Ekriti yo
Mòmon 9


Chapit 9

Mowoni rele moun ki pa kwè nan Kris yo pou yo repanti—Li pwoklame yon Bondye mirak, ki bay revelasyon e repann don ak siy moun ki kwè yo—mirak yo sispann poutèt enkredilite moun ki kwè yo ap resevwa siy—egzòtasyon pou lèzòm gen lasajès e respekte kòmandman yo. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, M ap pale tou konsènan moun ki pa kwè nan Kris yo.

2 Gade, èske n ap tann jistan jou Senyè a rive pou nou kwè—gade, lè Senyè a vini, wi, nan gwo jou sa a menm, lè a vlope ansanm tankou yon woulo, e materyo yo fonn anba gwo chalè; wi, nan gwo jou sa a lè nou prezante pou nou kanpe devan Ti Mouton Bondye a—lè sa a, èske n ap di pa gen Bondye?

3 Lè sa a, èske n ap kontinye nye Kris la, oubyen èske n ap kapab gade Ti Mouton Bondye a? Èske nou sipoze nou kapab rete avèk li, pandan nou koupab nan konsyans nou? Èske nou sipoze nou ta kapab kontan pou nou rete avèk Èt sen sa a, pandan nanm nou ap dechire anba yon konsyans plen remò poutèt nou te abize lalwa li yo?

4 Gade, m di nou, nou ta p pi mizerab si nou ta rete avèk yon Bondye ki Sen epi ki jis avèk konsyans konsènan salte nou devan l, tan pou nou ta rete avèk nanm kondane yo nan lanfè.

5 Paske, gade, lè nou vin wè nou toutouni devan Bondye, ak laglwa Bondye, ak Sentete Jezikri, sa ap limen yon flanm dife sou nou ki p ap janm etenn.

6 O nou menm enkredil ke nou ye, retounen jwenn Senyè a; kriye fò nan pye Papa a nan non Jezi, pou, petèt nou kapab vin san tach, pi, klè, e blan; pou san Ti Mouton an lave nou nan gwo dènye jou a.

7 Epi, yon fwa ankò, m ap pale avèk nou menm ki nye revelasyon Bondye yo, e ki di yo pase, pa gen revelasyon, ni pwofesi, ni don, ni gerizon, ni don lang, ni entèpretasyon lang;

8 Gade, m ap di nou, moun ki nye bagay sa yo, pa konnen levanjil Kris la; wi, li pa t li ekriti yo; si l te li yo, li pa konprann yo.

9 Paske, èske nou pa li Bondye se menm a yè, jodi a, epi pou tout tan, epi pa gen varyasyon nan li, ni okenn aparans chanjman.

10 Epi kounyeya, e si nan tèt pa nou, n ap imajine yon bondye ki varye, e ki gen menm aparans chanjman nan li, konsa, nan tèt pa nou, nou imajine yon bondye ki pa yon Bondye ki kapab fè mirak.

11 Men gade, m ap montre nou yon Bondye ki kapab fè mirak, Bondye Abraram, ak Bondye Jakòb ak Bondye Izarak la menm; e se menm Bondye sa a ki te kreye syèl la ak tè a ak tout bagay ki ladan yo.

12 Gade, li te kreye Adan, e avèk Adan lòm te vin tonbe. Epi poutèt lòm te tonbe Jezikri te vini, Papa a menm ak Pitit Gason an; e poutèt Jezikri, lòm te gen redanmsyon.

13 Epi poutèt redanmsyon lèzòm, ki te vini nan Jezikri, y ap retounen nan prezans Senyè a; wi, se nan fason sa a tout moun rachte, paske lanmò Kris la reyalize rezirèksyon an, ki reyalize yon redanmsyon anba yon somèy san fen; anba somèy sa a, pouvwa Bondye pral reveye tout moun lè twonpèt la sonnen; e yo pral leve, ni granmoun, ak timoun, e yo pral kanpe devan tribinal li a apre yo fin rachte, e apre yo fin demare anba kòd lanmò etènèl sa a, ki se lanmò tanporèl la.

14 Epi apre sa, jijman Nonm Sen an pral tonbe sou yo; e apre sa, lè a pral rive pou yon moun ki sal, rete sal; epi yon moun ki jis, pral rete jis; yon moun ki kontan, pral rete toujou kontan e yon moun ki pa kontan pral rete toujou pa kontan.

15 Epi kounyeya, tout moun ki te imajine nan tèt nou, yon bondye ki pa kapab fè mirak, m ap mande nou, èske tout bagay m te pale yo te pase? Èske fen an rive deja? Gade, m di nou, non; e Bondye se toujou yon Bondye ki konn fè mirak.

16 Gade, èske bagay Bondye te fè yo pa mèveye devan je nou? Wi, e kiyès ki kapab konprann zèv mèvèy Bondye yo?

17 Kiyès ki kapab di se pa t yon mirak pou pawòl li te kapab fè syèl la ak tè a egziste; e avèk pouvwa pawòl li, lèzòm te kreye avèk pousyè tè a; e avèk pouvwa pawòl li èske mirak pa t fèt?

18 Epi, kiyès ki kapab di Jezikri pa t fè anpil gwo mirak? e anpil mirak te fèt anba men apot yo.

19 Epi si mirak te konn fèt lè sa a, poukisa Bondye sispann pou l yon Bondye ki fè mirak, e an menm tan, pou l se yon Èt ki pa chanje? Epi gade, m ap di nou konsa, li pa chanje; si l te chanje, li pa ta p Bondye ankò; men li toujou Bondye, e li se yon Bondye ki kapab fè mirak.

20 Epi rezon ki fè l sispann fè mirak nan pami lèzòm se paske yo dejenere nan enkredilite, yo kite bon wout la, e yo pa konnen Bondye yo ta dwe fè konfyans la.

21 Gade, m ap di nou, nenpòt moun ki kwè nan Kris la, ki pa doute anyen, nenpòt sa li mande Papa a nan non Kris la, l ap resevwa l; e pwomès sa a se pou tout moun, menm jouk nan limit tè a.

22 Paske gade, Jezikri, Pitit Gason Bondye a te di disip li yo ki te gen pou yo pa t mouri yo, wi e tout disip li yo, pandan miltitid la ta p tande: Ale nan tout mond lan, epi preche tout kreyati a levanjil la;

23 Epi yon moun ki kwè epi ki batize, l ap sove, men yon moun ki pa kwè, l ap kondane;

24 Epi siy sa yo ap suiv moun ki kwè—y ap chase dyab yo nan non m; y ap pale langaj nouvo; y ap kapab kenbe sèpan; e si yo bwè nenpòt pwazon anyen p ap rive yo; y ap poze men yo sou moun ki malad e moun ki malad yo ap geri.

25 Epi nenpòt moun ki kwè nan non m, ki pa doute anyen, m ap konfime tout pawòl mwen yo pou li, jouk nan dènye bout tè a.

26 Epi kounyeya, gade, kiyès ki kapab kontrekare zèv Senyè a yo? Kiyès ki kapab nye pawòl li yo? Kiyès ki kapab leve kont pouvwa toupuisan Senyè a? Kiyès ki kapab meprize zèv Senyè a yo? Kiyès ki kapab meprize pitit Kris yo? Gade, nou menm ki meprize zèv Senyè a yo, paske n ap pèdi, e n ap peri.

27 O se poutèt sa, pa meprize, e pa pèdi, okontrè, koute pawòl Senyè a yo, e mande Papa a nenpòt sa nou bezwen nan non Jezi. Pa doute, men kwè, e kòmanse menm jan avèk nan tan lontan, e vin jwenn Senyè a avèk tout nou, e travay pou nou sove tèt pa nou avèk krentif, e tranble devan l.

28 Gen lasajès pandan jou eprèv nou yo; netwaye tèt nou anba tout salte; pa mande bagay pou nou gaspiye pandan nou gen anvi; men, mande avèk yon fèmte san brannen, pou nou kapab pa tonbe nan tantasyon; men, pou nou sèvi vrè Bondye a ki vivan an.

29 Atansyon pa batize si n pa diy; pa pran sentsèn Kris la si n pa diy; men fè tout bagay avèk diyite, e fè l nan non Jezikri, Pitit Gason Bondye vivan an; e si nou fè sa, e si nou reziste jiska lafen yo p ap rejte nou.

30 Gade, m ap pale nou kòmsi m nan pami mò yo; paske m konnen w pral resevwa pawòl mwen yo.

31 Pa kondane m poutèt enpèfeksyon m, ni papa m tou, poutèt enpèfeksyon l, ni moun ki te ekri anvan m yo tou; men okontrè bay Bondye remèsiman poutèt li te fè nou konnen enpèfeksyon nou pou nou kapab aprann vin pi saj pase jan nou te ye.

32 Epi kounyeya, gade, nou te ekri rejis sa a daprè konesans nou, nan karaktè yo rele nan pami nou Ejipsyen refòme, nou te eritye l e nou te chanje l daprè fason nou pale.

33 Epi si plak nou yo te ase laj, nou ta p ekri an Ebre; men, nou te chanje Ebre a tou; e si nou te kapab ekri Ebre a, gade, pa ta p gen enpèfeksyon nan rejis nou an.

34 Men Senyè a konnen bagay nou te ekri yo, epi tou pèsonn lòt pèp pa konnen lang nou an; e poutèt pèsonn lòt pèp pa konnen lang nou an, se poutèt sa l ap pare mwayen pou entèpretasyon lang nan.

35 Epi, bagay sa yo ekri pou nou kapab lave wòb nou anba san frè nou yo, ki te dejenere nan enkredilite.

36 Epi gade, se bagay sa yo nou vle pou frè nou yo, wi, pou konesans yo restore konsènan Kris la, e se va daprè priyè tout sen yo ki te rete nan peyi a.

37 Epi se pou Senyè a, Jezikri akòde pou priyè yo jwenn repons daprè lafwa yo; e se pou Papa Bondye sonje alyans li te fè avèk kay Izrayèl la; e se pou l beni yo pou tout tan, poutèt lafwa nan non Jezikri. Amèn.