Senyè a revele objektif Li bay Izrayèl—Izrayèl te chwazi nan founèz afliksyon epi li gen pou l sòti nan Babilòn—Konpare avèk Ezayi 48. Anviwon 588–570 anvan Jezikri.

1 Koute epi tande, O kay Jakòb la, nou menm ki pote non Izrayèl, ki sòti nan dlo Jida yo oubyen nan dlo abatèm nan, ki sèmante sou non Senyè a, ki mansyone non Bondye Izrayèl la, men yo pa sèmante nan laverite ni nan lajistis.

2 Malgre yo di yo fè pa ti nan avil sen an, yo pa apiye sou Bondye Izrayèl la, ki se Senyè tout Lame yo; wi, non li se Senyè tout Lame yo.

3 Gade, m te deklare abagay ki te pase yo depi nan kòmansman; e yo te sòti nan bouch mwen, e m te montre yo. M te montre yo briskeman.

4 Epi, m te fè sa paske m te konnen tèt anou di, e kou nou se yon baton fè, e fon nou fèt avèk eren;

5 Epi, depi nan kòmansman m te deklare nou, anvan sa pase m te montre nou yo; e m te montre nou yo pou nou kapab pa di—azidòl mwen an te fè yo, e imaj taye m nan ak imaj metal mwen an te kòmande yo.

6 Nou te wè epi nou te tande tout bagay sa yo; e nou pa vle deklare yo? Epi m te montre nou nouvo bagay depi lè sa, a menm bagay ki te kache, e nou pa t konnen yo.

7 Se kounyeya yo kreye, se pa depi nan kòmansman, menm anvan jou w pa t tande yo a, yo te deklare yo, pou pa di—M te deja konnen yo.

8 Wi, w pa t tande; wi, pa t konnen; wi, depi lè sa a, zòrèy w pa t louvri; paske m te konnen anpil w ta pral fè koken, e w te yon atransgresè depi nan vant.

9 Men, pou respè anon pa m, m poko ap move, e pou onè pa m, m ap retire kò m bò kote w, pou m pa rejte w devan m.

10 Paske gade, m te rafine w, m te chwazi w nan flanm dife aafliksyon.

11 Pou pwòp tèt pa m, wi, pou tèt pa m, m ap fè sa, paske, m p ap kite anon mwen sal, e m bp ap bay yon lòt moun laglwa m nan.

12 Koute mwen, O Jakòb ak Izrayèl m te bay apèl la, paske m se; m se apremye a, epi m se dènye a tou.

13 Se men pa m ki te a fondasyon tè a tou, e men dwat mwen te mezire syèl la. M rele yo, e yo kanpe ansanm.

14 Tout moun, rasanble w e tande; kiyès nan pami yo ki te deklare yo bagay sa yo? Senyè a te renmen l; wi, e pawòl li te fè yo deklare yo, l ap aakonpli yo; e l ap fè sa li vle avèk bBabilòn, e ponyèt li pral vini sou Kaldeyen yo.

15 Men sa Senyè a di tou: Mwen menm Senyè a, m te pale; wi, m te chwazi l pou deklare, m te mennen li, e l ap fè chemen l pwospere.

16 Vini tou prè mwen; m pa t pale an akachèt; depi nan kòmansman, depi lè anons la te fin fèt, m te pale; e Senyè Bondye a ak Lespri l, te voye m.

17 Men sa Senyè a, aRedanmtè an, Sen Izrayèl la di: m te voye l, Senyè Bondye nou an ki ansenye nou pou nou pwofite, ki bkondi nou nan chemen nou dwe ale, se li ki te fè sa.

18 O, si nou te koute akomandman m yo—lapè nou t ap tankou yon rivyè, e lajistis nou t ap tankou vag lanmè yo.

19 aDesandan w yo t ap tankou sab yo; pitit nan vant w t ap tankou grenn sab; non l pa t dwe rejte ni detwi devan m.

20 aSòti nan Babilòn, sove nan mitan Kaldeyen yo, deklare avèk yon vwa mizikal, di sa, pale avèk ekstremite latè a; di konsa: Senyè a te rachte Jakòb, bsèvitè li a.

21 Epi, yo pa t aswaf; li te dirije yo nan dezè yo; li te fè dlo sòti nan bwòch la pou yo; li te fann wòch la tou epi dlo te jayi sòti.

22 Epi, malgre l te fè tout bagay sa yo ak lòt pi gwo bagay ankò, Senyè a di, pa gen alapè pou mechan yo.